SOPHONIE
1
1 Pawòl SENYÈ a ki te vini a Sophonie, fis a Cuschi a, fis a Guedalia, fis a Amaria, fis a Ézéchias, nan tan Josias, fis a Amon an, wa a Juda a.
2 “Mwen va retire tout bagay nèt sou fas tè a”, deklare SENYÈ a.✡ Jen 6:7 3 Mwen va retire ni ✡ És 6:11,12lòm, ni bèt; Mwen va retire ✡ Jr 4:25 zwazo syèl yo ak pwason lanmè yo e Mwen va tounen yon wòch pou fè moun tonbe avèk mechan yo; mwen va koupe retire lòm soti sou fas tè a, deklare SENYÈ a. 4 Epi Mwen va lonje men M kont Juda e kont tout sila ki rete Jérusalem yo. Mwen va ✡ Mi 5:13koupe retire retay a Baal la nan plas sa a ak non a tout ✡ II Wa 23:5 prèt zidòl yo, 5 epi sila ki adore ✡ II Wa 23:12 twati kay lame syèl yo, sila ki adore yo ki fè sèman pa SENYÈ a e ki an menm tan, fè sèman pa ✡ I Wa 11:5,23Milcom tou, 6 Epi sila ki te ✡ És 1:4vire fè bak pou yo pa swiv SENYÈ yo ak sila ki ✡ És 9:13 pa t ni chache ni mande pou SENYÈ a.”
7 ✡ Hab 2:20Fè silans devan Senyè BONDYE a! Paske ✡ So 1:14 jou SENYÈ a pre rive, paske Bondye te prepare yon sakrifis; Li te konsakre envite Li yo. 8 Li va vin rive nan jou a sakrifis SENYÈ a, ke mwen va ✡ És 24:21pini prens yo, fis a wa yo ak tout sila ki abiye ak ✡ És 2:6 vètman etranje yo. 9 Epi Mwen va pini nan jou sa a tout sila ki sote anlè papòt tanp yo, ki plen kay mèt yo ak vyolans ak desepsyon.✡ Jr 5:27
10 Nan jou sa a, deklare SENYÈ a, va gen son a yon gwo kri soti nan ✡ II Kwo 33:14Pòtay Pwason an, yon kri: “Anmwey” soti nan ✡ II Kwo 34:22 dezyèm katye a ak yon gwo bri eklatman soti nan kolin yo. 11 Rele: “Anmwey!”, O nou menm k ap viv Macthesch. Paske tout pèp ✡ So 2:5 Canaran an va pe bouch yo nèt; tout sila ki chaje avèk ajan yo va vin koupe retire nèt. 12 Li va vin rive nan lè sa a ke Mwen va chache tout Jérusalem ak lanp, e mwen va pini moun ki ✡ Jr 48:11deside sou lespri yo, k ap di nan kè yo: “SENYÈ a ✡ Éz 8:12 p ap fè ni byen, ni mal!” 13 Anplis, richès yo va tounen piyaj e lakay yo va vin devaste; wi, yo va ✡ Am 5:11 bati kay, men yo p ap rete ladan yo. Yo va plante chan rezen, men yo p ap bwè diven yo.
14 Pre rive se ✡ Jr 30:7gran ✡ Éz 7:7-12 jou a SENYÈ a, pre rive e l ap pwoche byen vit; menm koute vwa jou a SENYÈ a! Nan jou sa a, gèrye a va kriye amè. 15 Jou sa a se yon jou kòlè ak chalè, yon jou ✡ És 22:5gwo twoub ak rele anmwey, yon jou destriksyon ak dezolasyon, yon jou ✡ Jl 2:2,31 tenèb ak dekourajman, youn jou nwaj yo ak gwo fènwa a. 16 Yon jou ✡ És 27:13 twonpèt ak kri batay kont vil fòtifye yo, e kont gwo ranpa yo. 17 Mwen va mennen ✡ Jr 10:18gwo pwoblèm sou lezòm, pou yo vin mache ✡ Det 28:29 tankou moun avèg, akoz yo te peche kont SENYÈ a; epi san yo va vide tankou pousyè e chè yo kon fimye bèt. 18 Ni ✡ Éz 7:19ajan yo, ni lò yo p ap kapab delivre yo nan jou jijman an; men ✡ So 3:8 tout latè va vin devore nèt pa dife jalouzi Li, paske Li va mete yon fen, yon fen ki tèrib, a tout moun ki rete sou tè a.