7
Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di: Epi ou menm, fis a lòm, konsa pale Senyè BONDYE a, konsa pale Senyè BONDYE a peyi Israël la, Éz 7:3-6Lafen! Lafen ap pwoche sou kat kwen peyi a. Se koulye a, lafen an sou ou e Mwen va voye kòlè Mwen kont ou; Mwen va jije ou selon zèv ou e mennen tout abominasyon ou yo sou ou. Paske zye M p ap gen pitye pou ou, ni Mwen p ap ralanti pou ou, men Mwen va Éz 11:21mennen chemen ou yo rive sou ou, abominasyon ou yo pami ou e ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a!
“Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Yon gwo II Wa 21:12-13dezas, yon dezas san parèy, gade byen, k ap vini. Lafen an ap vini; lafen an gen tan rive! Li te Za 13:7leve kont ou; gade byen, li fin rive! Move lè ou a fin rive, O moun peyi a. Lè a rive, És 22:5jou toupre—gwo zen olye de lajwa ap kriye sou mòn yo. Koulye a, nan yon ti tan, Mwen va vide kòlè Mwen sou ou e pase kòlè Mwen kont ou; pou Éz 7:3jije ou selon tout chemen ou yo e mennen sou ou tout abominasyon ou yo. Zye m p ap montre okenn pitye, ni Mwen p ap ralanti. Mwen va rekonpanse ou selon chemen ou yo pandan abominasyon ou yo pami nou; epi ou va konnen ke se Mwen, SENYÈ a, ki fè frap la.
10 “ ‘Gade byen, jou a! Gade byen, l ap vini! Move lè ou a deja parèt; Sòm 89:32baton an fin boujonnen, ògèy la fin fleri. 11 Vyolans fin grandi pou vin yon baton Sòm 73:8mechanste. Okenn nan yo p ap rete, okenn nan moun yo, okenn nan richès yo, ni okenn bagay ki gen gwo valè pami yo. 12 Lè a fin rive, jou a rive. Pa kite moun k ap achte a rejwi, ni moun k ap vann nan soufri, paske És 5:13-14gwo chalè a kont tout foul moun yo. 13 Anverite, moun k ap vann nan p ap Lev 25:24-31jwenn sa li te vann nan pandan tout tan ke yo toulède va viv la; paske vizyon konsènan tout foul moun yo p ap detounen, ni okenn nan yo p ap ka pwolonje lavi yo pa inikite yo. 14 Yo te Nonb 10:9soufle twonpèt la e te fè tout bagay vin prè, men pèsòn pa prale nan batay la, paske gwo kòlè Mwen an kont tout foul moun yo.
15  Jr 14:18“ ‘Nepe a deyò e epidemi ak gwo grangou a anndan. Sila ki nan chan an va mouri pa nepe; gwo grangou ak epidemi va, anplis, manje sila anndan vil yo. 16 Menm lè sila ki chape yo rive deyò, yo va sou mòn yo tankou És 38:14toutrèl nan vale yo, yo tout ap kriye, yo chak pou pwòp inikite yo. 17  És 13:7Tout men yo va lage vid e tout jenou yo va vin kon dlo. 18 Yo va És 15:3abiye yo menm ak twal sak e lafyèv frison va boulvèse yo; epi lawont va sou tout figi yo e tout tèt yo va chòv. 19 Yo va jete Pwov 11:4ajan yo nan lari e lò yo va vin yon bagay repinyans; lajan ak lò yo p ap kapab delivre yo nan jou gwo chalè SENYÈ a. Yo p ap ka satisfè apeti yo, ni yo p ap kapab plen vant yo, paske inikite yo te vin yon okazyon pou fè yo chite. 20 Yo te transfòme bote a òneman pa Li yo pou vin ògèy e Jr 7:30yo te fè imaj a abominasyon yo ak bagay detestab yo avè l; pou sa, Mwen va fè l vin yon bagay abominab pou yo menm. 21 Mwen va bay li nan men II Wa 24:13etranje yo kon piyaj, nan men mechan sou latè yo kon donmaj e yo va pwofane li nèt. 22 Anplis, Mwen va vire Jr 18:17figi Mwen lwen yo e yo va pwofane plas sekrè Mwen an; answit, vòlè yo va antre pwofane li.
23 “ ‘Fè chèn nan, paske peyi a plen ak Éz 9:9krim sanglan e vil la plen ak vyolans. 24 Akoz sa, Mwen va mennen fè vini sila ki pi mal nan tout nasyon yo e se yo k ap posede lakay yo. Mwen va, anplis, fè ògèy a sila ki pwisan yo sispann e lye sen yo va vin degrade. 25 Lè gwo doulè a rive, yo va chache Éz 13:10-16lapè, men p ap genyen menm. 26  És 47:11Gwo dega va rive sou gwo dega e gwo koze sou gwo koze; epi konsa, yo va chache yon vizyon soti nan yon pwofèt, men lalwa va fin pèdi nan men prèt la e konsèy va vin pèdi nan men ansyen yo. 27 Wa a va fè dèy, prens lan va Job 8:22abiye ak degoutans e men a pèp peyi a va pran tranble. Selon kondwit yo, Mwen va aji avèk yo e selon jijman yo, Mwen va jije yo. Epi yo va konnen ke se Mwen ki SENYÈ a.’ ”

7:2 Éz 7:3-6

7:4 Éz 11:21

7:5 II Wa 21:12-13

7:6 Za 13:7

7:7 És 22:5

7:8 Éz 7:3

7:10 Sòm 89:32

7:11 Sòm 73:8

7:12 És 5:13-14

7:13 Lev 25:24-31

7:14 Nonb 10:9

7:15 Jr 14:18

7:16 És 38:14

7:17 És 13:7

7:18 És 15:3

7:19 Pwov 11:4

7:20 Jr 7:30

7:21 II Wa 24:13

7:22 Jr 18:17

7:23 Éz 9:9

7:25 Éz 13:10-16

7:26 És 47:11

7:27 Job 8:22