2
Epi Josué, fis a Nun nan, te voye de mesye kòm espyon an sekrè soti Nonb 25:1Sittim. Li te di: “Ale gade peyi a, sitou Jéricho.” Epi yo te ale e te antre lakay a Eb 11:31yon pwostitiye ki te rele Rahab. Yo te dòmi la.
Sa te pale a wa Jéricho a. Yo te di: “Gade byen, de mesye ki sòti nan fis Israël yo te vini isit la lannwit lan pou fè espyon nan peyi a.” Epi wa Jéricho a te voye vè Rahab e te di: “Mete deyò mesye ki te vin kote ou yo, paske yo te vin fè espyon nan peyi a.”
Men II Sam 17:19fanm nan ki te deja pran mesye yo pou kache yo, te di: “Wi, mesye sa yo te vini kote mwen, men mwen pa t konnen kote yo te sòti. Li te vin rive nan lè pou fèmen pòtay yo lè l te fènwa, ke mesye yo sòti deyò. Men mwen pa konnen kote mesye yo te ale. Kouri dèyè yo byen vit! Konsa, ou ka gen tan pran yo.”
Men Jc 2:25li te vrèman mennen yo anwo galri twati kay la, pou l te kache yo nan pakèt len ke li te mete an lòd sou twati kay la.
Konsa, mesye yo te kouri dèyè yo sou wout la pou rive nan lye pou travèse Jourdain an. Depi sila ki t ap pouswiv yo te pati, yo te fèmen pòtay la.
Alò, avan yo te kouche, fi a te vin kote yo sou twati a. Epi li te di mesye yo: Nonb 20:24“Mwen konnen ke SENYÈ a te bannou peyi a, e ke gwo laperèz nou gen tan tonbe sou nou. Tout kouraj abitan peyi a vin fonn e disparèt devan nou. 10  Egz 14:21Paske nou te tande jan SENYÈ a te fin seche dlo Lamè Wouj devan nou lè nou te sòti an Égypte la, ak sa nou te fè de wa Amoreyen ki te lòtbò Jourdain yo, a Sihon ak Og, ke nou te detwi nèt. 11 Lè nou vin tande sa, Jos 5:1kè nou te fonn. Pa t gen kouraj ki te rete nan okenn moun ankò akoz nou menm, paske Det 4:39SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Bondye anwo nan syèl la e anba sou tè a.
12 “Alò, pou sa, souple, sèmante a mwen pa SENYÈ a, paske mwen te aji avèk bon kè anvè nou; ke nou, osi, nou va aji avèk bon kè anvè lakay papa m. Fè mwen yon Jos 2:18-19sèman fidèl, 13 pou konsève lavi papa m avèk manman m, frè m avèk sè m yo avèk tout moun ki pou yo, e livre lavi nou sòti nan lanmò.”
14 Konsa, mesye yo te di l: “Vi pa nou pou vi pa w si ou pa pale zafè nou; epi li va rive ke lè SENYÈ a bannou peyi a, ke nou va Jen 24:49aji avèk bon kè, e fidèlman avèk ou.”
15 Konsa, li te fè yo desann nan fenèt la pa yon kòd; paske lakay li a se te sou miray lavil la, kòmsi li t ap viv sou miray la. 16 Li te di yo: Jc 2:25“Ale nan peyi kolin yo, pou sila k ap kouri dèyè nou yo pa twouve nou. Kache kò nou la pandan twa jou jiskaske sila k ap kouri dèyè nou yo retounen. Epi apre, nou kapab fè wout nou.”
17 Mesye yo te di li: Jen 24:8“Nou p ap responsab sèman ke ou te fè nou fè a, 18 amwenske lè nou antre nan peyi a, ou mare kòd fisèl wouj sa a nan fenèt kote ou te fè nou desann nan. Epi Jos 2:12rasanble ou menm nan kay la avèk papa ou ak manman ou, frè ou yo ak tout manm lakay papa ou yo. 19 Li va rive ke nenpòt moun ki ale deyò pòt lakay ou pou antre nan lari a, san li va sou pwòp tèt li e nou va lib de sèman an. Men nenpòt moun ki avèk ou nan kay la, Mat 27:25san pa li va sou tèt nou si yon moun men mete sou li. 20 Men si ou pale zafè sa a; alò, nou va vin lib de sèman ke ou te fè nou fè a.”
21 Li te di: “Selon pawòl nou, ke sa vin fèt konsa.” Epi li te voye yo ale. Yo te pati, epi li te mare kòd wouj la nan fenèt la.
22 Yo te pati pou te rive nan peyi kolin yo, e te rete la pandan twa jou jiskaske sila ki t ap pouswiv yo te retounen. Alò, moun ki t ap swiv yo te chache toupatou akote chemen an, men yo pa t twouve yo.
23 Konsa, de mesye sa yo te desann peyi kolin yo pou te travèse rive kote Josué, fis a Nun nan. Yo te pale li tout sa ki te rive yo. 24 Yo te di Josué: “Anverite, SENYÈ a te bannou tout peyi a nan men nou. Jos 2:9Anplis, kè tout abitan peyi a tap fonn e disparèt devan nou.”

2:1 Nonb 25:1

2:1 Eb 11:31

2:4 II Sam 17:19

2:6 Jc 2:25

2:9 Nonb 20:24

2:10 Egz 14:21

2:11 Jos 5:1

2:11 Det 4:39

2:12 Jos 2:18-19

2:14 Jen 24:49

2:16 Jc 2:25

2:17 Jen 24:8

2:18 Jos 2:12

2:19 Mat 27:25

2:24 Jos 2:9