9
Jésus te di yo: Mat 16:28“Anverite Mwen di nou, gen kèk moun nan sila ki kanpe la yo ki p ap goute lanmò jouk lè yo fin wè wayòm Bondye a rive avèk pouvwa.”
Mat 17:1-8Sis jou pita, Jésus te pran avè L, Pierre, Jacques, avèk Jean, e te mennen yo sou yon mòn wo pou kont yo. La, devan yo, Li te transfòme nan yon lòt fòm. Mat 28:3Rad Li yo te vin klere jis yo blanchi nèt, blanch kon okenn moun k ap fè lesiv nan mond sa a, pa t janm kab fè. Konsa, Élie ak Moïse te parèt devan yo ansanm, e yo t ap pale avèk Jésus.
Pierre te reponn pou di Jésus: “Mèt, se bon pou nou isit la; Mat 17:4annou fè twa tabènak, youn pou Ou, youn pou Moïse, e youn pou Élie.” Paske li pa t konnen ki repons pou bay, akoz kè yo te plen avèk laperèz.
Konsa, yon nwaj te fòme ki te vin mete yo nan fon lonbraj, e yon vwa te vin sòti nan nwaj la, Mat 3:17“Sa se Fis Mwen; koute Li!”
Nan menm moman sa a, yo te gade toupatou e pa t wè pèsòn avèk yo ankò, sof ke Jésus sèl.
Mat 17:9-13Pandan yo t ap desann mòn nan, Li te bay yo lòd pou pa di pèsòn sa yo te wè a, jouk lè ke Fis a Lòm nan ta leve soti nan lanmò. 10 Yo te reflechi anpil sou pawòl sa a, e te diskite youn avèk lòt sou sa sa vle di: “leve soti nan lanmò an”.
11 Yo te mande Li: “Poukisa skrib yo di ke Mal 4:5Élie oblije vini avan an?”
12 Li te di yo: “Élie vrèman ap vini avan pou restore tout bagay. Men poukisa li ekri sou Fis a Lòm nan ke Mat 16:21Li va soufri anpil bagay, e vin meprize? 13  Men Mwen di nou Élie vrèman gen tan vini, e yo te fè l sa ke yo te pito, jan ke sa ekri sou li a.”
14  Mat 17:14-19Lè yo te retounen kote disip yo, yo te wè yon gwo foul ki te antoure yo, e kèk skrib ki t ap diskite avèk yo. 15 Imedyatman, lè tout foul la te wè Li, yo te Mc 14:33etone, e yo te kouri vini salye Li.
16 E Li te mande yo: “Kisa nou ap diskite avèk yo la a?”
17 Epi yon moun nan foul la te reponn Li: “Mèt, mwen te pote bay Ou fis Mwen an, ki gen yon move lespri ki fè l bèbè; 18 epi lè li sezi l, li voye li atè. Li kimen nan bouch e manje dan l; kò li vin tou rèd. Mwen te pale disip Ou yo pou chase l, men yo pa t kapab.”
19 Konsa, Li te reponn yo e te di: “O jenerasyon enkredil, pou konbyen de tan ankò M ap avèk nou? Konbyen de tan ankò M ap sipòte nou? Fè l vin kote Mwen!”
20 Yo te pote gason an kote Li. E lè li te wè L, lapoula lespri a te jete li nan yon gwo kriz. Li te tonbe atè, te kòmanse woule toupatou e kimen nan bouch.
21 Jésus te mande papa li: “Depi kilè bagay sa a konn rive li?” Li te di: “Depi li timoun. 22 Souvan li konn voye li ni nan dlo, ni nan dife pou l detwi l. Men si Ou kapab fè yon bagay, gen pitye pou nou, e ede nou!”
23 Jésus te di li: “Si Ou kapab? Mat 17:20Tout bagay posib pou sila a ki kwè a.”
24 Konsa, papa a tigason an te kriye fò e te di: “Mwen kwè; ede enkredilite Mwen an.”
25 Lè Jésus te wè yon Mc 9:15foul moun t ap rasanble, Li te reprimande move lespri a. Li te di L: “Ou menm lespri soud e bèbè, Mwen kòmande ou, sòti nan li, e pa antre nan li ankò.”
26 Lè lespri a fin kriye fò, e jete li nan gwo kriz tèrib, li te sòti. Ti gason an te tèlman parèt kon yon kadav, ki te fè pi fò nan yo te di: “Li mouri!”
27 Men Jésus te pran li pa men li, te leve l, e Li te kanpe.
28 Lè Li te vini Mc 2:1nan kay la, disip Li yo te kòmanse kesyone Li an prive: “Poukisa nou pa t kapab chase l?”
29 Li te di yo: “Kalite sila a p ap kab sòti pa anyen, sof ke lapriyè.”
30  Mat 17:22-23Depi la yo te ale pase nan tout Galilée, e Li pa t vle ke pèsòn konnen anyen sou sa. 31 Paske Li t ap enstwi disip Li yo e t ap di yo: Mat 16:21“Fis a Lòm nan va livre nan men a lèzòm, e yo va touye Li. Epi lè Li fin touye, L ap resisite ankò twa jou pita.” 32 Men Luc 2:50yo pa t konprann pawòl sila a, e yo te pè mande L.
33  Mat 18:1-5Yo te vini Capernaüm, e lè Li te nan kay la, Li te kòmanse kesyone yo: “De kisa nou t ap diskite nan wout la?” 34 Men yo te rete an silans; paske nan wout la, yo Mat 18:4t ap diskite de kilès nan yo ki te pi gran.
35 Lè Li te fin chita, Li te rele douz yo, e Li te Mat 20:26di yo: “Si yon moun vle premye, li va dènye de tout moun, e vin sèvitè a tout moun.”
36 Li te pran yon timoun, e te fè l chita devan yo. Epi lè L pran li nan bra Li, Li te di yo: 37  Mat 10:40“Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou sila a nan non pa M, resevwa M; e nenpòt moun ki resevwa M, li pa resevwa Mwen, men Sila ki voye Mwen an.”
38  Luc 9:49-50Jean te di Li: “Mèt, nou te wè yon moun ki t ap chase move lespri yo nan non Ou, e nou te eseye fè l sispann, paske li pa t ap swiv nou.”
39 Men Jésus te di: “Pa anpeche li, paske pa gen moun k ap fè yon mirak nan non Mwen, e apre byen vit ki ka pale mal de Mwen. 40  Mat 12:30Paske sila ki pa kont nou an, li pou nou. 41  Paske nenpòt moun ki bay nou yon tas dlo pou bwè akoz nou nan Kris yo, anverite Mwen di nou, li p ap pèdi rekonpans li.
42  Mat 18:6“Nenpòt moun ki fè youn nan pitit sa yo ki kwè vin chape tonbe, li t ap pi bon pou li si yo te mete yon gwo wòch moulen nan kou li, e jete l nan lanmè.
43  Mat 5:3; Mat 3:12“Si men nou fè nou chape tonbe, koupe l nèt; li pi bon pou nou ta antre nan lavi kokobe, pase avèk de men, pou nou ta jete nan twou san fon an, nan lanfè ki “pa kapab etenn nan, 44  ‘kote vè pa mouri, e dife pa janm etenn.’
45  “E si pye nou fè nou chape tonbe, koupe li nèt; li pi bon pou nou antre nan lavi bwete, pase genyen tou de pye nou, e vin jete nan Mat 5:22lanfè, 46  kote vè pa mouri, e dife pa janm etenn.
47  Mat 5:29“Si zye nou fè nou chape tonbe, retire li jete; li pi bon pou nou antre nan wayòm Bondye a avèk yon sèl zye, pase jete nan lanfè avèk de zye. 48  Kote vè pa mouri, e dife pa janm etenn.
És 66:24; Mat 3:12 49  “Paske tout moun va vin sale ak dife, e chak sakrifis ap sizonnen ak sèl.
50  “Disèl la bon, men Mat 5:13si disèl la vin pèdi gou, kilès k ap fè l gen gou sèl ankò. Fòk nou gen sèl nan nou, e rete anpè youn avèk lòt.”

9:1 Mat 16:28

9:2 Mat 17:1-8

9:3 Mat 28:3

9:5 Mat 17:4

9:7 Mat 3:17

9:9 Mat 17:9-13

9:11 Mal 4:5

9:12 Mat 16:21

9:14 Mat 17:14-19

9:15 Mc 14:33

9:23 Mat 17:20

9:25 Mc 9:15

9:28 Mc 2:1

9:30 Mat 17:22-23

9:31 Mat 16:21

9:32 Luc 2:50

9:33 Mat 18:1-5

9:34 Mat 18:4

9:35 Mat 20:26

9:37 Mat 10:40

9:38 Luc 9:49-50

9:40 Mat 12:30

9:42 Mat 18:6

9:43 Mat 5:3; Mat 3:12

9:45 Mat 5:22

9:47 Mat 5:29

9:48 És 66:24; Mat 3:12

9:50 Mat 5:13