33
Malè a ou menm, O ou ki detwi lòt pandan ou pa t detwi;
epi sila ki fè trèt pandan lòt moun pa t aji an trèt avè w.
Depi ou fin detwi, ou osi va vin detwi nèt.
Depi ou fin fè trèt, lòt moun va Jr 25:12-14 fè trèt kont ou.
 
O SENYÈ, És 30:18-19fè nou gras; nou t ap tann Ou.
Sèvi kon fòs pa nou chak maten;
delivrans pa nou nan tan gwo twoub.
Lè bri zen an vin leve, És 17:13pèp yo sove ale;
lè Ou fè leve Ou menm, nasyon yo gaye.
Piyaj pa W ranmase tankou cheni ranmase;
tankou krikèt volan konn vòltije, se konsa y ap vòltije sou li.
SENYÈ a leve wo, paske se anwo ke Li rete;
Li te És 1:26ranpli Sion ak jistis ak ladwati.
Epi se Li k ap fè tan pa nou estab, És 45:17richès a delivrans, sajès ak konesans.
Lakrent SENYÈ a se trezò li.
 
Gade byen, mesye pwisan pa yo kriye nan lari,
II Wa 18:18-37 anbasadè lapè yo kriye fò.
Gran chemen yo rete vid, És 35:8moun ki vwayaje yo sispann.
Li te kase akò a, li te meprize vil yo.
Li pa respekte pèsòn.
És 3:26Peyi a kriye ak doulè, ak kè fennen,
Liban vin wont e menm vin fennen.
Saron vin tankou yon dezè e Basan ak Carmel pèdi tout fèy yo.
10 “Koulye a, Sòm 12:5Mwen va leve”, SENYÈ a di:
“Koulye a Mwen va egzalte.
Koulye a Mwen va leve wo.
11 Nou te ansent pay e nou va akouche pay.
És 1:31 Souf Mwen va manje nou tankou dife.
12 Pèp yo va brile kon lacho,
II Sam 23:6-7 tankou pikan koupe ki fin brile nan dife a.”
 
13 “Nou menm ki lwen yo, Sòm 48:10 koute sa ke M te fè a;
epi nou menm ki toupre, rekonèt pwisans Mwen.”
14  És 1:28Pechè Sion yo vin sezi ak laperèz;
tranbleman fin sezi enkwayan yo.
Se kilès pami nou ki ka viv ak yon dife ki manje tout bagay?
“Se kilès nan nou ki ka viv ak dife k ap brile tou tan an?”
15 Sila ki mache nan ladwati a e ki pale ak kè sensè a?
Sila ki refize benefis lajan ki sòti nan enjistis la,
e ki souke men l pou sa ki vèse anba tab pa rete nan yo;
sila ki bouche zòrèy li pou l pa menm tande afè vèse san,
e ki Sòm 119:37 fèmen zye l pou l pa gade mal.
16 Li va demere nan wotè yo;
És 25:4pwotèj pa li va nan wòch solid ke lènmi yo pa ka pwoche.
Pen li va vèse bay li, e dlo li va asire.
 
17 Zye li va wè Wa a nan tout bèlte Li;
yo va wè És 26:15 yon peyi ki byen lwen.
18 Kè ou va medite sou gwo laperèz la:
“Kote sila ki te konte a?
Kote sila ki te peze a? Kote sila ki te konte fò yo a?”
19 Ou p ap ankò wè yon pèp fewòs,
yon pèp ak Det 28:49-50langaj dwòl ke ou pa konprann,
a lang bege ke pèsòn pa konprann.
20 Gade sou Sion, gran vil a gwo fèt dezinye yo;
zye ou va wè Jérusalem, yon abitasyon san twoub,
yon És 54:2 tant ki p ap bezwen pliye;
pikèt li p ap janm rache,
ni kòd li yo p ap chire.
21 Men la, Sila ki gen majeste, SENYÈ a, ap avèk nou,
yon És 41:18kote ak rivyè ak gwo kanal, sou sila kannòt ak zaviwon p ap janm pase
ni sou sila gwo bato p ap janm pase.
22 Paske SENYÈ a se És 2:4jij nou.
Se SENYÈ a ki bay lwa nou yo.
Se SENYÈ a ki wa nou.
Se Li menm ki va sove nou.
 
23 Kòd vwal nou yo vin lach.
Yo p at ka kenbe baz ma bato a byen,
ni kenbe vwal la ouvri.
Alò, piyaj la a gwo boutin nan te divize;
II Wa 7:8menm sila ki bwate a te pran nan piyaj la.
 
24 Pèp peyi a pa p di: “Mwen malad”;
moun ki rete la yo va padone pou inikite yo.

33:1 Jr 25:12-14

33:2 És 30:18-19

33:3 És 17:13

33:5 És 1:26

33:6 És 45:17

33:7 II Wa 18:18-37

33:8 És 35:8

33:9 És 3:26

33:10 Sòm 12:5

33:11 És 1:31

33:12 II Sam 23:6-7

33:13 Sòm 48:10

33:14 És 1:28

33:15 Sòm 119:37

33:16 És 25:4

33:17 És 26:15

33:19 Det 28:49-50

33:20 És 54:2

33:21 És 41:18

33:22 És 2:4

33:23 II Wa 7:8