12
1 Yon ✡ Mat 24:30gwo sign te vin parèt nan syèl la: yon fanm abiye avèk solèy la, ak lalin nan anba pye li, e sou tèt li, yon kouwòn douz etwal; 2 Li te gwo ansent e te ✡ És 26:17kriye fò ak tranche ak doulè pou l akouche.
3 Answit, yon lòt sign te parèt nan syèl la. Gade byen, yon gwo ✡ És 27:1dragon wouj avèk sèt tèt ak dis kòn e sou tèt li yo, te gen sèt kouwòn. 4 Konsa, ke li te ✡ Rev 8:7,12baleye nèt yon tyè nan zetwal nan syèl yo e te ✡ Dan 8:10jete yo sou latè.
Epi dragon an te kanpe devan fanm ki te prèt pou akouche a, pou lè li fè pitit la, li ta kab devore pitit li a. 5 ✡ És 66:7Epi li te fè yon fis, yon pitit mal, ki gen pou gouvène tout nasyon yo avèk yon baton fè; epi pitit li a te rale monte kote Bondye e anvè twòn Li an. 6 Answit fanm nan te sove ale nan dezè a kote li te ✡ Rev 11:3gen yon plas prepare pa Bondye, pouke la, li ta kapab nouri pandan mil-de-san-swasann jou.
7 Epi te gen lagè nan syèl la, ✡ Dan 10:13,21Michel avèk zanj li yo t ap fè lagè avèk dragon an. Dragon an avèk ✡ Mat 25:41zanj pa li yo t ap fè lagè. 8 Men yo pa t dyanm ase, e yo pa t gen plas pou yo ankò nan syèl la. 9 Epi gran dragon an te jete anba, ✡ Jen 3:1sèpan ansyen an ki rele dyab la e Satan, ki twonpe tout mond lan. Li te jete anba sou latè, e zanj li yo te jete anba avèk li.
10 Answit mwen te tande yon gwo vwa nan syèl la ki t ap di: “Koulye a delivrans lan, pwisans lan, wayòm Bondye nou an, ak otorite Kris Li a te vini an. Paske ✡ Job 1:11akizatè a frè nou yo jete anba; Sila ki te konn akize yo devan Bondye nou an lajounen kon lannwit lan. 11 Epi yo te venk li akoz ✡ Rev 7:14san Jèn Mouton an e akoz pawòl temwayaj yo. Konsa, yo pa t renmen lavi yo, menm fas a lanmò.
12 “Pou rezon sa a, ✡ Sòm 96:11rejwi nou o syèl, ak nou menm ki demere ladann yo. Malè a tè a ak lanmè a paske dyab la gen tan desann sou nou avèk gwo kòlè, akoz li konnen tan li an vrèman kout.”
13 Alò, lè ✡ Rev 12:3dragon an te wè ke li te jete anba sou latè, li te pèsekite fanm ki te bay nesans a pitit mal la.
14 Men ✡ Egz 19:4de zèl a gwo èg la te bay a fanm nan pou li ta kapab vole rive nan dezè a nan pwòp plas li, kote li te nouri pandan yon ti tan, tan ak mwatye tan, lib de prezans sèpan an.
15 Konsa, ✡ Jen 3:1sèpan an te vide yon dlo sòti nan bouch li tankou yon rivyè dèyè fanm nan, pou li ta kapab baleye l avèk lavalas dlo. 16 Men tè a te ede fanm nan. Tè a te louvri bouch li e te bwè tout larivyè dlo ke dragon an te vide soti nan bouch li a. 17 Donk, dragon a te vin anraje avèk fanm nan, e te ale pou ✡ Rev 11:7fè lagè avèk rès pitit li yo, ki kenbe kòmandman Bondye yo e ki kenbe temwayaj a Jésus a.