7
Nan premye ane Belschatsar, wa Babylone nan, Daniel te fè yon rèv ak vizyon nan panse li, sou kabann li. Epi li te Jr 36:4 ekri rèv la e te rakonte bagay prensipal yo.
Daniel te di: “Mwen t ap gade nan vizyon mwen pandan nwit lan; epi vwala Rev 7:1 kat van syèl yo t ap boulvèse gwo lanmè a. Epi kat gran Dan 7:7 bèt t ap monte soti nan lanmè a, youn pa t sanble lòt.
“Premye a te Jr 4:7 tankou yon lyon e li te gen zèl a èg. Mwen te gade jiskaske plim li yo te vin rache, epi li te leve kite tè a ,pou l te fèt vin kanpe sou de pye kon yon moun. Anplis, li te resevwa kè a yon moun.
“Konsa, vwala, yon lòt bèt, yon dezyèm, ki te sanble ak yon lous. Li te vin leve nan yon bò e twa zo kòt te nan bouch li nan dan li. Konsa, yo te di a li: ‘Leve, devore anpil vyann!’
“Apre sa, mwen te kontinye gade e vwala, yon lòt Rev 13:2tankou yon leyopa, ki te gen sou do li kat zèl a yon zwazo. Bèt sa, anplis, te gen Dan 8:22 kat tèt, e dominasyon te vin bay a li menm.
“Apre sa, mwen te kontinye gade nan vizyon nwit lan e vwala, yon katriyèm bèt, byen tèrib, pwisan e fò depase. Li te gen gwo dan fèt an fè. Li te devore, kraze e foule tout sa ki te rete anba pye li. Li te diferan de tout lòt bèt ki te parèt avan li yo. Li te gen Rev 12:3 dis kòn.
“Pandan mwen t ap reflechi sou kòn yo, vwala Dan 8:9yon lòt kòn, yon ti piti, te vin leve pami yo, e twa nan premye kòn yo te rache pa rasin yo. Epi vwala, kòn sila a te gen zye tankou zye a moun e yon Rev 13:5,6 bouch ki te eksprime anpil bagay ak gwo awogans.
“Mwen te kontinye gade jiskaske Rev 20:4twòn yo te vin plase.
Epi youn ki te Ansyen de Jou Yo te chita.
Abiman Li te tankou lanèj blan,
e cheve nan tèt Li te tankou lenn san tach.
Twòn Li te briyan akoz flanm yo,
e wou li yo te yon dife ki t ap brile.
10 Yon rivyè dife t ap koule pou l vin parèt devan L;
Milye dè milye t ap okipe L.
Di-mil fwa di-mil te kanpe devan L.
Jijman an te etabli.
Dan 12:1 Liv yo te vin ouvri.
11 “Alò, mwen te kontinye gade, akoz son a pawòl awogan ke kòn nan t ap pale yo. Mwen te kontinye gade jiskaske bèt la te vin touye, kò l te detwi, e li te vin bay a Rev 19:20 dife ki t ap brile a. 12 Pou tout lòt bèt yo, dominasyon yo te vin retire, men yo te resevwa yon pwolongasyon lavi pandan yon sezon ak pandan yon tan.
13 “Mwen te kontinye gade nan vizyon nwit lan, epi vwala, la te vini ak nwaj syèl yo, yon moun tankou yon Mat 24:30 Fis a Lòm t ap vini; epi Li te vin parèt devan Ansyen A Jou Yo e te fè l vin prè. 14 A li menm, Li te bay Dan 7:27 dominasyon, glwa a ak yon wayòm, pou tout pèp, nasyon ak lang yo ta ka sèvi Li. Mi 4:7Dominasyon Li an se yon dominasyon k ap dire jis pou tout tan, ki p ap janm fini. Epi wayòm Li an se yon wayòm ki p ap detwi.
15 “Pou mwen menm, Daniel, lespri mwen te twouble anndan mwen, e vizyon nan panse m yo te kontinye ban m Dan 4:19 gwo laperèz. 16 Mwen te pwoche youn nan sila ki te Za 1:9-19kanpe akote yo, e te kòmanse mande li kisa tout sa te vle di.
“Konsa, li te Dan 8:16 eksplike mwen e te fè m konnen byen dirèk entèpretasyon a tout bagay sa yo. 17 ‘Gwo bèt sila yo, ki se kat yo, se kat wa ki va leve soti nan tè a. 18 Men sen yo a Sila Ki Pi Wo a va Sòm 149:5-9 resevwa wayòm nan, e va posede wayòm nan jis pou tout tan, pou tout laj ki gen pou vini yo.’
19 “Epi mwen te dezire konnen kisa Dan 7:7-8 Katriyèm bèt la te sinyifi, ki pa t menm jan ak lòt bèt yo, te vrèman tèrib, ak dan li an fè, e grif li an bwonz, ki te devore, kraze e foule rès la anba pye li; 20 epi kisa dis kòn sou tèt li yo ak lòt kòn ki te vin leve a te sinyifi e devan sila twa nan yo te tonbe a, menm kòn ki te gen zye ak bouch ki te pi djanam nan aparans ke parèy li yo. 21 Mwen te kontinye gade; kòn sa a t ap Rev 11:7 fè lagè ak fidèl yo, e te enpoze li sou yo. 22 Jiskaske Ansyen A Jou Yo te vini, epi Dan 7:10 jijman an te fèt nan favè a sen a Sila Ki Pi Wo a e lè a te rive pou sen yo te pran posesyon a wayòm nan.
23 “Konsa, li te di: ‘Katriyèm bèt la va yon katriyèm wayòm sou latè, ki va apa de tout lòt wayòm yo. Li va devore tout latè, mache sou li e kraze li an mòso. 24 E pou Dan 7:7 dis kòn yo, sòti nan wayòm sa a, dis wa va leve. Konsa, yon lòt va leve apre yo, li p ap menm jan ak lòt ki te avan yo, e li va kraze twa wa yo. 25 Li va pale kont Pi Wo a, li va Rev 13:7epwize sen a Sila Ki Pi Wo a, epi li va gen entansyon pou Dan 2:21 fè chanjman nan tan ak lwa yo. Yo va vin livre nan men li pandan yon tan ak tan yo, ak yon mwatye tan.
26 “ ‘Men jijman an va etabli. Dominasyon li an va Rev 17:4 rache, anile e detwi jis pou tout tan. 27 Epi wayòm a dominasyon an, ak grandè a tout wayòm yo anba tout syèl la va vin livre a pèp a sen a Pi Wo yo. Wayòm Li an, yon wayòm k ap dire jis pou tout tan e tout dominasyon yo va sèvi e obeyi Li.’ És 54:3; Sòm 2:6-12
28 “Se konsa bagay la te fini. Pou mwen menm, Daniel, refleksyon mwen yo te Dan 4:19twouble m anpil anpil, e figi m te vin pal; men mwen te Luc 2:19,51 kenbe bagay la nan kè m.”

7:1 Jr 36:4

7:2 Rev 7:1

7:3 Dan 7:7

7:4 Jr 4:7

7:6 Rev 13:2

7:6 Dan 8:22

7:7 Rev 12:3

7:8 Dan 8:9

7:8 Rev 13:5,6

7:9 Rev 20:4

7:10 Dan 12:1

7:11 Rev 19:20

7:13 Mat 24:30

7:14 Dan 7:27

7:14 Mi 4:7

7:15 Dan 4:19

7:16 Za 1:9-19

7:16 Dan 8:16

7:18 Sòm 149:5-9

7:19 Dan 7:7-8

7:21 Rev 11:7

7:22 Dan 7:10

7:24 Dan 7:7

7:25 Rev 13:7

7:25 Dan 2:21

7:26 Rev 17:4

7:27 És 54:3; Sòm 2:6-12

7:28 Dan 4:19

7:28 Luc 2:19,51