17
Nan douzyèm ane Achaz, wa Juda a, II Wa 15:30Osée, fis a Éla a te vin wa sou Israël nan Samarie, e li te renye pandan nèf ane. Li te fè mal nan zye SENYÈ a, men pa tankou wa Israël ki te avan li yo. Salmanasar, wa Assyrie a, te monte kont li, Os 10:14Osée te devni sèvitè li e te peye li taks obligatwa. Men wa Assyrie a te jwenn konplo nan Osée, ki te konn voye mesaje kote So, wa Égypte la, e li pa t prezante taks a wa Assyrie a jan li te konn fè ane pa ane a. Pou koz sa a, wa Assyrie a te fèmen li nan prizon byen mare. Epi wa Assyrie te fè envazyon tout peyi a e li te monte Os 13:16Samarie pou te fè syèj li pandan twazan. Nan nevyèm ane Osée a, wa Assyrie a te kaptire Samarie, li te pote pèp Israël la an egzil nan Assyrie, e li te II Wa 18:11fè yo rete Chalach avèk Chabor sou rivyè És 37:12Gozan an ak nan vil a Medi yo.
Alò, Jos 23:16sa te vin rive akoz fis Israël yo te peche kont SENYÈ pa yo a ki te mennen fè yo sòti nan peyi Égypte la anba men Farawon, wa Égypte la. Jij 6:10Yo te gen lakrent lòt dye yo, epi yo te mache selon koutim a lòt nasyon yo ke SENYÈ a te chase mete deyò devan fis Israël yo nan movèz abitid ke wa Israël yo te etabli yo. Fis Israël yo te fè bagay an sekrè ki pa t bon kont SENYÈ a, Bondye pa yo a. Anplis, yo te bati pou kont yo wo plas nan tout vil pa yo soti nan II Wa 18:8fò kay gad yo jis rive nan vil fòtifye yo. 10  Egz 34:12-14Yo te plase pou kont yo pilye sakre yo avèk poto Astarté yo sou chak ti mòn e anba chak pyebwa vèt, 11 epi la, yo te brile lansan sou tout wo plas yo jis jan nasyon ke SENYÈ a te pote fè ale an egzil yo te konn fè avan yo. Yo te fè bagay mal ki te pwovoke SENYÈ a. 12 Yo te sèvi zidòl, Egz 20:4selon sila SENYÈ a te di yo: “Ou pa pou fè bagay sa a.” 13 Sepandan, SENYÈ a te avèti Israël avèk Juda II Wa 17:23pa tout pwofèt Li yo ak tout konseye Li. Li te di: “Vire kite move wout sa yo e kenbe kòmandman Mwen yo, règleman Mwen yo, selon tout lalwa a avèk sila Mwen te kòmande zansèt nou yo e ke m te voye bannou pa sèvitè Mwen yo, pwofèt yo.” 14 Sepandan, yo pa t koute, men yo te Egz 32:9fè tèt di tankou zansèt pa yo, ki pa t kwè nan SENYÈ a, Bondye pa yo a. 15 Yo te rejte règleman pa Li yo avèk akò ke Li te fè avèk zansèt pa yo avèk avètisman sa yo, avèk sila li te avèti yo. Epi Det 32:21yo te swiv foli yo, e yo te vin plen ògèy. Yo te kouri apre nasyon ki te antoure yo, selon sila SENYÈ a te kòmande yo pa fè tankou yo. 16 Yo te bliye nèt tout kòmandman a SENYÈ a, Bondye pa yo a e yo te fè pou kont yo imaj fonn a ti bèf yo menm, te fè yon Astarté, yo te Det 4:19adore tout lame selès la e yo te I Wa 16:31sèvi Baal. 17 Konsa, yo te fè fis avèk fi pa yo pase nan dife, yo te Lev 19:26pratike divinasyon avèk Wanga e yo te vann pwòp tèt yo pou fè mal nan zye SENYÈ a e pwovoke Li. 18 Pou sa, SENYÈ a te byen fache avèk Israël e Li te II Wa 17:6retire yo devan zye Li. Okenn moun pa t rete sof tribi Juda a.
19 Anplis, I Wa 14:22-23Juda pa t kenbe kòmandman SENYÈ a, Bondye pa yo a, men te mache nan koutim ke Israël te etabli yo. 20 SENYÈ a te rejte tout desandan a Israël yo. Li te aflije yo e Li te II Wa 15:29livre yo nan men a piyajè jiskaske Li te jete yo deyò vizaj Li. 21  I Wa 11:11-31Li te fin chire Israël fè l sòti lakay David la, yo te fè Jéroboam, fis Nebath la, wa. Epi I Wa 12:28-33Jéroboam te bourade kondwi Israël pou l pa swiv SENYÈ a e li te fè yo fè yon gwo peche. 22 Fis a Israël yo te mache nan tout peche ke Jéroboam te fè yo. Yo pa t kite yo 23 jiskaske SENYÈ a te retire Israël soti devan vizaj Li, jan Li te pale pa tout sèvitè Li yo, pwofèt yo. Konsa, Israël te pote lwen an egzil soti nan pwòp peyi pa yo pou Assyrie jis rive jou sa a.
24  Esd 4:2-10Wa a Assyrie a te mennen moun soti Babylone, Cutha, ak Avva pou Hamath, ak Sepharvaïm, e li te etabli yo nan vil Samarie yo pou ranplase fis Israël yo. Konsa, yo te posede Samarie e yo te viv nan vil pa li yo. 25 Lè yo te kòmanse viv la, yo II Wa 17:32-41pa t gen lakrent SENYÈ a. Pou sa, SENYÈ a te voye lyon pami yo ki te touye kèk nan yo. 26 Akoz sa, yo te pale avèk wa Assyrie. Yo te di li: “Nasyon sa yo ke ou te pote ale an egzil nan lavil Samarie yo pa konnen koutim a dye nan peyi a. Pou sa, li te voye lyon pami yo, e tande byen, yo touye yo akoz yo pa konnen koutim a dye nan peyi a.”
27 Alò, wa Assyrie a te fè kòmand e te di: “Mennen la youn nan prèt ke ou te pote an egzil yo e kite li ale viv la. Epi kite li enstwi yo koutim a dye peyi a.”
28 Konsa, youn nan prèt ke yo te pote ale an egzil soti Samarie yo te vin viv Béthel, e li te enstwi yo jan yo te dwe gen lakrent SENYÈ a.
29 Men chak nasyon te toujou fè dye pa li e te mete yo I Wa 12:31lakay yo sou wo plas ke pèp Samarie a te konn fè yo, chak nasyon nan vil pa yo kote yo te viv la. 30  II Wa 17:24Moun Babylone yo te fè Succoth-Benoth, moun Cuth yo te fè Nergal e moun Hamath yo te fè Aschima. 31 Moun Avva yo te fè Nibchaz avèk Tharthak; sila nan II Wa 17:17Sepharvaïm yo te brile pitit pa yo nan dife pou onore II Wa 19:37Adrammélec avèk Anamélec, dye a Sepharvaïm yo. 32 Yo te gen lakrent osi a SENYÈ a, e yo te I Wa 12:31chwazi pami yo menm prèt a wo plas yo, ki te aji pou yo nan kay wo plas yo. 33 Yo te krent SENYÈ a e osi, yo te sèvi dye pa yo selon koutim a nasyon pami sila yo te pote ale an egzil yo. 34 Jis rive jou sa a, yo fè selon ansyen koutim yo: yo pa krent SENYÈ a, ni yo pa swiv règleman pa Li yo ni òdonans, ni lalwa a, ni kòmandman ke SENYÈ a te kòmande fis a Jacob yo, Jen 32:28ke li te bay non Israël yo; 35 avèk sila SENYÈ a te fè yon akò. Li te kòmande yo e te di: Jij 6:10“Nou p ap gen krent lòt dye yo, ni bese nou menm ba devan yo, ni sèvi yo ni fè sakrifis a yo. 36 Men SENYÈ a, Egz 14:15-30ki te mennen nou monte soti nan peyi Égypte la avèk gran pouvwa e avèk yon bra lonje, a Lev 19:32Li menm nou va gen krent. A Li menm, nou va bese ba e a Li menm, nou va fè sakrifis. 37 Règleman avèk òdonans avèk lalwa ak kòmandman ke Li te ekri pou nou yo, Det 5:32nou va obsève pou fè yo jis pou tout tan. Nou p ap fè lakrent lòt dye yo. 38 Akò ke m te fè avèk nou an, Det 4:23nou p ap bliye li, ni nou p ap gen lakrent lòt dye yo. 39 Men SENYÈ a, Bondye nou an, nou va krent Li. Epi Li va delivre nou soti nan men a tout lènmi pa nou yo.”
40 Sepandan, yo pa t tande; men yo te fè selon abitid pa yo. 41  So 1:5Pou sa, malgre nasyon sila yo te gen lakrent SENYÈ a, yo osi te sèvi zidòl pa yo. Pitit pa yo tou ak pitit pitit pa yo, jis jan ke zansèt pa yo te konn fè; konsa, yo fè jis rive jodi a.

17:1 II Wa 15:30

17:3 Os 10:14

17:5 Os 13:16

17:6 II Wa 18:11

17:6 És 37:12

17:7 Jos 23:16

17:7 Jij 6:10

17:9 II Wa 18:8

17:10 Egz 34:12-14

17:12 Egz 20:4

17:13 II Wa 17:23

17:14 Egz 32:9

17:15 Det 32:21

17:16 Det 4:19

17:16 I Wa 16:31

17:17 Lev 19:26

17:18 II Wa 17:6

17:19 I Wa 14:22-23

17:20 II Wa 15:29

17:21 I Wa 11:11-31

17:21 I Wa 12:28-33

17:24 Esd 4:2-10

17:25 II Wa 17:32-41

17:29 I Wa 12:31

17:30 II Wa 17:24

17:31 II Wa 17:17

17:31 II Wa 19:37

17:32 I Wa 12:31

17:34 Jen 32:28

17:35 Jij 6:10

17:36 Egz 14:15-30

17:36 Lev 19:32

17:37 Det 5:32

17:38 Det 4:23

17:41 So 1:5