19
Lè Jésus te fin pale pawòl sa yo, li te kite Galilée pou Mc 10:1-12ale nan rejyon Judée, lòtbò Jourdain an. Gran foul yo te swiv Li, e Mat 4:23Li te geri yo la.
Kèk Farizyen te vin kote Li pou fè pase L eprèv. Yo mande L: Mat 5:31“Èske li pèmèt pou yon nonm divòse ak madanm li pou okenn rezon?”
Li te reponn yo: “Èske nou pa konn li Jen 1:27ke Sila ki te kreye yo depi nan kòmansman an, te fè yo mal ak femèl, ke: Jen 2:24‘pou koz sa a, yon nonm ap kite papa li ak manman li pou vin atache a madanm li, epi yo de a ap vini yon sèl chè? Konsa, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. Sa ke Bondye mete ansanm, pa kite okenn moun separe l.’ ”
Yo te mande L: “Ebyen, Det 24:1-4poukisa Moïse te kòmande yo pou ‘Bay li yon sètifika divòs e voye li ale?’ ”
Li te reponn yo: “Akoz kè di nou, Moïse te pèmèt nou divòse ak madanm nou yo, men depi nan kòmansman an, se pa konsa li te ye. Mwen di nou: Mat 5:32 Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, sof ke pou imoralite, epi marye avèk yon lòt fanm, li fè adiltè.”
10 Disip Li yo te di L: “Si se konsa relasyon a yon mesye ye avèk madanm li, li pi bon pou pa marye.”
11 Men Li te di yo: I Kor 7:7“Se pa tout moun ki kapab aksepte sa nou di a, men sèl sa yo ke li te bay. 12  Paske gen enik ki te fèt konsa depi nan vant manman yo, e gen enik ki te fèt konsa pa lòm; e gen enik ki te fèt konsa pou tèt yo, pou koz a wayòm syèl la. Sila ki kapab aksepte sa, kite l aksepte li.”
13 Apre sa, Mc 10:13-16yo te mennen kèk timoun kote L pou Li ta kapab mete men Li sou yo e priye pou yo; men disip yo te reprimande yo.
14 Konsa, Jésus te di: Mat 18:3“Bay timoun yo pèmi, e pa anpeche yo vin kote Mwen, paske wayòm syèl la se pou sila ki tankou yo”. 15 Apre Li mete men Li sou yo, Li kite la.
16  Luc 10:25-28Konsa, youn moun te vini la, e te di: “Mèt, ki bon bagay Mwen kapab fè pou m jwenn lavi etènèl?”
17 Li te di l: “Poukisa ou ap kesyone M sou sa ki bon? Gen yon sèl ki bon, Bondye. Men Lev 18:5si ou vle antre nan lavi, kenbe kòmandman yo.”
18 Li te mande Li: “Kilès nan yo?”
Jésus te reponn li: Egz 20:13-16“Ou pa pou touye moun, ou pa pou fè adiltè, ou pa pou vòlè, ou pa pou pote fo temwayaj. 19  Egz 20:12Onore papa ou avèk manman ou, epi Lev 19:18renmen pwochen ou tankou tèt ou.”
20 Jennonm nan te di L: “Tout bagay sa yo, mwen fè yo. Kisa mwen manke?”
21 Jésus te di l: “Si ou vle pafè, Luc 12:33 ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e w ap gen richès nan syèl la; epi vin swiv Mwen.”
22 Men lè jennonm nan te tande pawòl sa a, li te sòti dezole, paske li te gen anpil byen.
23 Jésus te di a disip Li yo: “Anverite Mwen di nou: Mat 13:22 Li difisil pou yon nonm rich antre nan wayòm syèl la. 24  Ankò, Mwen di nou: Mc 10:25Li pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon zegwi, pase pou yon nonm rich antre nan wayòm Bondye a.”
25 Lè disip Li yo te tande sa, yo te etone e te di: “Kilès konsa ki kab sove?”
26 Jésus te byen gade yo, e te di: Jen 18:14“Avèk moun, li pa posib, men avèk Bondye, tout bagay posib.”
27 Konsa Pierre te reponn Li. Li te di: “Gade, nou fin kite tout bagay pou te swiv Ou. Kisa k ap gen pou nou?”
28 Jésus te di yo: “Anverite, Mwen di nou ke nou ki te swiv Mwen yo, nan tan renouvèlman tout bagay la, lè Fis a Lòm nan vin chita sou twòn Li nan tout glwa Li, nou menm Luc 22:30tou, n ap chita sou douz twòn pou jije douz tribi Israël yo.
29  Mat 6:33“Tout moun ki kite kay yo oubyen frè yo oubyen sè yo, papa, Manman, zanfan, oubyen tè pou koz a Non Mwen, ap resevwa anpil fwa sa a, e va eritye lavi etènèl. 30  Mat 20:16Men anpil moun ki premye ap dènye, e dènye yo, ap vin premye.”

19:1 Mc 10:1-12

19:2 Mat 4:23

19:3 Mat 5:31

19:4 Jen 1:27

19:5 Jen 2:24

19:7 Det 24:1-4

19:9 Mat 5:32

19:11 I Kor 7:7

19:13 Mc 10:13-16

19:14 Mat 18:3

19:16 Luc 10:25-28

19:17 Lev 18:5

19:18 Egz 20:13-16

19:19 Egz 20:12

19:19 Lev 19:18

19:21 Luc 12:33

19:23 Mat 13:22

19:24 Mc 10:25

19:26 Jen 18:14

19:28 Luc 22:30

19:29 Mat 6:33

19:30 Mat 20:16