32
Gade byen, yon Sòm 72:1-4wa va renye ak ladwati
e prens yo va renye ak jistis.
Yon nonm va tankou yon abri kont van
ak yon pwotèj kont tanpèt,
tankou sous dlo nan yon peyi sèch,
tankou És 4:6lonbraj a yon gwo wòch nan yon peyi ki deseche.
Alò, zye a sila ki wè yo, p ap vin avegle;
zòrèy a sila ki tande yo, va koute.
Kè a sila ki És 29:24aji san reflechi a va konprann verite,
e lang lan a sila ki bege a va pale klè.
Li p ap rive ankò ke yo rele I Sam 25:25moun fou, prens;
ni rele vakabon, moun bon kè.
Paske moun fou a pale foli,
e kè li apiye vè mechanste:
pou fè sa ki kont Bondye
e pale mal kont SENYÈ a,
pou És 3:15 kenbe moun grangou a san satisfè,
e pou anpeche moun swaf la bwè.
Pou vakabon an, zam li se mechanste.
Li Jr 5:26-28fòme plan mechan pou detwi moun aflije a ak kout lang,
malgre sila ki nan bezwen an pale sa ki bon.
Men Pwov 11:25sila ki prens toujou fòme plan ki bèl;
epi pa bèl plan an, ap kanpe.
Leve ou menm, O És 47:8fanm ki alèz e tande vwa mwen!
Prete zòrèy a pawòl mwen, fi ki alèz, san pwoblèm yo.
10 Nan yon ane ak kèk jou, nou va twouble,
O fi ki san pridans yo;
És 5:5-6paske, afè fwi diven an va fini,
ni rekòlt la p ap rive.
11 Tranble, fanm alèz yo;
twouble, nou menm ki san pridans!
És 47:2 Retire rad nou, dezabiye nou
e mete twal sak nan senti nou.
12  Na 2:7Bat lestomak nou pou bèl chan jaden yo,
pou chan ki plen ak fwi rezen yo.
13 Anplis És 5:6-17pou peyi a pèp mwen an,
kote pikan ak raje va pouse monte;
wi pou tout kay plen ak jwa yo
ak gran vil kè kontan yo.
14 Paske És 13:22palè a vin vid,
e gran vil plen moun yo vin abandone.
Kolin ak fò ki wo yo vin tounen kav yo jis pou tout tan,
yon plezi pou bourik mawon,
yon patiraj pou bann mouton yo;
15 jiskaske És 11:2Lespri a vide sou nou soti anwo,
epi savann nan vin fè yon chan fètil,
e chan fètil la va vin konsidere kon yon forè.
 
16 Nan lè sa a És 33:5lajistis va demere nan dezè a
e ladwati nan chan fètil la.
17 Epi Sòm 72:2-3zèv ladwati a va lapè,
e sèvis ladwati a va kalm ak konfyans
k ap dire jis pou tout tan.
18 Nan lè sa a, pèp mwen an va viv nan yon abitasyon lapè,
ak sekirite ki san twoub nan plas repo san pwoblèm.
19 Malgre lagrèl tonbe kraze forè a, e És 24:10-12gran vil la va vin devaste nèt.
20 A la Ekl 11:1beni nou va beni,
nou menm ki simen akote tout dlo yo,
ki lage pye bèf ak bourik la.

32:1 Sòm 72:1-4

32:2 És 4:6

32:4 És 29:24

32:5 I Sam 25:25

32:6 És 3:15

32:7 Jr 5:26-28

32:8 Pwov 11:25

32:9 És 47:8

32:10 És 5:5-6

32:11 És 47:2

32:12 Na 2:7

32:13 És 5:6-17

32:14 És 13:22

32:15 És 11:2

32:16 És 33:5

32:17 Sòm 72:2-3

32:19 És 24:10-12

32:20 Ekl 11:1