12
Nan lè sa a, Jésus te pase nan chan sereyal yo nan jou Saba a e disip Li yo te vin grangou. Yo te kòmanse keyi tèt grenn sereyal pou manje yo. Men lè Farizyen yo te wè sa, yo te di Li: “Gade, disip Ou yo fè sa ki Mat 12:10pa pèmi nan yon jou Saba.”
Men Li te di yo: “Èske nou pa li sa ke David te fè lè li te vin grangou; li menm avèk lòt moun ki te avè l yo? Jan li te antre nan kay Bondye a, e I Sam 2:16te manje pen ki te konsakre ki pa t pèmi pou li ta manje, ni pou sa yo ki te avè l yo, men te sèlman pou prèt yo? Oubyen èske nou pa t li nan Lalwa a ke nan jou Saba a, prèt yo nan tanp lan te konn vyole Saba a men rete inosan? Men Mwen di nou ke yon choz II Kwo 6:18pi gran pase tanp lan isit la. Men si nou te konnen kisa sa vle di: I Sam 6:6‘Mwen dezire mizerikòd olye sakrifis’, nou pa t ap kondane inosan yo. Paske Mat 8:20Fis a Lòm nan se Senyè Saba a.”
Konsa, Li te Mc 3:1-6kite la e te ale nan sinagòg yo. 10 Epi vwala, te gen yon mesye avèk yon men ki sèch. Farizyen yo te mande L: Mat 12:2“Èske li pèmi pou geri nan jou Saba a?” Yo te mande sa a pou yo ta kapab akize Li.
11 Li te reponn yo: Luc 14:5“Ki moun nan sila ki pami nou yo, si li te gen yon mouton ki tonbe nan yon twou nan Saba a, pa t ap lonje pran l e fè l sòti nan twou a? 12  Mat 10:31Konbyen plis valè a yon moun pase yon mouton? Ebyen, li pèmi pou fè sa ki bon nan Saba a.” 13 Konsa, Li di mesye a: “Lonje men ou!” Mat 8:3Li te lonje li, e li te retounen nòmal tankou lòt la. 14 Men Farizyen yo te soti deyò, pou Mat 26:4fè konplo ansanm kont Li, sou kijan yo ta kapab detwi L.
15 Men Jésus te vin konnen tout sa, e Li te retire kò l.
Anpil moun te swiv Li, e Mat 4:23Li te geri yo tout.
16 Epi Li te Mat 8:4pase lòd pou yo pa fè pèsòn konnen ki moun Li te ye. 17 Sa te fèt pou akonpli sa ki te pale pa pwofèt Ésaïe a lè li te di:
18  És 42:1“Gade sèvitè Mwen ke Mwen te chwazi a;
Mat 3:17byeneme Mwen ki fè nanm Mwen byen kontan an.
M ap mete lespri Mwen sou Li,
e Li va pwoklame jistis a payen yo.
19  És 42:2Li p ap diskite, ni kriye;
ni pèsòn p ap tande vwa Li nan lari.
20  És 42:3Yon wozo brize, Li p ap kase,
e yon fisèl bouji k ap toufe,
Li p ap tenyen,
jouk lè Li mennen jistis la rive nan viktwa a.
21  Wo 15:2Nan Non Pa Li, payen yo ap gen espwa.”
22  Mat 9:32,34Apre sa, yo te pote bay Li yon mesye ki te avèg e bèbè akoz yon move lespri. Li te geri li, e bèbè a te vin pale e li te vin wè. 23 Tout foul la te etone, e te kòmanse di: “Èske se posib ke moun sa a kapab Mat 9:27Fis a David?” 24 Men lè Farizyen yo tande sa, yo te di: “Mesye sa ap Mat 9:34chase move lespri sa yo pa Béelzébul ki mèt a tout move lespri yo.”
25  Mat 23:27Li te konnen panse yo, e Li te di yo: “Nenpòt wayòm ki divize kont pwòp tèt li va gaye; e nenpòt vil oswa kay ki divize kont pwòp tèt li p ap kanpe. 26  Si se Mat 4:10Satan k ap jete Satan, li divize kont pwòp tèt li. Konsa kijan wayòm li va kanpe? 27  Epi si Mwen menm Trav 19:13pa fòs Béelzébul, chase move lespri yo, pa kilès fis nou yo ap jete yo? Pou rezon sa a, se yo menm k ap jije nou. 28  Men I Jn 3:8si Mwen chase move lespri yo pa Lespri Bondye a, wayòm Bondye a gen tan vini sou nou. 29  Oubyen kijan yon moun kapab antre nan kay a nonm fò, pou pran tout byen li, sof ke premyèman li mare nonm fò a? Lè l fini, l ap piyaje kay la.
30  Mc 9:40“Sila ki pa pou Mwen an, kont Mwen; e sila ki pa ranmase avè M nan ap gaye. 31  Luc 12:10Pou sa, Mwen di nou, nenpòt peche, menm blasfèm kapab padone; men blasfèm kont Lespri Sen an p ap kapab padone. 32  Luc 12:10Nenpòt moun ki pale yon mo kont Fis a Lòm nan, l ap padone; men nenpòt moun ki pale yon mo kont Lespri Sen an, sa p ap padone, ni nan Mat 13:22,39laj sila a ni nan laj k ap vini an.
33  “Swa pyebwa a bon, e fwi li bon; oubyen pyebwa a pouri e fwi li pouri. Mat 7:16-18Pyebwa a rekonèt pa fwi ke li bay. 34  Mat 3:7Nou menm nich vipè, jan nou mechan; kijan nou sipoze nou kapab pale sa ki bon? Se bouch la ki pale tout sa ki plen kè a. 35  Pwov 10:20,21Bon moun nan fè sòti nan bon trezò li, sa ki bon; e move moun nan fè sòti nan move trezò li, sa ki mal. 36  Epi Mwen di nou ke nan Mat 10:15jou jijman an, moun ap rann kont pou chak ti mo ke yo pale anven. 37  Paske pa pawòl nou, nou va jistifye; e pa pawòl nou, nou va kondane.”
38 Kèk nan Skrib ak Farizyen yo te reponn li konsa: Mat 16:1“Mèt, nou vle wè yon sign de Ou menm”.
39 Men li te reponn yo konsa: Mat 16:4“Yon jenerasyon mechan ak adiltè vle yon sign; men pa gen yon sign ke n ap bay sof ke sign ki pou pwofèt Jonas la. 40  Menm jan ke Jon 1:17Jonas te pase twa jou ak twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa Fis a Lòm nan ap pase Mat 16:21twa jou ak twa nwit nan kè latè. 41  Moun Niniv ap kanpe avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske Jon 3:5yo te repanti lè Jonas te preche yo. Epi veye byen, yon bagay pi gran pase Jonas gen tan rive isit la. 42  I Wa 10:1Rèn nan Sid la ap leve avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske li te sòti nan dènye ekstremite latè pou tande sajès Salomon; epi veye byen, yon choz pi gran pase Salomon gen tan rive isit la.
43  Luc 11:24-26“Alò, lè yon move lespri kite yon nonm, li pase nan zòn sèk san dlo pou chache repo, men li pa jwenn. 44  Konsa li di: M ap retounen lakay kote mwen te sòti a. Lè li vini li twouve li vid, bale e ranje nan lòd. 45  Konsa l ale chache sèt lòt espri pi mal ke li. Yo antre la pou viv avè l, epi Mc 5:9dènye eta a moun sa a pi mal pase premye a. Se konsa l ap ye avèk jenerasyon mechan sila a.”
46  Mc 3:31-35Pandan Li te toujou ap pale avèk foul la, konsa, manman L avèk frè Li yo te vin parèt pa deyò akoz yo te vle pale avèk Li. 47 Yon moun te di li: “Gade, manman Ou avèk frè Ou yo kanpe deyò a pou pale avèk ou!”
48 Men Li te reponn sila ki te pale avèk Li pou di l: “Kilès ki manman M? E kilès ki frè M?” 49 Konsa, byen lonje men L vè disip Li yo, Li te di: “Gade manman M ak frè Mwen yo. 50  Paske sila ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la, se li menm ki frè M, sè M, ak manman M.”

12:2 Mat 12:10

12:4 I Sam 2:16

12:6 II Kwo 6:18

12:7 I Sam 6:6

12:8 Mat 8:20

12:9 Mc 3:1-6

12:10 Mat 12:2

12:11 Luc 14:5

12:12 Mat 10:31

12:13 Mat 8:3

12:14 Mat 26:4

12:15 Mat 4:23

12:16 Mat 8:4

12:18 És 42:1

12:18 Mat 3:17

12:19 És 42:2

12:20 És 42:3

12:21 Wo 15:2

12:22 Mat 9:32,34

12:23 Mat 9:27

12:24 Mat 9:34

12:25 Mat 23:27

12:26 Mat 4:10

12:27 Trav 19:13

12:28 I Jn 3:8

12:30 Mc 9:40

12:31 Luc 12:10

12:32 Luc 12:10

12:32 Mat 13:22,39

12:33 Mat 7:16-18

12:34 Mat 3:7

12:35 Pwov 10:20,21

12:36 Mat 10:15

12:38 Mat 16:1

12:39 Mat 16:4

12:40 Jon 1:17

12:40 Mat 16:21

12:41 Jon 3:5

12:42 I Wa 10:1

12:43 Luc 11:24-26

12:45 Mc 5:9

12:46 Mc 3:31-35