140
Pou direktè koral la; Yon Sòm David
Sòm 17:13Delivre m, O SENYÈ, de moun mechan yo.
Delivre m de moun vyolan yo:
ka p Sòm 7:14 fè manèv mechan nan kè yo.
Tout tan, y ap fè pwovokasyon pou fè lagè.
Yo file lang yo tankou koulèv.
Sòm 58:4Pwazon a sèpan mòtèl la anba lèv yo.
Tan
Kenbe m, O SENYÈ, de men moun mechan yo.
Pwoteje m de moun vyolan ki te Sòm 36:11 fè plan pou pye m yo ta tonbe yo.
Ògeye yo fin ranje yon pèlen pou mwen.
Avèk kòd, yo te ouvri yon pèlen bò wout la.
Yo fin plase yon Sòm 141:9pyèj pou mwen.
Tan
Mwen te di a SENYÈ a: “Se Ou ki Bondye mwen.”
Bay zòrèy, O SENYÈ, a vwa a siplikasyon mwen yo.
O BONDYE Senyè a, fòs a sali mwen an,
Ou te Sòm 144:10kouvri tèt mwen nan jou batay la.
Pa akonpli, O SENYÈ, dezi a mechan an.
Pa pèmèt manèv mechan li yo, pou l pa vin leve wo.
Tan
Epi pou chèf an tèt a sila ki antoure mwen yo,
pou Sòm 7:16malveyans a pwòp lèv yo kapab vin kouvri yo.
10 Kite Sòm 11:6chabon tou limen vin tonbe sou yo.
Kite yo jete nan dife,
nan fòs fon kote yo p ap kab leve sòti.
11 Sila ki bay kout lang yo pap vin etabli sou latè.
Sòm 24:2-10Mal la va kouri vit dèyè moun vyolans lan.
12 Mwen konnen ke SENYÈ a va bay soutyen a aflije yo,
e fè Sòm 12:5jistis pou malere a.
13 Anverite, moun dwat yo va bay remèsiman a non Ou.
Epi moun dwat yo va abite nan prezans Ou.

140:1 Sòm 17:13

140:2 Sòm 7:14

140:3 Sòm 58:4

140:4 Sòm 36:11

140:5 Sòm 141:9

140:7 Sòm 144:10

140:9 Sòm 7:16

140:10 Sòm 11:6

140:11 Sòm 24:2-10

140:12 Sòm 12:5