13
Dragon an te kanpe sou sab lanmè a. Mwen te wè yon bèt ki sòti nan lanmè a, avèk Rev 12:3dis kòn, ak sèt tèt. Sou kòn li yo, te gen dis kouwòn, e sou tèt li te gen Dan 7:8non blasfematè yo. Bèt ke m te wè a te Dan 7:6tankou yon leyopa. Pat li yo te tankou pat a yon lous, e bouch li te tankou bouch a yon lyon. Konsa, dragon an te ba li pouvwa li a, Rev 2:13twòn li an, ak gran otorite. Mwen te wè youn nan tèt li yo kòmsi li te fin touye, e Rev 13:12,14blese fatal li a te fin geri.
Tout latè te etone, e yo te swiv bèt la. Yo te adore Rev 12:3dragon an paske li te bay otorite a bèt la, epi yo te adore bèt la. Yo t ap di: “Kilès ki tankou bèt la, e kilès ki kapab fè lagè avè l?”
Li te resevwa yon bouch pou Dan 7:25pale pawòl ki awogan yo avèk blasfèm, e li te resevwa otorite pou aji pandan karant-de mwa. Li te ouvri bouch li ak blasfèm yo kont Bondye, pou blasfeme non Li ak tabènak Li a, ak Rev 7:15sila ki rete nan syèl yo. Pouvwa a te osi bay a li menm pou Dan 7:21fè lagè avèk sen yo, e pou venk yo. Epi otorite sou chak tribi, pèp, lang, ak nasyon, te vin bay a li menm.
Tout moun ki viv sou tè a va adore l, tout moun ke non yo pa ekri Rev 17:8depi nan fondasyon mond lan, nan liv lavi a Jèn Mouton ki te touye a.
Rev 2:7Si yon moun gen yon zorèy, kite l tande. 10  Jr 15:2Si yon moun gen pou ale an kaptivite, an kaptivite li prale. Si yon moun dwe touye avèk nepe, avèk nepe, li va touye. Se konsa ak lafwa ak pèseverans a sen yo.
11  Rev 13:1Answit, mwen te wè yon lòt bèt ki t ap vin sòti anba tè a. Li te gen de kòn tankou yon jenn mouton, e li te pale tankou yon dragon.
12 Li egzèse tout otorite a premye bèt la Rev 13:14nan prezans li. Epi li fè tè a avèk sila ki rete ladann yo adore premye bèt, ki te gen blese fatal ki te geri a. 13 Li Mat 24:24 fè gwo sign, jis pou fè I Wa 18:38dife sòti nan syèl la rive sou tè a devan prezans a moun yo. 14 E li twonpe sila ki viv sou latè yo, akoz II Tes 2:9gwo sign ki te bay a li menm pou fè nan prezans a bèt la. Li pale ak sila ki viv sou latè yo pou yo fè yon imaj a bèt ki te gen Rev 13:3blese nepe a, e ki te viv.
15 Konsa, pouvwa a te bay a li menm pou bay souf a imaj bèt la, pou imaj a bèt la ta kapab menm pale e fè Dan 3:3tout sila ki refize adore bèt la touye. 16 Konsa, li koze tout moun, Rev 11:18piti kon gran, rich kon malere, moun lib kon esklav, vin resevwa yon mak sou men dwat oswa sou fon yo, 17 pou pèsòn pa kapab ni achte ni vann, eksepte sila ki pote mak la, ki se Rev 14:11 non a bèt la oswa Rev 15:2chif non li an.
18  Rev 17:9Men sajès. Kite sila ki gen bon konprann nan, kalkile chif a bèt la, paske chif la se sa ki pou yon moun. E chif li a se sis-san-swasann-sis.

13:1 Rev 12:3

13:1 Dan 7:8

13:2 Dan 7:6

13:2 Rev 2:13

13:3 Rev 13:12,14

13:4 Rev 12:3

13:5 Dan 7:25

13:6 Rev 7:15

13:7 Dan 7:21

13:8 Rev 17:8

13:9 Rev 2:7

13:10 Jr 15:2

13:11 Rev 13:1

13:12 Rev 13:14

13:13 Mat 24:24

13:13 I Wa 18:38

13:14 II Tes 2:9

13:14 Rev 13:3

13:15 Dan 3:3

13:16 Rev 11:18

13:17 Rev 14:11

13:17 Rev 15:2

13:18 Rev 17:9