3
1 Yon priyè Habacuc, pwofèt la, selon fòm Sigonoth la.
2 SENYÈ, mwen te tande yon rapò sou Ou menm
e mwen kanpe etonnen nèt.
O SENYÈ, fè zèv ou yo leve ankò nan mitan ane yo;
Fè yo vin koni nan mitan ane yo;
Nan chalè kòlè, Ou sonje mizerikòd.✡ Sòm 71:20; Hab 1:5
3 Bondye soti nan Théman
e Sila ki Sen an soti nan Mòn ✡ Jr 49:7; Jen 21:21 Paran.
Bèlte Li kouvri syèl la,
e tè a vin plen ak lwanj Li.
4 ✡ Sòm 18:12Ekla Li tankou reyon solèy la;
li gen tras klate limyè ki soti nan men L e
nanpwen anyen ki kache de ✡ Job 26:14 pouvwa Li.
5 Devan Li, tout kalite touman mache e
se dèyè Li epidemi a vini.✡ Egz 12:29-30
6 Li te kanpe pou te veye latè;
li te gade e nasyon yo te ✡ Job 21:18; Hab 1:12etone.
Wi, mòn etènèl yo te vin detwi, ansyen
kolin yo te vin efondre.
Chemen li yo ap dire jis pou tout tan.
7 Mwen te wè tant a Cush yo ✡ Egz 15:14-16te anba detrès;
rido tant a Madian yo t ap tranble.
8 Èske SENYÈ a te gen raj kont rivyè yo,
oswa, èske kòlè Ou te kont rivyè yo
oswa, èske kòlè Ou te kont lanmè a,
ki fè Ou te monte sou cheval Ou yo,
sou cha delivrans Ou yo?✡ Egz 7:19,20; Egz 14:16,21
9 Ou te rale banza a soti nan kouvèti l; flèch
chatiman yo te sèmante. Selah.
Ou te fann tè a ak rivyè yo✡ Sòm 78:16
10 Mòn yo te wè Ou e yo te tranble;
flèv dlo yo te baleye.
Pwofondè a te ✡ Sòm 93:3pouse vwa l e te leve
men l anlè.
11 ✡ Jos 10:12-14Solèy la ak lalin nan te kanpe nan plas yo;
yo te disparèt nan eklè flèch Ou yo,
nan ekla ki sòti nan lans Ou yo.
12 Nan gwo kòlè Ou, Ou te ✡ Sòm 68:7mache travèse tè a;
nan kòlè Ou, Ou te ✡ És 41:15 foule mache sou nasyon yo.
13 Ou te ale pou ✡ Egz 15:2delivrans a pèp Ou a,
pou delivre pèp onksyon Ou an.
Ou te frape tèt kay mechan an,
pou ekspoze li sòti depi nan kwis li pou rive
nan kou l. Selah.
14 Ou te frennen ak pwòp nepe li yo, tèt
a foul li yo.
Yo te antre kon toubiyon pou gaye nou;
ak gwo lajwa yo te tankou sila ki devore
malere an sekrè yo.✡ Dan 11:40; Sòm 10:8
15 Ou te ✡ Sòm 77:19foule mache sou lanmè a ak cheval Ou yo, sou
lam lanmè a anpil dlo yo.
16 Mwen te tande e zantray mwen te tranble;
nan son an lèv mwen te vin tranble,
zo m yo te vin manje,
e sou plas, mwen menm te tranble.
Paske byen poze ✡ Luc 21:19mwen oblije tann
jou detrès la,
pou pèp la leve pou vin anvayi nou.
17 Menmsi ✡ Jl 1:10-12pye fig la pa ta fleri,
ni pa gen fwi sou branch rezen yo,
Menmsi donn oliv la ta vin sispann,
e chan yo pa ta pwodwi manje,
menmsi bann mouton an ta koupe
separe de Pak mouton an,
menmsi pa ta gen bèf nan pak bèf la,
18 mwen va toujou egzalte nan SENYÈ a,
mwen va rejwi nan ✡ Sòm 25:5Bondye.
Mwen va ranpli ak jwa
akoz delivrans mwen an.
19 Senyè BONDYE mwen an se ✡ Sòm 18:32,33fòs mwen,
Li te fè pye mwen vin tankou pye sèf;
Li te fè mwen mache sou wo plas mwen yo.
Pou direktè koral la, sou enstriman a kòd yo.