22
Alò, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di: “Epi ou menm, fis a lòm, èske ou va jije, èske ou jije vil sanglan an? Alò, fè l konnen tout abominasyon li yo. Ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Yon vil k ap Éz 22:6-27vèsè san nan mitan li, pou tan pa li ka vini e fè zidòl ki kont enterè li, pou l ka vin souye! Ou te vin koupab pa san ke ou te vèse yo e vin souye pa zidòl ke ou te fè yo. Konsa, ou te mennen jou ou a vin pre e ou fin rive nan ane ou yo; akoz sa, Mwen te fè ou vin yon repwòch pou nasyon yo e yon vye rizib pou tout peyi yo. Sila ki pre ak sila ki lwen ou yo va moke ou, ou menm ak move repitasyon, plen És 22:2twoub.
“ ‘ “Gade byen, És 1:23chèf Israël yo, yo chak selon fòs pouvwa yo, te nan ou ak bi pou vèse san an. Yo te trete papa ak manman a la lejè pami ou Egz 22:21Etranje yo te oprime nan mitan ou; òfelen ak vèv yo te maltrete nan ou. Ou te meprize bagay sen Mwen yo e ou pwofane Éz 20:13-24Saba Mwen yo. Mesye medizan yo te anndan ou nan bi pou yo ta ka vèse san e nan ou, yo te manje nan lotèl mòn yo. Nan mitan ou, yo te Éz 23:29komèt zak ki tèlman lèd. 10 Nan ou, yo te Lev 18:8dekouvri nidite a papa yo; nan ou, yo te imilye fanm ki pa t pwòp akoz règ yo. 11 Youn te komèt abominasyon ak madanm a vwazen li e yon lòt, nan yon zak byen lèd, te Lev 18:15souye bèlfi li. Epi yon lòt, nan ou, te imilye sè li, pitit a papa li. 12 Nan ou, yo te Lev 19:13touche anba tab pou yo ta vèse san; ou te pran enterè ak pwofi, ou te fè donmaj a vwazen ou yo pou ou kab vin genyen nan fè opresyon e ou te bliye Mwen,” deklare Senyè BONDYE a.
13 “ ‘ “Alò, gade byen, Mwen frape men M nan pwofi malonèt ou ke ou te vin genyen nan vèse san moun ki pami ou. 14 Èske Éz 21:7kè ou kapab sipòte, oswa èske men ou kapab gen fòs nan jou ke Mwen va regle ou a? Mwen menm, SENYÈ a, te pale e Mwen va aji. 15 Mwen va gaye ou pami nasyon yo, Mwen va dispèse ou nan tout peyi yo e Mwen va Éz 23:27-48fè disparèt sa ki pa pwòp pami ou. 16 Ou va pwofane tèt ou devan zye a tout nasyon yo e ou va Sòm 83:18konnen ke Mwen se SENYÈ a.” ’ ”
17 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di: 18 “Fis a lòm, lakay Israël la te vin dechè pou Mwen; yo tout se Jr 6:23-30bwonz, fè blan, fè ak plon nan fou; yo se dechè ajan. 19 Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz nou tout te vin dechè; pou sa, gade byen, Mwen pral rasanble nou nan mitan Jérusalem. 20 Jan yo rasanble ajan, bwonz, fè, plon, ak fè blan nan És 1:25fou pou soufle dife sou li pou fann li; konsa, Mwen va rasanble nou nan mekontantman Mwen ak nan chalè kòlè Mwen e la, Mwen va depoze nou pou fann nou. 21 Mwen va rasanble nou pou soufle sou nou avèk dife kòlè Mwen e nou va vin fann nèt nan mitan li. 22 Tankou ajan fann nan founo, se konsa nou va fann nan mitan li; epi nou va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, te Éz 20:8-33vide chalè kòlè Mwen sou nou.’ ”
23 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di: 24 “Fis a lòm, di a fi a: ‘Ou se peyi ki És 9:13pa pwòp la, ki p ap gen lapli nan jou kòlè a.’ 25 Gen konplo a pwofèt nan mitan li yo, kon yon lyon voras k ap dechire bèt pou li manje. Yo fin devore lavi yo; yo te pran trezò presye ak tout bagay chè yo; yo te fè anpil vèv nan mitan li. 26 Prèt li yo te fè vyolans kont lalwa Mwen an e te pwofane bagay sen Mwen yo; yo pa t fè okenn Lev 10:10separasyon antre sa ki sen ak sa ki pwofàn, yo pa t ansegne distenksyon antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp; yo kache zye yo devan Saba Mwen yo e Mwen vin pwofane pami yo. 27 Prens ki anndan li yo tankou lou k ap dechire bèt pou yo manje, k ap vèse san e detwi Éz 22:25lavi pou fè benefis malonèt. 28 Pwofèt li yo blanchi tout bagay ak lacho pou yo, nan fè fo Jr 23:25-32vizyon ak divinasyon manti pou yo, divinasyon k ap di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a’, lè SENYÈ a pa t pale. 29 Pèp peyi a te pratike És 5:7opresyon ak vòl, yo te vòlè malere ak endijan yo e te oprime sila ki rete pami yo san jistis.
30 “Mwen te És 59:16chache pami yo yon nonm ki pou ta bati miray la e kanpe nan brèch la devan Mwen pou peyi a, pou M pa ta detwi li; men Mwen pa t jwenn pèsòn. 31 Pou sa, Mwen fin vide chalè a kòlè Mwen sou yo; Mwen te konsonmen yo nèt ak dife a chalè kòlè Mwen; Éz 7:3-9chemen yo, Mwen te desann li sou tèt yo,” deklare Senyè BONDYE a.

22:3 Éz 22:6-27

22:5 És 22:2

22:6 És 1:23

22:7 Egz 22:21

22:8 Éz 20:13-24

22:9 Éz 23:29

22:10 Lev 18:8

22:11 Lev 18:15

22:12 Lev 19:13

22:14 Éz 21:7

22:15 Éz 23:27-48

22:16 Sòm 83:18

22:18 Jr 6:23-30

22:20 És 1:25

22:22 Éz 20:8-33

22:24 És 9:13

22:26 Lev 10:10

22:27 Éz 22:25

22:28 Jr 23:25-32

22:29 És 5:7

22:30 És 59:16

22:31 Éz 7:3-9