15
Mc 7:1-23Apre sa, kèk Farizyen ak Skrib ki te sòti Jérusalem te vin kote Jésus pou mande L: “Poukisa disip ou yo vyole tradisyon a lansyen nou yo? Paske yo Luc 11:38pa lave men yo lè yo manje pen.”
Li te reponn yo: “E poukisa nou menm vyole kòmandman Bondye a pou koz a tradisyon nou yo? Paske Bondye te di: ‘Onore papa ou avèk manman ou,’ epi: ‘Sila ki pale mal a manman li oswa a papa li, va mete a lanmò.’ ”
Men nou di: “Nenpòt moun ki di a manman l oswa papa l, tout sa mwen genyen ki ta kapab ede ou se pou Bondye, li pa oblije onore ni papa l ni manman l”. Konsa, nou te anile pawòl Bondye a pou koz tradisyon pa nou an. Nou menm ipokrit; anverite, Ésaïe te bay pwofesi sou nou lè l te di:
És 29:13Pèp sa a onore M avèk lèv yo,
men kè yo byen lwen Mwen.
An ven yo adore M;
lè yo enstwi kòm Kol 2:22doktrin, prensip a lòm.
10 Apre sa, Li te rele foul akote Li a, e Li te di yo: “Tande e konprann; 11  Mat 15:18Se pa sa ki antre nan bouch la ki kontamine yon nonm, men se sa ki sòti nan bouch la ki kontamine l.”
12 Alò, disip Li yo te vin kote L. Yo te di L: “Èske Ou konnen ke Farizyen yo te blese lè yo te tande pawòl sa a?”
13 Men Li te reponn yo e di: És 60:21“Chak plant ke Papa M pa plante, ap vin rache. 14  Pa okipe yo. Yo se Mat 23:16,24avèg k ap gide avèg. Luc 6:39 Si yon avèg ap gide yon avèg, se toude k ap tonbe nan yon twou.”
15 Pierre te reponn, e te di L: Mat 13:36“Eksplike nou parabòl sa a.”
16 Li te di: “Èske nou menm, nou toujou manke konprann nan? 17  Èske nou pa konprann ke tout bagay ki antre nan bouch, e ki pase nan vant, ap vin elimine? 18  Men Mat 12:34bagay ki sòti nan bouch yo, se nan kè yo sòti, e se sa yo ki kontamine yon moun.
19  “Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay. 20  Se bagay sa yo ki kontamine yon moun, men manje san lave men pa kapab kontamine yon moun.”
21 Konsa, Jésus te kite la, e retire kò l pou landwa Mat 11:21Tyr ak Sidon. 22 Epi gade, yon fanm Canaan nan rejyon sa a te vin parèt. Li te kòmanse kriye fò e te di: “Fè m gras, Senyè, Fis a David la! Fi mwen an gen yon Mat 4:24move lespri.”
23 Men Li pa t reponn li yon mo.
Disip Li yo te vin kote L. Yo te di L: “Fè l ale; l ap rele dèyè nou tout kote nou ale”.
24 Men Li te reponn e te di: “Mwen te voye sèlman pou Mat 10:6mouton pèdi nan lakay Israël la.”
25 Men fanm nan te Mat 8:2vin bese devan Li, e te di: “Senyè, ede m!”
26 Men Li te reponn: “Li pa bon pou pran manje ki pou timoun yo pou jete l bay chen.”
27 Men li te di: “Wi Senyè, men menm chen yo manje ti kras manje k ap tonbe sòti sou tab mèt la.”
28 Jésus te reponn li: “Men fanm, Mat 9:22lafwa ou gran! Ke sa fèt jan ou vle a”. Epi fi li a te geri lapoula.
29  Mat 15:29-31Lè Li kite la, Jésus te ale bò kote Lanmè Galilée a. Li te monte yon mòn e Li te chita la.
30 Gran foul la te vin kote Li. Yo t ap mennen avèk yo sila ki te bwete, kokobe, avèg, bèbè ak anpil lòt. Yo te depoze yo bò kote pye Li e Mat 4:23Li te geri yo. 31 Konsa, foul la te vin etone lè yo te wè bèbè pale, kokobe restore, bwete mache, avèk avèg yo ki te wè e yo te Mat 9:8bay glwa a Bondye Israël la.
32  Mat 14:13-21Jésus te rele disip Li yo pou vin kote L. Li te di: “Mwen santi konpasyon pou foul la, paske yo la avè M koulye a pandan twa jou, e yo pa gen anyen pou yo manje. Mwen pa vle voye yo ale grangou, paske yo kab fennen sou wout la.”
33 Disip Li yo te mande L: “Kibò nou ta twouve kantite pen sa a nan yon andwa izole konsa pou bay yon gran foul konsa?”
34 Jésus te mande yo: “Konbyen pen nou genyen”?
Yo te di: “Sèt, avèk kèk ti pwason.”
35 Li te kòmande foul la chita atè. 36 Li te pran sèt ti pen yo avèk pwason an. Lè Li te fin Mat 14:9remèsye Bondye pou yo, Li te kase yo, e te bay disip Li yo, ki te bay tout foul la. 37 Konsa, tout moun te manje e te satisfè. Lè yo te ranmase mòso kase ki te rete yo, te rete sèt gran Mat 16:10panyen byen plen. 38 Sila ki te manje yo te kat mil gason plis fanm avèk timoun.
39 Apre Li voye foul la ale, Li te monte nan yon kannòt e te ale nan rejyon Mc 8:10Magadan nan.

15:1 Mc 7:1-23

15:2 Luc 11:38

15:8 És 29:13

15:9 Kol 2:22

15:11 Mat 15:18

15:13 És 60:21

15:14 Mat 23:16,24

15:14 Luc 6:39

15:15 Mat 13:36

15:18 Mat 12:34

15:21 Mat 11:21

15:22 Mat 4:24

15:24 Mat 10:6

15:25 Mat 8:2

15:28 Mat 9:22

15:29 Mat 15:29-31

15:30 Mat 4:23

15:31 Mat 9:8

15:32 Mat 14:13-21

15:36 Mat 14:9

15:37 Mat 16:10

15:39 Mc 8:10