3
Alò, II Kor 11:3 sèpan an te pi koken pase nenpòt bèt chan ke Bondye te fè. Li te di fanm nan: “Vrèman èske Bondye te di: ‘Pinga nou manje nan okenn ab nan jaden an?’ ”
Fanm nan te di a sèpan an: “ Jen 2:16Fwi ki sòti nan ab nan jaden yo, nou kapab manje yo; men nan fwi ki sòti nan ab ki nan mitan jaden an, Bondye te di: Nou pa pou manje nan li, ni touche li, sinon, nou va mouri.”
Jn 8:44Sèpan an te di fanm nan: “Vrèman, nou p ap mouri!” Paske Bondye konnen ke nan jou nou manje nan li, zye nou va vin louvri, e És 14:4 nou va vin tankou Bondye, avèk konesans de sa ki bon ak sa ki mal.
Wo 5:12-19 Lè fanm nan te wè ke pyebwa a te bon pou manje, ke li te yon plezi devan zye li, ke li te byen itil pou vin saj, alò li te pran nan fwi a pou li te manje; epi li te bay osi a mari li ansanm avèk li, pou li te manje. Zye a toude te vin louvri, e yo te vin És 47:3konnen ke yo te toutouni. Pou sa, yo te koud fèy pyebwa ansanm e yo te fè pou yo menm yon tabliye.
Yo te tande son a Lev 26:12SENYÈ Bondye a ki t ap mache nan jaden an nan frechè jounen an, e lòm nan avèk fanm nan te kache tèt yo de prezans SENYÈ Bondye a pami bwa yo nan jaden an. Alò, Senyè Bondye a te rele lòm nan, e te di l: “ Jen 4:9Kote ou ye?”
10 Adam te reponn: “ Egz 20:18-19Mwen te tande son Ou menm nan jaden an, e mwen te pè paske mwen te toutouni; alò mwen te kache tèt mwen.”
11 Epi Li te di li, kilès ki te di ou ke ou te toutouni? Èske ou te manje nan pyebwa e M te di ou pa manje a?
12  Job 31:33 Lòm nan te di: “Fanm ke Ou te ban mwen an, li te ban m ladann, e mwen te manje.” 13 Alò, Bondye te di a fanm nan: “Kisa ou te fè la a?” Epi fanm nan te di: II Kor 11:3 “Sèpan an te twonpe mwen, e mwen te manje l.”
14 SENYÈ Bondye a te di a sèpan an: “Akoz ke ou te fè sa, ou modi pase tout bèt domestik yo, e plis ke tout bèt sovaj nan chan an. Sou vant ou ou va mache, e se És 65:25pousyè ke ou va manje tout jou nan vi ou. 15 Mwen va mete Rev 12:17rayisman antre ou menm avèk fanm nan, e antre pitit ou ak pitit li. Li va kraze tèt ou, e ou va kraze talon li.”
16 A fanm nan Li te di: “Mwen va miltipliye anpil doulè ke ou va gen nan Jn 16:21fè pitit; ak doulè ou va gen nan pouse pitit; malgre sa, dezi ou va pou mari ou, e li va domine sou ou.”
17 Alò a Adam Li te di: “Akoz ou te koute vwa a fanm ou an, ou te manje nan ab ke Mwen te kòmande e te di Ou pa manje ladann nan, Jen 5:29tè a ap modi akoz ou menm. Nan redi ou va manje ladann pou tout jou lavi ou. 18 Se pikan, se zepeng li va fè grandi pou ou; epi ou va manje plant chan an. 19 Avèk swè figi ou, ou va manje pen, jiskaske ou Sòm 90:3retounen nan tè a, paske ladann ou te sòti. Paske se pousyè ou ye, e se nan pousyè ou va retounen.”
20 Alò, lòm nan te rele fanm li an II Kor 11:3Eve, paske se li ki te manman a tout vivan yo.
21 SENYÈ Bondye a te fè rad avèk po bèt pou Adam avèk madanm li, e Li te abiye yo. 22 Alò, SENYÈ Bondye a te di: “Gade byen, lòm nan gen tan vini tankou youn nan Nou, avèk konesans sa ki bon avèk sa ki mal. Koulye a, pou li pa lonje men l, pou pran osi nan Jen 2:9ab lavi a, manje l e viv jis pou tout tan—” 23 Pou sa, SENYÈ Bondye a te voye l deyò jaden Eden nan, pou kiltive tè a, nan sila li te sòti a.
24 Alò, Li te pouse lòm nan deyò; epi nan lès jaden Eden nan, Li te estasyone Egz 25:18-22cheriben nan avèk nepe ak flanm ki te vire nan tout direksyon pou veye chemen vè ab lavi a.

3:1 II Kor 11:3

3:2 Jen 2:16

3:4 Jn 8:44

3:5 És 14:4

3:6 Wo 5:12-19

3:7 És 47:3

3:8 Lev 26:12

3:9 Jen 4:9

3:10 Egz 20:18-19

3:12 Job 31:33

3:13 II Kor 11:3

3:14 És 65:25

3:15 Rev 12:17

3:16 Jn 16:21

3:17 Jen 5:29

3:19 Sòm 90:3

3:20 II Kor 11:3

3:22 Jen 2:9

3:24 Egz 25:18-22