20
Konsa, fis Israël yo, tout kongregasyon an, te vini nan Nonb 13:21 dezè a Tsin nan, nan premye mwa a. Pèp la te rete Kadès. Alò, Marie te mouri e li te antere la.
Egz 17:1 Pa t gen dlo pou kongregasyon an, Nonb 16:19-42e yo te vin reyini yo menm kont Moïse avèk Aaron. Konsa, pèp la te fè kont avèk Moïse e te pale pou di: Nonb 14:2-3 “Si sèlman nou te mouri Nonb 16:31-35lè frè nou yo te mouri devan SENYÈ a! Egz 17:3 Epi poukisa ou te mennen asanble SENYÈ a antre nan dezè sila a, pou nou menm avèk bèt nou yo vin mouri isit la? Poukisa ou te fè nou sòti an Égypte pou mennen nou kote mechan sila a? Se pa yon kote ki gen, ni fig, ni grenad, ni pa gen dlo pou bwè.”
Moïse avèk Aaron te sòti nan prezans asanble a nan pòtay tant asanble a, e yo te Nonb 14:5 tonbe sou figi yo. Alò, glwa a SENYÈ a te vin parèt a yo menm. Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: “Pran Egz 4:17-20 baton an. Ou menm avèk frè ou a, Aaron, rasanble kongregasyon an e pale avèk wòch la devan zye yo, pou li kapab bay dlo pa li. Konsa, ou va fè dlo parèt pou yo sòti nan wòch la e kite kongregasyon an avèk bèt yo bwè.”
Konsa, Moïse te pran baton an Nonb 17:10 soti devan SENYÈ a, jis jan ke Li te kòmande li a. 10 Epi Moïse avèk Aaron te reyini asanble a devan wòch la. Li te di yo: Sòm 106:33 “Koute m koulye a, nou menm k ap fè rebèl; èske n ap fè dlo sòti nan wòch sila a?” 11 Epi Moïse te leve men li e li te frape wòch la de fwa avèk baton an. Sòm 78:16 Dlo te sòti an kantite, e kongregasyon an avèk bèt pa yo te bwè.
12 Men SENYÈ a te di a Moïse avèk Aaron: Nonb 20:24 “Akoz ke nou pa kwè M, pou trete m tankou sen devan fis Israël yo; pou sa, nou p ap mennen asanble sila a antre nan peyi ke M te bay yo a.”
13 Sa yo se te dlo a Meriba yo, akoz fis a Israël yo te fè kont avèk SENYÈ a, e Li te fè prèv sentete Li pami yo.
14 Soti nan Kadès, Moïse te voye mesaj vè Jen 36:31-39 wa Édom an: “Konsa frè ou a, Israël te pale: ‘Ou Jos 9:9-24konnen tout traka ki gen tan pran nou; 15 ke zansèt nou yo te desann an Égypte, e ke nou te rete an Égypte pandan anpil tan, e ke Ejipsyen yo te maltrete nou anpil. 16 Men Egz 2:23 lè nou te kriye fò bay SENYÈ a, Li te tande vwa nou. Li te voye yon zanj pou te mennen nou sòti an Égypte. Alò, gade byen, nou rive Kadès, yon vil nan fwontyè teritwa pa nou an. 17 “Souple, Nonb 21:22 kite nou pase nan peyi pa nou an. Nou p ap pase nan chan yo oswa nan rezen yo. Nou p ap menm bwè dlo nan yon pwi. Nou va ale bò kote chemen wa a, san vire ni adwat, ni agoch jiskaske nou fin pase nan tout teritwa nou an.”
18  Nonb 24:18 “ ‘Men Édom te di li: “Ou p ap pase sou nou; sinon, mwen ap vini kont nou avèk nepe.” ’ ”
19 “Ankò, fis Israël yo te di li: ‘Nou va monte vè chemen an, e si Mwen avèk Egz 12:38 bèt mwen yo bwè nan dlo nou an; Det 2:6-28alò, m ap peye pri li. Kite mwen sèlman pase ladann a pye, anyen anplis.’ ” 20 Men li te di: Jij 11:17 “Ou p ap pase ladann.” Epi Édom te sòti kont li avèk yon gwo fòs ak yon men pwisan. 21  Jij 11:17 Konsa, Édom te refize kite Israël pase nan teritwa pa li a. Det 2:8Pou sa Israël te vire kite li.
22 Alò, yo te sòti Nonb 20:1-14 Kadès, epi fis Israël yo ak tout kongregasyon an te vini nan Mòn Hor.
23 SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron nan Nonb 33:37 Mòn Hor akote fwontyè Édom an. Li te di: 24 “Aaron va rasanble vè pèp li a; paske li pa pou antre nan peyi ke Mwen te bay a fis Israël yo, akoz nou te Nonb 20:5-10 vin rebèl kont kòmand Mwen nan dlo a Meriba yo. 25 Pran Aaron avèk fis li a, Nonb 3:4 Éléazar e mennen yo nan Mòn Hor. 26 Retire tout vètman yo sou Aaron e Nonb 20:24 mete yo sou fis li a, Éléazar. Konsa, Aaron va rasanble vè pèp li a, e li va mouri la.”
27 Konsa Moïse te fè selon SENYÈ a te kòmande a. Yo te monte vè Mòn Hor devan zye a tout kongregasyon an. 28 Lè Moïse te fin retire vètman yo sou Aaron, li te Egz 29:29 mete yo sou Éléazar. Aaron te mouri la sou tèt mòn nan. 29 Lè tout kongregasyon an te wè ke Aaron te mouri, tout lakay Israël te kriye pou Aaron pandan trant Jen 50:3-10 jou.

20:1 Nonb 13:21

20:2 Egz 17:1

20:2 Nonb 16:19-42

20:3 Nonb 14:2-3

20:3 Nonb 16:31-35

20:4 Egz 17:3

20:6 Nonb 14:5

20:8 Egz 4:17-20

20:9 Nonb 17:10

20:10 Sòm 106:33

20:11 Sòm 78:16

20:12 Nonb 20:24

20:14 Jen 36:31-39

20:14 Jos 9:9-24

20:16 Egz 2:23

20:17 Nonb 21:22

20:18 Nonb 24:18

20:19 Egz 12:38

20:19 Det 2:6-28

20:20 Jij 11:17

20:21 Jij 11:17

20:21 Det 2:8

20:22 Nonb 20:1-14

20:23 Nonb 33:37

20:24 Nonb 20:5-10

20:25 Nonb 3:4

20:26 Nonb 20:24

20:28 Egz 29:29

20:29 Jen 50:3-10