5
Alò, li te vin rive ke lè tout wa Amoreyen ki te lòtbò Jourdain yo vè lwès ak tout wa Nonb 13:29Canaran akote lanmè yo, te tande jan SENYÈ a te seche dlo Jourdain an devan fis Israël yo jiskaske yo te travèse, ke kè yo te fonn e yo pa t gen kouraj nan yo ankò akoz fis Israël yo.
Nan tan sa a, SENYÈ a te di a Josué: “Fè pou ou menm Egz 4:25kouto avèk silèks e sikonsi ankò fis Israël yo.” Konsa, Josué te fè pou kont li kouto avèk silèks e te sikonsi fis Israël yo nan Gilbreath-Araloth.
Men rezon pou sila Josué te sikonsi yo a: Det 2:14tout pèp la ki te sòti an Égypte nan gason yo, tout mesye lagè yo, te mouri nan dezè a nan wout lè yo fin kite Égypte. Paske, tout mesye ki te sòti yo te sikonsi, tout mesye ki te fèt nan dezè a nan wout la pandan yo sòti an Égypte la pa t ankò sikonsi.
Paske, fis Israël yo te mache Det 2:7-14karantan nan dezè a, jis tout nasyon an, mesye lagè ki te sòti an Égypte yo, te peri akoz yo pa t koute vwa SENYÈ a, a sila SENYÈ a te sèmante ke Li pa t ap kite yo wè peyi ke SENYÈ a te sèmante bay zansèt pa yo pou bannou an, yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl.
Timoun ke Li te vin leve pou ranplase yo, Josué te sikonsi yo; paske yo pa t sikonsi akoz ke yo pa t sikonsi yo nan wout la. Alò, lè yo te fin sikonsi tout nasyon an, yo te rete nan plas yo nan kan an jiskaske yo te fin geri.
Epi SENYÈ a te di a Josué: “Jodi a, Mwen te woule fè sòti So 2:8wont a Égypte la sou nou menm.” Konsa, jis jodi a, yo rele plas sa a Guilgal.
10 Pandan fis Israël yo te rete Guilgal, yo te obsève Pak la nan lannwit katòzyèm jou nan mwa a nan plèn dezè a Jéricho a.
11 Nan jou apre Pak la, nan menm jou sa a, yo te manje kèk nan pwodwi tè yo, gato san ledven ak sereyal griye. 12  Egz 16:35Lamàn te sispann nan jou apre yo te manje kèk nan pwodwi tè yo; epi fis Israël yo pa t gen lamàn ankò; men, yo te manje kèk nan donn tè Canaran an pandan ane sa a.
13 Alò, li te rive ke lè Josué te toupre Jéricho, li te leve zye li anwo e te gade, vwala, Jen 18:1-2yon nonm te kanpe anfas li avèk nepe li rale nan men l; epi Josué te ale wè l, e li te di li: “Èske ou pou nou oswa kont nou?”
14 Li te di: “Non; olye de sa, anverite mwen vini koulye a kòm kapitèn a lame SENYÈ a.” Epi Josué te Jen 17:3tonbe atè sou figi li, li te bese ba e li te di li: “Kisa mèt mwen an gen pou di a sèvitè li?”
15 Kapitèn a lame SENYÈ a te di a Josué: Egz 3:5“Retire sapat ou nan pye ou; paske plas kote ou kanpe a sen.” Epi Josué te fè l.

5:1 Nonb 13:29

5:2 Egz 4:25

5:4 Det 2:14

5:6 Det 2:7-14

5:9 So 2:8

5:12 Egz 16:35

5:13 Jen 18:1-2

5:14 Jen 17:3

5:15 Egz 3:5