3
Alò, Pierre avèk Jean t ap monte nan tanp lan vè Sòm 55:17nevyèm è, lè lapriyè.
Konsa, yon sèten mesye ki te bwate depi li sòti nan vant manm l t ap pote pa kèk lòt moun. Yo Luc 16:20te konn mete l chak jou nan pòtay tanp lan ke yo rele Bel, kote li te konn mande charite a moun ki t ap antre nan tanp yo. Lè l te wè Luc 22:8Pierre avèk Jean prèt pou antre nan tanp lan, li te mande yo lacharite.
Pierre te Trav 10:4fikse zye yo sou li. Ansanm avèk Jean, li te di: “Gade nou!”
Konsa, li te kòmanse koute yo, anatandan pou yo bay li yon kichòy.
Men Pierre te di: “Nou pa gen lajan, ni lò, men sa ke mwen genyen an, m ap bay ou li. Trav 2:22Nan non Jésus Kri de Nazarèt, mache!” Li te sezi li pa men dwat li pou fè l leve. Lapoula, janm li avèk pye l te vin pran fòs.
Konsa Trav 14:10li te vòltije e te vin kanpe dwat e mache. Li te antre nan tanp lan avèk yo, li t ap mache e vòltije pandan li t ap bay lwanj a Bondye.
Trav 4:16Tout pèp la te wè li t ap mache e bay Bondye lwanj. 10 Yo te rekonèt li kòm sila ki te konn chita devan tanp lan Jn 9:8nan pòt ki te rele Bel la, pou mande lacharite, e yo te etone e sezi pou sa ki te rive l la.
11 Pandan li t ap kenbe sou Pierre ak Jean, tout moun, byen etone, te kouri bò kote yo nan Jn 10:23pòtay yo rele Salomon an.
12 Lè Pierre te wè sa, li te reponn a pèp la: “Moun Israël yo, poukisa nou sezi de sa oubyen poukisa nou fikse nou konsa, kòmsi se pa pwòp pouvwa nou oubyen sentete nou ke nou te fè l mache a?
13 “Bondye Abraham nan, Isaac, ak Jacob la, Bondye a zansèt nou yo, te bay glwa a Trav 3:26sèvitè Li a, Jésus Kri ke nou te livre ak nye nan prezans a Pilate lè li menm te byen deside pou lage L.
14 “Men nou te nye Sila ki Sen e Jis la, e te Mat 27:20mande yo livre bannou yon asasen, 15 e te touye Prens Lavi a, sila menm ke Trav 2:24Bondye te fè leve soti nan lanmò a, de sila, nou te Luc 24:48temwen.
16 “Konsa, sou baz Trav 3:6lafwa nan non Li, se non Jésus ki bay mesye sa a, ke nou wè e konnen an, fòs. Wi, se lafwa ki sòti nan Li ki bay mesye sila a sante pafè, nan prezans a nou tout.
17 “E koulye a, frè yo, mwen konnen ke nou te aji Jn 15:21nan inyorans, menm jan ke chèf nou yo te fè osi. 18 Men bagay ke Trav 2:23Bondye te anonse oparavan yo, pa bouch a tout pwofèt yo, Trav 17:3ke Kris Li a ta soufri; konsa, Li gen tan fin akonpli.
19 “Donk Trav 2:38repanti e retounen, pou peche nou yo kapab efase e pou tan rafrechisman yo kapab sòti nan prezans Senyè a; 20 epi pou Li kapab voye Jésus, Kris la ki te deziye pou nou avan lè, 21 Li menm ke syèl la oblije resevwa jiskaske tan Mat 17:11restorasyon tout bagay ke Luc 1:70Bondye te pale pa bouch a pwofèt sen Li yo depi nan tan ansyen an.
22 “Moïse te di: Det 18:15,18‘Senyè Bondye a va fè leve pou nou yon pwofèt tankou mwen ki sòti nan frè nou yo. A Li menm, nou va prete atansyon a tout sa Li di nou. 23  Det 18:19E li va rive ke tout nanm ki pa okipe pwofèt sila Lev 23:29va detwi nèt pami pèp la.’
24 “Epi menm jan an Luc 24:27tout pwofèt ki pale, depi Samuel ak tout sila ki te swiv li yo, osi te anonse jou sa yo.
25 “Se nou menm ki se fis a pwofèt yo, ak akò ke Bondye te fè avèk zansèt nou yo, lè yo te di Abraham: Jen 22:18‘Nan posterite ou, tout fanmi sou latè yo va beni’.
26 “ Bondye te leve sèvitè Li a, e Li te voye Li kote nou avan, pou beni nou lè l fè chak en de nou vire kite mechanste nou yo.”

3:1 Sòm 55:17

3:2 Luc 16:20

3:3 Luc 22:8

3:4 Trav 10:4

3:6 Trav 2:22

3:8 Trav 14:10

3:9 Trav 4:16

3:10 Jn 9:8

3:11 Jn 10:23

3:13 Trav 3:26

3:14 Mat 27:20

3:15 Trav 2:24

3:15 Luc 24:48

3:16 Trav 3:6

3:17 Jn 15:21

3:18 Trav 2:23

3:18 Trav 17:3

3:19 Trav 2:38

3:21 Mat 17:11

3:21 Luc 1:70

3:22 Det 18:15,18

3:23 Det 18:19

3:23 Lev 23:29

3:24 Luc 24:27

3:25 Jen 22:18