35
 1 Savann nan ak dezè a va kontan.  
✡És 41:19Tè dezole a va rejwi e fleri, tankou yon woz.   
 2 Li va fleri anpil, rejwi ak kè kontan,  
e fè yon kri lajwa.  
Glwa Liban an va bay a li menm;  
majeste a Carmen ak Saron an.  
Yo va wè ✡És 25:9 glwa SENYÈ a, majeste a Bondye nou an.   
 3 ✡Job 4:3-4Ankouraje men ki pèdi fòs,  
e ranfòse jenou ki fèb la.   
 4 Pale a sila ki gen ✡És 32:4kè twouble yo,  
“Pran kouraj!  
Pa pè!  
Gade byen, Bondye nou an va vini ak vanjans.  
Rekonpans Li an va rive.  
Li va vini, e Li va sove nou.”   
 5 Konsa, ✡És 29:18zye avèg yo va louvri,  
e zòrèy a soud yo debouche.   
 6 ✡Mat 15:30Moun bwate yo va vòltije tankou sèf,  
e lang bèbè a va rele ak gwo jwa.  
Paske dlo va pete nan tè sèch yo,  
ak vwa dlo yo nan dezè a.   
 7 Peyi deseche a va vin tounen yon letan,  
e tè swaf kòn ✡És 49:10sous k ap pete dlo.  
Nan landwa chen mawon yo,  
nan kote yo poze a , va gen zèb ak wozo ak jon.   
 8 Yon gran chemen va la, yon gran ri.  
Li va rele Chemen Sen an.  
Sila ki pa pwòp p ap vwayaje sou li,  
men li va sèvi pou sila ki mache nan Chemen an.  
Moun mechan ak enpridan an pa p mache la.   
 9 Nanpwen lyon k ap la,  
ni p ap gen bèt sovaj k ap mache sou li.  
Yo p ap twouve la.  
Men ✡És 51:10rachte yo va mache la.   
 10 ✡És 1:27Rachte a SENYÈ yo va retounen.  
Ya vini ak gwo kri lajwa lantre nan Sion;  
lajwa ki p ap janm fini ap sou tèt yo.  
Yo va twouve kè kontan ak lajwa;  
tristès ak soupi va sove ale.