LEVANJIL SELON JEAN
1
Nan kòmansman, te gen Pawòl la, e Pawòl la te avèk Bondye, e Pawòl la te Bondye. Jn 17:5 Li te nan kòmansman avèk Bondye. Jn 1:10Tout bagay ki te fèt te fèt pa Li, epi san Li, anyen ki te fèt pa t vin fèt. Jn 5:26Nan Li se te lavi, epi lavi se te Jn 8:12limyè a lòm. Jn 3:19Limyè fè klè nan tenèb la, epi tenèb la pa t ka venk li.
Te Mat 3:1vin parèt yon nonm ke Bondye te voye ke yo te rele Jean. Li te vini kon yon temwen, pou li ta kapab fè temwen a limyè a, Jn 1:12pou tout moun ta kapab kwè akoz li menm. Se pa Jn 1:20li ki te Limyè a, men li te vini pou li ta kapab fè temwen a Limyè a.
Te gen I Jn 2:8vrè Limyè a ke, lè l vini nan mond lan, klere tout moun. 10 Li te nan lemond, e I Kor 8:6lemond te fèt pa Li, men lemond pa t rekonèt Li. 11 Li te vini a moun pa Li yo, e moun pa L yo pa t resevwa Li. 12 Men a tout sa yo ki te resevwa L, Li te bay yo pouvwa pou devni Jn 11:52pitit a Bondye, menm a sa yo ki kwè nan non Li, 13  Jn 3:5ki pa t fèt ni pa san, ni pa volonte lachè a, ni pa volonte a lòm, men pa Bondye.
14 E pawòl la te Fil 2:7vin lachè, e te viv pami nou. Luc 9:32Nou te wè glwa Li, kon glwa a sèl Fis inik a Papa a, ranpli avèk gras ak verite.
15 Jean te fè temwen a Li. Li te rele fò e te di: “Sa se Li menm de moun mwen te pale nou lè m te di: Mat 3:11‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’ ” 16 Paske nan Ef 1:23plenitid Li, nou tout te resevwa gras sou gras. 17 Paske Jn 7:19Lalwa te bay pa Moïse, men nou te resevwa gras ak verite pa Jésus Kris. 18 Pèsòn pa janm wè Bondye. Men Jn 3:16,18Fis inik la, Luc 16:22ki nan sen Papa L, te fè nou konnen L.
19 E sa se Jn 1:7temwayaj a Jean, lè Jwif yo te voye prèt yo avèk Levit yo pou mande l “Ki moun ou ye?”
20 Li te konfese, li pa t nye, men li te konfese:
Luc 3:15“Mwen menm se pa Kris la.”
21 Konsa yo mande li: “E byen, kisa?” Èske ou menm se Elie?
Li te di: “Non mwen pa Li.”
“Èske ou menm se Det 18:15-18Pwofèt la?” Li te reponn: “Non.”
22 Konsa yo di l: “Kilès ou ye, pou nou kapab bay yon repons a sa ki te voye nou yo? Kisa ou di selon ou menm?”
23 Li te di: “Mwen menm se És 40:3yon vwa k ap kriye nan savann nan, ‘Fè chemen Bondye a dwat’, kon pwofèt la, Ésaïe te di.”
24 Alò, se te Farizyen yo ki te voye yo. 25 E yo te mande l, e te di l: “Ebyen Det 18:15-18poukisa w ap batize si se pa Kris la, ni Elie, ni Pwofèt la ou ye?”
26 Jean te reponn yo konsa: Mat 3:11“Mwen batize nou avèk dlo, men pami nou, kanpe youn ke nou pa konnen. 27 Se Li menm k ap vin apre mwen, ki prefere avan m, e menm Mat 3:11lasèt a sandal Li, mwen pa dign pou m ta demare.”
28 Bagay sa yo te fèt nan Béthanie, Jn 3:26lòtbò Jourdain an, kote Jean t ap batize a.
29 Nan jou aprè li te wè Jésus ki t ap vin kote l e te di: “Men gade És 53:7Jenn Mouton Bondye a k ap retire peche mond lan. 30 Se te anfavè Li ke mwen te pale a lè mwen te di: Mat 3:11‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’ 31 Epi mwen pa t rekonèt Li, men se pou Li ta kapab fè parèt a Israël, ke m te vini pou batize moun avèk dlo.”
32 Jean te fè temwayaj epi te di: Mat 3:16“Mwen wè Lespri a vin desann kon yon toutrèl ki soti nan syèl la epi Li te rete sou Li. 33 Mwen pa t rekonèt Li, men sila a ki te voye m pou batize avèk dlo te di mwen, ‘Li menm sou kilès ou wè Lespri a desann epi rete sou Li a, Mat 3:11se Li menm k ap batize avèk Lespri Sen an.’ 34 Mwen wè, epi mwen fè temwayaj ke sila a se Mat 4:3Fis Bondye a.”
35 Ankò Jn 1:29jou aprè Jean te kanpe avèk de nan disip li yo, 36 epi li te gade Jésus pandan Li t ap mache. Li te di: “Men gade Jn 1:29Jenn Mouton Bondye a!”
37 De disip yo te tande l pale, epi yo te swiv Jésus.
38 Konsa, Jésus te vire pou wè yo t ap swiv Li, e te di yo: “Kisa n ap chache”? Yo te di Li: Mat 23:7“Rabbi, ki tradwi vle di ‘Mèt’, se kibò w ap rete?”
39 Li te di yo: “Vini, nou va wè.” Pou sa yo te vini epi te wè kote Li t ap rete. Yo te rete avèk Li jou sa, paske li te vè dizyèm lè.
40  Mat 4:18-25Youn nan de sa yo ki te tande Jean pale epi te swiv Li yo se te Andre, frè a Simon Pierre. 41 Li te twouve premyèman frè li, Simon, e te di Li: “Nou te twouve Mesi a, ki tradwi se Kris la.”
42 Li te mennen li kote Jésus. Jésus te gade li e te di: “Ou se Simon, Mat 16:17 fis a Jean. Ou va rele Céphas,” ki tradwi vle di Pierre.
43 Jou apre Li te vle antre nan Mat 4:12Galilée, e Li te twouve Philippe. Jésus te di li: “Swiv mwen.”
44 Philippe te sòti nan Mat 11:21Bethsaïda, vil André avèk Pierre a. 45 Philippe te twouve Nathanaël, e te di l: “Nou te twouve sila a ke Luc 24:27Moïse nan Lalwa avèk pwofèt yo te ekri a, Jésus de Nazareth, fis a Joseph la.”
46 Nathanaël te di l Jn 7:41-52“Èske yon bon bagay kapab sòti nan Nazareth?” Philippe te reponn: “Vini pou wè.”
47 Jésus te wè Nathanaël t ap vin kote Li epi te di: Wo 9:12“Men gade, yon Izrayelit nan kilès pa gen desepsyon.”
48 Nathanaël te di L “Kijan ou fè rekonèt mwen?” Jésus te reponn li: “Avan Mat 10:3Philippe te rele ou, pandan ou te anba pye figye a, Mwen te wè ou.”
49 Natanaël te reponn Li: “Rabbi, ki vle di ‘Mèt’, Ou menm se Fis Bondye a. Ou se Mat 2:2Wa Israël la.”
50 Jésus te reponn Li e te di: “Akoz Mwen te wè ou anba pye figye a, ou kwè? W ap wè pi gwo bagay pase sa yo.” 51 E Li te di li: “Anverite, anverite mwen di ou, w ap wè Éz 1:1 syèl yo louvri, epi zanj Bondye yo k ap monte desann sou Fis a Lòm nan.”

1:1 Jn 17:5

1:3 Jn 1:10

1:4 Jn 5:26

1:4 Jn 8:12

1:5 Jn 3:19

1:6 Mat 3:1

1:7 Jn 1:12

1:8 Jn 1:20

1:9 I Jn 2:8

1:10 I Kor 8:6

1:12 Jn 11:52

1:13 Jn 3:5

1:14 Fil 2:7

1:14 Luc 9:32

1:15 Mat 3:11

1:16 Ef 1:23

1:17 Jn 7:19

1:18 Jn 3:16,18

1:18 Luc 16:22

1:19 Jn 1:7

1:20 Luc 3:15

1:21 Det 18:15-18

1:23 És 40:3

1:25 Det 18:15-18

1:26 Mat 3:11

1:27 Mat 3:11

1:28 Jn 3:26

1:29 És 53:7

1:30 Mat 3:11

1:32 Mat 3:16

1:33 Mat 3:11

1:34 Mat 4:3

1:35 Jn 1:29

1:36 Jn 1:29

1:38 Mat 23:7

1:40 Mat 4:18-25

1:42 Mat 16:17

1:43 Mat 4:12

1:44 Mat 11:21

1:45 Luc 24:27

1:46 Jn 7:41-52

1:47 Wo 9:12

1:48 Mat 10:3

1:49 Mat 2:2

1:51 Éz 1:1