16
Alò, Li t ap osi di a disip yo: “Te gen yon sèten mesye rich ki te gen yon jeran. Konsa, yon rapò te vin rive ke li t ap Luc 15:13gaspiye byen li yo. Li te rele li, e te di li: ‘Kisa ke m tande sou ou la a? Bay yon kontwòl sou jerans ou, paske ou pa kab jeran ankò.’
“Jeran an te di a pwòp tèt li: ‘Kisa m ta fè, paske mèt mwen ap retire jerans lan nan men mwen? Mwen pa gen ase fòs pou m fouye, e mwen wont mande lacharite. Mwen konnen kisa mwen va fè, pou lè yo retire m nan jerans lan, pou moun yo kab resevwa m lakay pa yo a.’
“Konsa, li te rele chak moun ki te dwe mèt li a. Li te kòmanse di a premye a: ‘Konbyen ou dwe mèt mwen an?’
“Li te di: ‘San mezi lwil’. E li te di li: ‘Pran nòt ou e chita byen vit pou ekri senkant.’
“Answit, li te di a yon lòt: ‘Epi konbyen ou dwe?
“Li te reponn: ‘San mezi ble.’ E li te di li: ‘Pran nòt ou pou ekri katreven.’
“Konsa, mèt la te fè konpliman a jeran enjis la, paske li te aji avèk yon koken sajès. Paske fis a laj sila yo pi koken nan relasyon a moun parèy yo pase Jn 12:36fis a limyè yo.
“Mwen di nou: “Fè zanmi pou tèt nou pa mwayen a Mat 6:24richès enjis yo; pou lè l echwe, yo kapab resevwa nou nan kay ki etènèl yo.
10  Mat 25:21-23“Sila a ki fidèl nan yon ti bagay piti, ap fidèl osi nan bagay ki gran. E sila ki enjis nan ti bagay piti, ap enjis osi nan bagay ki gran.
11  “Donk, si nou pa fidèl nan sèvis Luc 16:9richès enjis yo, kilès ki va konfye nou vrè richès yo. 12  Epi si nou pa fidèl nan sèvis ak sa ki pou yon lòt, kilès ki va bannou sa ki pou nou?
13  Mat 6:24“Okenn sèvitè pa kapab sèvi de mèt; paske swa l ap rayi youn, e renmen lòt la, oswa l ap kenbe a youn e meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye, ak richès yo.”
14 Alò, Farizyen yo ki te II Tim 3:2renmen lajan anpil t ap koute tout bagay sa yo, e yo t ap moke L.
15 Li te di yo: “Nou menm se sila yo ki jistifye pwòp tèt nou nan zye lèzòm, men I Sam 16:7Bondye konnen kè nou. Paske sila ki gen gwo valè pami lèzòm yo, yo abominab nan zye Bondye.
16  Mat 4:12“Lalwa avèk pwofèt yo te pwoklame jiska Jean. Depi lè sa a Mat 11:23bòn nouvèl a wayòm Bondye a preche, e tout moun ap fòse antre ladann. 17  Mat 5:18Men li pi fasil pou syèl la avèk tè a vin disparèt pase pou yon sèl mak oubyen lèt Lalwa ta anile.
18  Mat 5:32“Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fè adiltè; e sila a ki marye a youn ki divòse ak yon mari, fè adiltè.
19  “Alò, te gen yon sèten mesye rich ki te toujou abiye an mov ak lèn fen, e ki t ap viv nan gran richès chak jou.
20  “Alò, yon sèten mesye pòv ki te rele Lazare te Trav 3:2kouche devan pòtay li, kouvri nèt avèk maleng. 21  Li te byen anvi resevwa sèl ti mòso ki t ap tonbe soti sou tab mesye rich la. Anplis menm chen te konn vin pou niche maleng li yo.
22  “Epi li rive ke nonm malere a te mouri, e li te vin pote pa zanj yo pou rive nan sen Jn 1:18Abraham nan. Konsa, mesye rich la te mouri tou, e li te antere. 23  Nan Mat 11:23plas sejou mò yo, li te nan toumant. Li te leve zye li, e te wè Abraham byen lwen, ak Lazare nan sen li. 24  Li te kriye fò, e te di: Luc 3:8‘Papa Abraham, fè m gras, voye Lazare pou li kapab mete dwèt li nan dlo pou rafrechi lang mwen! Paske mwen nan doulè ekstrèm nan Mat 25:41flanm sa a.
25  “Men Abraham te di: ‘Pitit, sonje ke pandan lavi Luc 6:14 ou, ou te resevwa bon bagay yo. E menm jan an, Lazare te resevwa move bagay yo. Men koulye a, l ap konsole isit la, e ou menm nan gran doulè. 26  Anplis de sa, antre nou avèk ou menm, gen yon gran vid byen etabli pou anpeche sila isit yo ki vle travèse kote ou a, e ke pèsòn pa kapab travèse soti la a pou rive kote nou menm nan.’
27  “Pou sa li te di: ‘Alò, mwen sipliye ou Papa, pou ou voye li lakay papa m— 28  Pwiske mwen gen senk frè—pou li kapab Trav 2:40avèti yo, pou ke yo menm tou pa vini nan plas toumant sa a.’
29  “Men Abraham te di: ‘Yo gen Luc 4:17 Moïse avèk pwofèt yo. Kite yo tande yo.’
30  “Men li te di: ‘Non. Papa Abraham, men si yon moun ta sòti nan mò a, ale kote yo, yo va repanti!’ Luc 3:8
31  “Men li te di yo: ‘Si yo pa koute Moïse avèk pwofèt yo, nonpli, yo p ap kwè menm si yon moun leve soti nan lanmò.

16:1 Luc 15:13

16:8 Jn 12:36

16:9 Mat 6:24

16:10 Mat 25:21-23

16:11 Luc 16:9

16:13 Mat 6:24

16:14 II Tim 3:2

16:15 I Sam 16:7

16:16 Mat 4:12

16:16 Mat 11:23

16:17 Mat 5:18

16:18 Mat 5:32

16:20 Trav 3:2

16:22 Jn 1:18

16:23 Mat 11:23

16:24 Luc 3:8

16:24 Mat 25:41

16:25 Luc 6:14

16:28 Trav 2:40

16:29 Luc 4:17

16:30 Luc 3:8