18
Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a ki te di: “Leve Jr 19:1-2desann lakay mèt krich la, e la Mwen va anonse pawòl Mwen yo a ou menm.”
Konsa, mwen te desann lakay mèt krich la. E gade byen, li t ap fè yon bagay sou wou a. Men veso ke li t ap fè ak ajil la te gate nan men mèt krich la. Pou sa, li te refòme l fè yon lòt veso jan sa te fè l plezi fè a.
Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: Èske Mwen pa kabab, O lakay Israël, aji avèk ou menm jan mèt krich la konn fè a? deklare SENYÈ a. Gade byen, tankou És 45:9ajil la nan men mèt krich la a, se konsa ou ye nan men Mwen, O lakay Israël. Nan yon moman, Mwen ka pale konsa konsènan yon nasyon, oswa konsènan yon wayòm pou Jr 1:10dechouke li, pou jete li atè, oswa pou detwi li. Men si nasyon sa a ke Mwen te pale a, vin kite mechanste li a, Mwen va vin Sòm 106:45repanti konsènan gwo twoub ke m te gen entansyon fè rive l la. Oswa, nan yon lòt moman, Mwen ka pale konsènan yon nasyon, oswa konsènan yon wayòm pou Jr 1:10bati li, oswa pou etabli li. 10 Men si li fè mal nan zye M e pa obeyi vwa M, alò, Mwen va I Sam 2:30repanti de byen nan ke M te fè pwomès fè yo.
11 “Alò, pou sa, pale ak mesye Juda yo, ak moun ki rete Jérusalem yo. Di yo: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen ap prepare gwo malè kont nou, e Mwen ap fòme yon plan kont nou. II Wa 17:3Vire fè bak, nou chak, soti nan wout mechan li, e korije de zak nou yo.” ’ 12 Men yo va di: ‘Sa pa ka fèt! Paske nou ap swiv pwòp plan pa nou, e nou chak va aji selon pwòp panse a Det 29:19kè di nou.’
13 Akoz sa a, pale SENYÈ a:
“Mande, koulye a, pami nasyon yo;
se kilès ki konn tande yon koze konsa?
Jr 14:7Vyèj Israël la te fè yon bagay pi lèd pase tout bagay.
14 Èske lanèj Liban konn fè fayit
pou l pa kite wòch chan an a?
Oswa èske dlo frèt ki koule soti depi lwen
va vin sèch?
15 Paske pèp Mwen an fin bliye Mwen.
És 65:7Yo brile lansan bay dye ki san valè yo.
Yo chape tonbe kite chemen yo,
soti nan chemen ansyen yo, pou mache nan vye ti wout,
men pa sou gran chemen an.
16 Y ap fè peyi nou vin yon Jr 25:9dega,
yon objè moun ap sifle.
Tout sila ki pase ladann va etone pou sa
e va souke tèt yo.
17 Tankou van lès, Mwen va Job 27:21gaye yo nèt devan lènmi an,
Nan jou kalamite yo, Mwen va ba yo do m.
Yo p ap wè figi M.
18 Konsa yo te di: “Vini! Annou Jr 11:19fè konplo kont Jérémie! Anverite, lalwa a p ap pral pèdi de prèt la, ni konsèy a saj yo, ni pawòl sen a pwofèt la! Vini, annou frape li ak kout lang, e pa okipe okenn nan pawòl li yo.”
19 Koute mwen, SENYÈ e,
koute sa ke lènmi m yo ap di!
20  Sòm 109:4Èske se ak mal ke yon moun dwe rekonpanse pou sa ki bon?
Paske se yon fòs yo fin fouye pou mwen.
Sonje kijan mwen te kanpe devan Ou,
pou pale sa ki bon pou yo menm,
pou m ta ka fè kòlè Ou vire kite yo.
21 Pou sa, Sòm 109:9livre pitit yo a gwo grangou
e livre yo anba pouvwa nepe a.
Kite madanm pa yo rete san pitit e vèv.
Kite mesye yo tou vin frape a lanmò;
e jennonm yo vin frape ak nepe nan batay la.
22 Pou yon gwo kri ka tande soti lakay yo
Jr 18:20lè sibitman, Ou mennen rive yon bann piyajè sou yo;
paske yo te fouye yon fòs pou pran mwen,
e te kache pèlen pou pye m.
23 Malgre sa, Ou menm, O SENYÈ, Ou konnen tout
manèv mòtèl yo kont mwen yo.
Né 4:5Pa padone inikite pa yo, ni efase peche yo devan zye Ou.
Men kite yo boulvèse nèt jis yo jete nèt devan Ou.
Aji avèk yo nan lè kòlè Ou a!

18:2 Jr 19:1-2

18:6 És 45:9

18:7 Jr 1:10

18:8 Sòm 106:45

18:9 Jr 1:10

18:10 I Sam 2:30

18:11 II Wa 17:3

18:12 Det 29:19

18:13 Jr 14:7

18:15 És 65:7

18:16 Jr 25:9

18:17 Job 27:21

18:18 Jr 11:19

18:20 Sòm 109:4

18:21 Sòm 109:9

18:22 Jr 18:20

18:23 Né 4:5