2
1 Rasanble nou ansanm, wi rasanble nou, O nasyon ✡ Jr 3:3 ki pa gen wont, 2 avan dekrè a vini—— avan jou pase tankou pay vannen —— avan ✡ Lam 4:11chalè vyolan SENYÈ a vin rive sou nou, avan ✡ So 1:18 jou a kòlè SENYÈ a vin rive sou nou. 3 ✡ Sòm 105:4Chache SENYÈ a, nou tout ki enb sou tè a, ki te kenbe òdonans li yo; ✡ Am 5:14,15 Chache ladwati, chache imilite. Petèt nou va jwenn pwoteksyon nan jou kòlè SENYÈ a. 4 Paske Gaza va vin abandone e Askalon va vin yon kote dezole; Asdod va chase nan mitan jounen e ✡ Am 1:7,8 Ékron va vin derasine. 5 Malè pou sila ki rete kote lanmè yo, nasyon a ✡ Éz 25:16 Keretyen yo! Pawòl SENYÈ a kont ou, O Canaran, peyi Filisten yo! Mwen va detwi nou jiskaske pa gen moun ki rete la ankò. 6 Konsa bò kot lanmè a va tounen patiraj pou bèt, avèk kav pou bèje ak pak pou bann mouton yo.✡ És 5:17 7 Epi kot lanmè a va apatyen a ✡ És 11:16retay lakay Juda a, yo va fè ✡ És 32:14 patiraj yo sou li. Nan kay Askalon yo, yo va kouche nan aswè; paske SENYÈ Bondye yo a va pran swen yo e restore avni yo. 8 Mwen te tande lè Moab t ap ✡ Éz 25:8vekse nou an. Ak ✡ Éz 25:3 malediksyon a fis a Ammon yo, ke yo t ap vekse pèp Mwen an e te fè tèt yo vin plen ògèy kont teritwa pa yo a. 9 Akoz sa, jan Mwen vivan an, deklare SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, “Anverite, Moab va vin tankou Sodome e fis a Ammon yo tankou Gomorrhe—— yon kote plen pikan, yon twou plen sèl, yon kote devaste nèt. Retay a pèp Mwen an va ✡ És 11:14 piyaje yo e sila ki rete nan nasyon Mwen an va eritye yo.” 10 Se sa yo va twouve kon rekonpans pou ✡ És 16:6ògèy yo, akoz yo te ✡ So 2:8 vekse e te vin awogan kont pèp a SENYÈ dèzame yo. 11 SENYÈ a va vin ✡ Jl 2:11tèrib pou yo, paske Li va fè tout dye sou latè yo mouri ak grangou; epi tout peyi kot a nasyon yo va ✡ Sòm 72:8-11 adore Li, yo chak nan pwòp plas yo.
12 Nou menm tou ✡ És 18:1-7 Etyopyen yo, nou va detwi pa nepe Mwen.
13 Epi Li va ✡ És 14:26 lonje men Li kont nò pou detwi Assyrie, e li va fè Ninive vin yon kote dezole, sèk tankou dezè. 14 Bann bèt sovaj va vin kouche nan mitan l, tout kalite bèt nasyon yo; ni ✡ És 14:23 grangozye, ni zagoudi va vin rete sou tèt pilye li yo. Vwa yo va chante nan fenèt yo, destriksyon va sou papòt yo; paske Li te devwale nèt tout zèv bwa sèd la. 15 Sa se gwo vil ki plen ògèy la, ki ✡ És 32:9,11 te rete an neglijans, e ki te nan kè l: ✡ És 47:8 “Se Mwen menm, e nanpwen ke mwen.” Ala dezole li vin dezole! Yon kote pou bèt repoze yo. Tout moun ki pase kote l va soufle kon koulèv e va voye pwen mare yo anlè sou li pou derespekte l.