22
Egz 12:1-27Alò, fèt Pen San Ledven an ki rele Pak Jwif la, t ap pwoche. Konsa, Chèf prèt avèk skrib yo Mat 12:14t ap chache kijan yo ta kapab mete L a lanmò; paske yo te pè pèp la.
Mat 26:14-16Konsa, Satan te antre nan Judas ki te rele Iscariot, ki te konte pami douz yo. Li te sòti, e te diskite avèk chèf prèt avèk I Kwo 9:11ofisye yo sou jan li ta kapab trayi Li a yo menm. Yo te kontan, e te vin dakò pou bay li lajan. Donk, li te antann li avèk yo, e te kòmanse chache yon bon okazyon pou livre Li bay yo kote pa t gen foul moun.
Mat 26:17-19Alò, te rive premye jou Pen San Ledven an pandan lè yo te oblije fè sakrifis jenn mouton an. Li te voye Trav 3:1-11Pierre avèk Jean e te di: “Ale prepare Pak la pou nou pou nou kab manje li.”
Yo te mande li: “Ki kote Ou vle nou prepare l?”
10 Li te di yo: “Gade, lè nou antre nan vil la, yon mesye k ap pote yon vaz dlo va vin rankontre nou. Swiv li pou antre nan kay kote li antre a.” 11 Nou va di a mèt kay la: “Mèt la di nou, ‘Kote chanm vizitè a kote Mwen kapab manje Pak la avèk disip Mwen yo?’ 12  Epi li va montre nou yon gwo chanm anlè, byen founi. Prepare li la.”
13 Yo te pati e te twouve tout bagay jan li te di yo a. Yo te prepare Pak la.
14  Mat 26:20Lè lè a te rive, Li te repoze a tab, e apòt yo te avè L. 15 Li te di yo: “Mwen te seryezman anvi manje Pak sa a avèk nou avan Mwen soufri; 16  paske Mwen di nou, Mwen p ap janm manje li ankò, Luc 14:15 jiskaske li vin akonpli nan wayòm Bondye a.” 17  I Kor 10:16Lè l te fin pran yon tas, e te beni li, Li te di: “Pran sa a, e pataje li pami nou menm. 18  Paske Mat 26:29 Mwen di nou, Mwen p ap bwè fwi rezen an depi kounye a jiskaske wayòm Bondye a vini.”
19 Lè L te fin pran yon pen e te Mat 14:9beni li, Li te kase l. Li te bay yo e te di: “Sa se kò M ki bay pou nou menm. Fè sa nan memwa a Mwen menm.” 20 Menm jan an, Li te pran tas la lè yo te fin manje e te di: “Tas sa se Mat 26:28 akò nèf de san Mwen an ki vide Egz 24:8 nèt pou nou. 21  Sòm 41:9 Men gade, men la a sila ki trayi Mwen an; li la avè M sou tab la. 22  Paske anverite, Fis a Lòm nan va ale Trav 2:23jan sa te deja detèmine a. Men malè a moun ki trayi Li a!”
23 Konsa, yo te kòmanse diskite pami yo kilès nan yo ke li ta kapab ye pou ta fè bagay sa a.
24 Te leve osi yon diskisyon pami yo sou kilès nan yo ki te konsidere kòm pi gran. 25  Mat 20:25-28Men Li te di yo: “Wa a payen yo domine yo, e sila ki gen otorite sou yo, yo rele ‘byenfetè’. 26  Men se pa konsa pou nou menm, Mat 23:11men fòk sila a ki pi gran pami nou an vin tankou pi piti a, e direktè a tankou sèvitè a. 27  Paske, kilès ki pi gran an, sila a ki repoze a tab la, oubyen sila k ap sèvi a? Se pa sila ki repoze a tab la? Men Mat 20:28Mwen menm, mwen pami nou kòm sila k ap sèvi a.
28  Nou menm se sila yo ki te kanpe avè M nan tout Eb 2:18eprèv Mwen yo. 29  Epi menm jan an ke Papa M ban Mwen Mat 5:3yon wayòm, Mwen bannou li, 30  pou nou kapab manje e bwè sou tab Mwen nan wayòm Mwen an. Konsa, Mat 19:28nou va chita sou douz twòn yo pou jije douz tribi Israël yo.
31  Simon, Simon, veye byen. Job 1:6Satan mande pèmisyon pou Am 9:9vannen ou tankou ble. 32  Men Mwen te Jn 17:9-15priye pou ou, pou lafwa ou pa pèdi; e pou ou, nan lè ke ou retounen ankò, kab bay frè ou yo fòs.”
33  Mat 26:33-35Men li te di Li: “Senyè, avèk Ou, mwen prepare pou m ale ni nan prizon, ni a lanmò!”
34 Li te reponn: “Mwen di ou, Pierre, ke kòk la p ap gen tan chante jodi a avan ou di twa fwa ke ou pa rekonèt Mwen.”
35 Li te di yo: Mat 10:9 “Lè Mwen te voye nou deyò san bous, ni sak, ni sapat la, nou pa t manke anyen; se pa sa?” E yo te di: “Non, anyen”.
36 Li te di yo ankò: “Men koulye a, nenpòt moun ki gen yon bous, fòk li pran l avè l; menm jan an tou, yon sak. E nenpòt moun ki pa gen, fòk li vann manto li, pou achte youn nepe. 37  Paske Mwen di nou ke sa ki ekri a oblije akonpli nan Mwen. És 53:12 ‘E Li te konte pami malfektè yo.’ Paske Jn 17:4sa ki gen referans a Mwen menm nan gen pou ranpli.”
38 Yo te di: “Senyè, gade, men de Luc 22:36-49nepe.” E Li te di yo: “Sa sifi.”
39 Li te sòti, e te kontinye Luc 21:37kòm abitid Li, vè Mòn Olivye a. Disip Li yo osi te swiv Li. 40 Lè L te rive la, Li te di yo: “Priye pou nou pa antre nan tantasyon.” Mat 26:39; Mat 26:36-46
41 Konsa, Li te kite yo pou rive vè distans ke yon moun kab voye yon wòch, e Li te mete L sou jenou pou priye. 42 Li t ap di: “Papa, si se volonte Ou, rete tas sa a sou Mwen; Mat 26:39malgre pa selon volonte M, men ke pa W la kapab fèt.”
43 Alò, yon Mat 4:11zanj syèl la te parèt a Li menm pou bay Li fòs. 44  Eb 5:7Ak gwo toumant, Li t ap priye avèk entansite. Swè Li te vin tankou gwo gout san ki t ap tonbe atè.
45 Lè L te leve soti nan lapriyè, Li te vin kote disip yo e te twouve yo nan dòmi akoz tristès yo. 46 Li te di yo: “Poukisa nou ap dòmi? Leve e Luc 22:40priye pou nou pa antre nan tantasyon.”
47  Mat 26:47-56Pandan Li te toujou ap pale, men yon foul te parèt avèk sila ki te rele Judas a, youn nan douz yo, ki t ap mennen yo. Li te pwoche Jésus pou bo L. 48 Men Jésus te di li: “Judas, èske w ap trayi Fis a Lòm nan avèk yon bo?”
49 Lè sila ki te antoure Li yo te wè sa ki t ap fèt la, yo te di: “Senyè, èske n ap frape avèk Luc 22:38nepe a”? 50 Konsa, youn nan yo te frape esklav a wo prèt la, e te koupe zòrèy dwat li.
51 Men Jésus te reponn e te di: “Anmwens, kite m fè sa a” epi Li te touche zòrèy la, e te geri li. 52 Jésus te di a chèf prèt avèk Luc 22:4ofisye a tanp ki te vini kont Li yo: “Nou vini avèk nepe ak baton tankou nou t ap vini kont yon vòlè? 53  Pandan ke Mwen te avèk nou chak jou nan tanp lan, nou pa t mete men sou Mwen; men lè sa a avèk pouvwa tenèb la se lè pa nou an.”
54 Lè yo te fin arete Li, yo te mennen L ale, e te fè L rive lakay wo prèt la. Men Mat 26:58Pierre t ap swiv a yon distans. 55  Mat 26:69-75Apre yo te fin sanble dife nan mitan lakou tribinal la, e te chita ansanm, Pierre te chita pami yo. 56 Alò, yon fi ki t ap sèvi, lè l te wè li nan limyè dife a, li te gade l toupre, e te di: “Mesye sa a te avè L tou, wi.”
57 Men Li te demanti sa, e te di: “Fanm, mwen pa konnen Li.”
58 Yon ti jan pita, Jn 18:26yon lòt te wè l, e te di: “Ou menm se youn nan yo tou.” Men Pierre te di: “Mesye, se pa mwen!”
59 Apre anviwon yon èdtan te fin pase, yon lòt mesye te kòmanse ensiste, e te di: “Sètènman mesye sa a te avè l tou, Mat 26:73paske li se yon Galileyen.”
60 Men Pierre te di: “Mesye, mwen pa konnen anyen de sa w ap pale a!” E lapoula, pandan li te toujou ap pale, yon kòk te chante. 61 Senyè a te vire gade Pierre. E Pierre te sonje pawòl a Senyè a, jan li te di li a: Luc 22:34 “Avan kòk la chante jodi a, ou va renye M twa fwa.” 62 Li te sòti deyò, e te kriye byen amè.
63 Alò Mat 26:67mesye ki te kenbe Jésus yo t ap moke Li, e bat Li, 64 Konsa, yo te mare kouvri zye Li avèk yon twal, e te di L: Mat 26:68 “Pwofetize non; se kilès ki frape Ou a?” 65 Yo t ap di anpil lòt bagay kont Li, avèk Mat 27:39blasfèm.
66  Mat 27:1Lè li te fè jou, Konsèy Ansyen a pèp la te reyini, ni chèf prèt avèk skrib yo. Yo te mennen Li nan chanm konsèy la, e t ap di: 67  Mat 26:63-66“Si Ou menm se Kris la, di nou sa a.” Men Li te di yo: “Si Mwen di nou, nou p ap kwè; 68  epi si Mwen poze nou yon kesyon, nou p ap reponn, ni lage M ale. 69  Mat 26:64 Men depi koulye a, Sòm 110:1Fis a Lòm nan va chita sou men dwat a pwisans Bondye a.”
70 Konsa, yo tout te di: “Alò, Ou menm se Fis Bondye a?” Li te reponn yo: Mat 26:64“Ou pale sa, paske, Mwen Se.”
71 Answit yo te di: “Kisa nou bezwen anplis kòm temwayaj? Paske nou tande sa nou menm nan pwòp bouch Li!”

22:1 Egz 12:1-27

22:2 Mat 12:14

22:3 Mat 26:14-16

22:4 I Kwo 9:11

22:7 Mat 26:17-19

22:8 Trav 3:1-11

22:14 Mat 26:20

22:16 Luc 14:15

22:17 I Kor 10:16

22:18 Mat 26:29

22:19 Mat 14:9

22:20 Mat 26:28

22:20 Egz 24:8

22:21 Sòm 41:9

22:22 Trav 2:23

22:25 Mat 20:25-28

22:26 Mat 23:11

22:27 Mat 20:28

22:28 Eb 2:18

22:29 Mat 5:3

22:30 Mat 19:28

22:31 Job 1:6

22:31 Am 9:9

22:32 Jn 17:9-15

22:33 Mat 26:33-35

22:35 Mat 10:9

22:37 És 53:12

22:37 Jn 17:4

22:38 Luc 22:36-49

22:39 Luc 21:37

22:40 Mat 26:39; Mat 26:36-46

22:42 Mat 26:39

22:43 Mat 4:11

22:44 Eb 5:7

22:46 Luc 22:40

22:47 Mat 26:47-56

22:49 Luc 22:38

22:52 Luc 22:4

22:54 Mat 26:58

22:55 Mat 26:69-75

22:58 Jn 18:26

22:59 Mat 26:73

22:61 Luc 22:34

22:63 Mat 26:67

22:64 Mat 26:68

22:65 Mat 27:39

22:66 Mat 27:1

22:67 Mat 26:63-66

22:69 Mat 26:64

22:69 Sòm 110:1

22:70 Mat 26:64