28
Jn 20:1-8Alò, apre Saba a, lè li te kòmanse fè jou nan premye jou semèn nan, Marie Magdala ak lòt Marie a te vini pou gade tonm nan.
Lapoula, te gen yon gwo tranbleman de tè, e Luc 24:4yon zanj Bondye te desann soti nan syèl la. Li te vin woule Mat 27:66wòch akote a, e li te chita sou li. Li te Dan 7:9parèt tankou kout eklè, e vètman li te blanch tankou lanèj.
Gad yo te vin tranble avèk lakrent, e yo te tounen tankou moun mouri.
Konsa zanj lan te reponn e te di a fanm yo: Mc 14:27“Pa pè, paske mwen konnen ke nou ap chèche Jésus ki te krisifye a. Li pa la, paske Li leve, Mat 12:40menm jan Li te di a. Vin wè plas kote Li te kouche a.” “Epi ale vit pou di disip Li yo ke Li leve soti nan lanmò. Epi gade byen, l ap prale devan nou nan Mat 26:32Galilée. La nou va wè Li. Gade byen, mwen gen tan di nou sa.”
Yo te kite tonm nan vit avèk lakrent, avèk gwo lajwa, e yo te kouri ale bay rapò a disip Li yo.
Pandan yo t ap w ale pou pale disip Li yo, gade byen, Jésus te rankontre yo e te salye yo.
Yo te vin kote l, te kenbe pye Li, e te adore L. 10 Jésus te di yo: “Pa pè. Ale di Jn 20:17frè M yo pati pou rive nan Galilée. La, yo va wè m.”
11 Pandan yo te nan wout la, konsa kèk nan Mat 27:65,66gad yo te antre lavil la pou te bay rapò a chèf prèt yo sou tout sa ki te rive yo a. 12 Konsa, lè yo te rasanble avèk tout lansyen yo e te pran konsèy ansanm, yo te bay yon gwo sòm lajan a sòlda yo. 13 Yo te di yo: “Nou gen pou di: ‘Disip Li yo te vini nan lannwit e te vòlè L pote ale pandan nou t ap dòmi. 14 Si sa ta gen tan rive nan Mat 27:2zòrèy Gouvènè a, n ap pale avè l pou pwoteje nou pou nou pa gen pwoblèm’ ”.
15 Alò, yo te pran kòb la, e te fè jan yo te enstwi yo. Listwa sila a te Mat 9:31gaye pami Jwif yo e kontinye jouk jou sila a.
16 Men onz disip yo te fè wout yo pou Mat 26:32Galilée, vè mòn ke Jésus te dezinye a. 17 Lè yo te wè Li, yo te adore Li; men Mc 16:11kèk te doute.
18 Jésus te vin pale avèk yo, e te di: Dan 7:13“Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè. 19  Konsa, ale Mat 15:32 fè disip a tout nasyon yo, epi Trav 2:38batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an. 20  Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mat 18:20 Mwen va avèk nou toujou jiska lafen de laj.”

28:1 Jn 20:1-8

28:2 Luc 24:4

28:2 Mat 27:66

28:3 Dan 7:9

28:5 Mc 14:27

28:6 Mat 12:40

28:7 Mat 26:32

28:10 Jn 20:17

28:11 Mat 27:65,66

28:14 Mat 27:2

28:15 Mat 9:31

28:16 Mat 26:32

28:17 Mc 16:11

28:18 Dan 7:13

28:19 Mat 15:32

28:19 Trav 2:38

28:20 Mat 18:20