5
Sa se liv jenerasyon Adan yo.
Nan jou ke Bondye te kreye lòm, Li te fè l Jen 1:26-27nan imaj Bondye. Li te kreye yo Mat 19:4 mal avèk femèl. Li te beni yo, e Li te rele yo Lòm. Sa vle di “Adam” nan jou ke yo te kreye a.
Lè Adam te gen tan fin viv san-trant ane, li te vin papa a yon fis ki sanble nèt ak li, nan pwòp imaj pa l. Li te rele li Seth. Laj a Adam, lè l te fin fè Seth, se te uit-san ane, e li te gen lòt fis ak fi. Paske tout jou ke Adam te viv yo te nèf-san-trant ane. Konsa, li te vin mouri.
Seth te viv san-senkant ane, e li te vin papa Énosch. Alò, Seth te viv uit-san-sèt ane apre li te vin papa Énosch, e li te gen lòt fis ak fi. Paske tout jou a Seth yo te nèf-san-douz ane, e li te vin mouri.
Énosch te viv katre-ven-dis ane, e li te vin papa a Kénan. 10 Epi Énosch te viv uit-san-kenz ane apre li te vin papa a Kénan, e li te fè lòt fis ak lòt fi. 11 Alò, tout jou a Énosch yo te nèf-san-senk ane, e li te vin mouri.
12 Kénan te viv pandan swasann-dis ane, e li te vin papa a Mahalaléel. 13 Epi Kénan te viv uit-san-karant ane lè li te fin fè Mahalaléel, e li te gen lòt fis ak lòt fi. 14 Alò, tout jou a Kénan yo te nèf-san-dis ane, e li te mouri.
15 Mahalaléel te viv swasant senk ane, e li te vin papa Jred. 16 Epi Mahalaléel te viv ui-san-trant ane apre li te vin papa Jred, e li te gen lòt fis ak fi. 17 Alò, tout jou a Mahalaléel yo te ui-san-katre-ven-kenz ane, e li te vin mouri.
18 Jred te viv san-swasann-de ane, e li te vin papa Hénoc. 19 Alò, Jred te viv ui-san ane apre li te vin papa Hénoc, e li te gen lòt fis ak lòt fi. 20 Paske, tout jou a Jred yo te nèf-san-swasann-de ane, e li te vin mouri.
21 Hénoc te viv swasann-senk ane, e li te vin papa Methuschélah. 22 Alò, Hénoc te Mi 6:8mache ansanm avèk Bondye pandan twa san ane apre li te vin papa a Methuschélah, e li te gen lòt fis ak fi. 23 Paske tout jou Hénoc yo te twa-san-swasant-senk ane. 24 Hénoc te mache avèk Bondye; e li pa t la ankò, paske Bondye te II Wa 2:10pran l.
25 Methuschélah te viv pandan san-katre-ven-sèt ane, e li te vin papa a Lémec. 26 Alò Methuschélah te viv sèt san katreven de ane apre li te vin papa a Lémec, e li te gen lòt fis ak fi. 27 Jou Methuschélah yo te nèf-san-swasant nèf ane, e li te vin mouri.
28 Lémec te viv san-katre-ven-de ane, e li te vin papa a yon fis. 29 Alò, li te rele non li Noé, e li te di: “Sila a va bannou repo sou travay di nou fè ak men nou ki leve sòti nan Jen 3:17-19tè ke SENYÈ a te modi a.” 30 Alò, Lémec te viv senk-san-katre-ven-kenz ane apre li te vin fè Noé, e li te gen lòt fis ak fi. 31 Paske tout jou a Lémec te sèt-san-swasann-dis-sèt ane, e li te vin mouri.
32 Noé te gen laj Jen 7:6senk-san ane, e li te vin papa a Sem, Cham, ak Japhet.

5:1 Jen 1:26-27

5:2 Mat 19:4

5:22 Mi 6:8

5:24 II Wa 2:10

5:29 Jen 3:17-19

5:32 Jen 7:6