71
Sòm 25:2-3 Nan Ou, O SENYÈ, mwen te pran refij.
Pa janm kite mwen vin wont.
Sòm 31:1 Nan ladwati Ou, delivre mwen
e fè m sekou.
Panche zòrèy Ou bò kote m
e sove mwen.
Devni pou mwen wòch abitasyon
mwen an,
kote mwen kab vini tout tan.
Ou te pase lòd pou sove mwen, paske
Ou se Sòm 18:2wòch mwen ak sitadèl mwen.
Sòm 140:1-4 Delivre mwen, O Bondye mwen,
nan men a mechan yo,
Fè m sòti nan ponyèt a malfektè a
ak san pitye a,
Paske Ou se espwa m, O SENYÈ Bondye,
Ou se Sòm 22:9 konfyans mwen soti nan jenès mwen.
Pa Ou menm, mwen te twouve Sòm 22:10 soutyen
depi lè m te fèt.
Se Ou menm ki te retire mwen
nan vant manman m.
Tout tan se Ou menm ke m louwe.
Mwen parèt kon yon És 8:18 mèvèy
pou anpil moun,
men se Ou ki fò refij mwen.
Bouch mwen plen avèk lwanj Ou
ak Sòm 96:6 glwa Ou tout lajounen.
Pa jete mwen akote
nan Sòm 71:18 tan vyeyès mwen.
Pa abandone mwen lè fòs mwen vin febli.
10 Paske Lènmi m yo te pale kont mwen.
Sila k ap veye pou pran lavi m yo
Sòm 31:13 ap pran konsèy ansanm,
11 Y ap di: Sòm 3:2 “Bondye fin abandone li.
Annou kouri dèyè l, e sezi li. Paske
nanpwen moun ki pou delivre l.”
12 O Bondye, Sòm 10:1 pa rete lwen mwen.
O Bondye m, fè vit a sekou mwen!
13 Kite sila ki advèsè a nanm mwen yo
vin wont e manje nèt.
Kite yo kouvri avèk repwòch ak dezonè
k ap Est 9:2chache blese mwen.
14 Men pou mwen, mwen va kenbe espwa m
pou tout tan.
Mwen va Sòm 71:8bay Ou lwanj plis toujou.
15 Bouch mwen va pale ladwati Ou,
ak sali Ou tout lajounen,
menmsi mwen Sòm 40:5pa kab fin konnen
fòs valè tout jou sa yo.
16 Mwen va vini ak zèv pwisan
SENYÈ Bondye a.
Mwen va Sòm 51:14pale ladwati Ou,
sèl de Ou menm.
17 O Bondye, Ou Det 4:5 te enstwi mwen depi
jenès mwen e jiska prezan,
Mwen toujou deklare mèvèy Ou yo.
18 Wi, menm lè m vye ak cheve blanch,
O Bondye, pa abandone m, jiskaske
mwen fin Sòm 22:31deklare fòs Ou
a jenerasyon sila a,
ak pwisans Ou a tout sila k ap vini yo.
19 Paske ladwati Ou, O Bondye,
rive jis nan syèl yo.
Ou menm ki te fè gwo bagay yo,
O Bondye, se Det 3:24kilès ki tankou Ou menm?
20 Ou menm ki te fè m wè
anpil twoub ak gwo pwoblèm,
va fè m leve ankò e va mennen mwen
monte soti nan Sòm 86:13fon tè yo.
21 Ke Ou fè grandè mwen vin plis e
vire ban m konsolasyon
22 Anplis, mwen va louwe Ou avèk ap la
pou fidelite Ou, O Bondye mwen.
A Ou menm, mwen va chante lwanj avèk gita,
O II Wa 19:22Sila Ki Sen an Israël la.
23 Lèv mwen va rele ak jwa lè mwen
chante lwanj a Ou menm
pou Sòm 34:22 nanm mwen ke Ou te rachte a.
24 Lang mwen, anplis, va pale ladwati
Ou tout lajounen.
Paske yo wont, yo imilye.
sila ki te chache fè m mal yo.

71:1 Sòm 25:2-3

71:2 Sòm 31:1

71:3 Sòm 18:2

71:4 Sòm 140:1-4

71:5 Sòm 22:9

71:6 Sòm 22:10

71:7 És 8:18

71:8 Sòm 96:6

71:9 Sòm 71:18

71:10 Sòm 31:13

71:11 Sòm 3:2

71:12 Sòm 10:1

71:13 Est 9:2

71:14 Sòm 71:8

71:15 Sòm 40:5

71:16 Sòm 51:14

71:17 Det 4:5

71:18 Sòm 22:31

71:19 Det 3:24

71:20 Sòm 86:13

71:22 II Wa 19:22

71:23 Sòm 34:22