58
Pou direktè koral la; Nan melodi la “Pa Detwi”. Yon Sòm David
Vrèman, èske nou pale ladwati, O lòt dye yo?
Èske nou Sòm 82:2 jije san fòt, O fis a lòm yo?
Non, nan kè, nou Mal 3:15 fòmante inikite.
Sou latè, nou peze balans pou separe
bay vyolans ak men nou.
Mechan yo pèvès depi nan vant.
Sila ki bay manti yo fè move wout depi nesans yo.
Yo gen pwazon tankou Det 32:33pwazon sèpan.
Kon vipè soud ki bouche zòrèy li,
pou li pa tande vwa a sila k ap chame li yo,
malgre se yon Ekl 10:11 majisyen abil k ap fè wanga.
O Bondye, Job 4:10kraze dan nan bouch yo!
Kase gwo dan a jenn lyon an, O SENYÈ.
Kite yo Jos 2:11koule disparèt tankou dlo k ap kouri sou tè.
Lè flèch li yo parèt, kite yo fèt tankou shaf san tèt.
Kite yo tankou kalmason ki fonn,
ki vin disparèt pandan l ap mache,
tankou Job 3:16avòtman a yon fanm ki p ap janm wè solèy la.
Avan chodyè ou yo kab santi dife pikan yo,
Li va Job 27:21bale yo fè yo disparèt nan van toubiyon;
vèt ak sila kap brile yo, ansanm.
10 Moun ladwati a va rejwi lè l wè Det 32:43vanjans lan.
Li va lave pye li nan san a mechan yo,
11 pou moun yo di: “Anverite, gen yon rekonpans pou moun ladwati yo.
Anverite, genyen yon Bondye k ap jije latè!”

58:1 Sòm 82:2

58:2 Mal 3:15

58:4 Det 32:33

58:5 Ekl 10:11

58:6 Job 4:10

58:7 Jos 2:11

58:8 Job 3:16

58:9 Job 27:21

58:10 Det 32:43