5
Apre bagay sa yo, te gen Det 16:1yon fèt Jwif, e Jésus te monte a Jérusalem.
La nan Jérusalem toupre Né 3:1-32 pòtay mouton an, gen yon basen dlo ke yo rele Béthesda, ki te gen senk galeri kouvri. Nan sa yo te kouche sa yo ki te malad, avèg, oswa paralize ki t ap tann mouvman dlo a. Paske yon zanj Senyè a te konn vini nan sèten sezon, epi antre nan basen an, epi vire dlo a. Konsa, sila ki te antre nan dlo a an premye lè dlo a vire te vin geri de nenpòt maladi ke li te genyen.
Alò yon sèten mesye ki te gen yon maladi depi trant-uit ane te la.
Lè Jésus te wè l kouche la, epi te konnen ke li te konsa depi anpil tan, Li te di l “Èske ou ta renmen geri?”
Mesye malad la te reponn Li: “Mesye, mwen pa gen moun pou mete m Jn 5:4nan dlo a lè l vire, men lè m ap vini, yon lòt gen tan mache desann avan m.”
Jésus te di l Mat 9:6“Leve, pran kabann ou, epi mache!”
Imedyatman, nonm nan te geri, te pran kabann li, epi te kòmanse mache. Jn 9:14Jou sa a se te jou Saba.
10 Pou sa Jwif yo t ap di Li “Se jou Saba a. Né 13:19Li pa pèmi pou ou pote kabann ou konsa.”
11 Men li te reponn yo: “Li menm ki te geri m nan, se Li menm ki di m ‘Pran kabann ou mache.’ ”
12 Yo te mande li: “Ki moun sa ki te di ou ‘Pran kabann ou mache a?’
13 Men li menm ki te geri pa t konnen ki moun Li te ye, paske Jésus te chape ale pandan yo te gen yon foul sou plas.
14 Apre, Jésus te twouve li nan tanp lan, e te di l: “Gade, ou gen tan geri. Mc 2:5Pa peche ankò pou anyen pi mal pa vin tonbe sou ou.”
15 Nonm nan te ale e te di Jn 1:19Jwif yo ke se te Jésus ki te geri li.
16 Alò pou rezon sa a, Jn 1:19Jwif yo t ap pèsekite Jésus, paske Li t ap fè bagay sa yo nan Saba a.
17 Men Li te reponn yo e te di: “Papa M ap travay jis koulye a, e Mwen menm ap travay tou.”
18 Men pou rezon sa, Jwif yo t ap chache plis pou yo ta kab touye L, paske non sèlman Li t ap vyole Saba a, men osi Li t ap rele Bondye Papa Li, Jn 10:33ki te fè Li vin egal avèk Bondye.
19 Pou sa, Jésus te reponn e te di yo: “Anverite, anverite, Mwen di nou, Mat 26:39Fis la pa kapab fè anyen pou kont Li, sof ke se yon bagay ke Li wè Papa a ap fè. Paske sa ke Papa a fè, Fis la ap fè yo menm jan an. 20  Jn 3:35Paske Papa a renmen Fis la, epi montre Li tout bagay ke Li menm ap fè. Epi Jn 14:12pi gwo travay pase sa, Li va montre Li, pou nou etone. 21  Paske menm jan an ke Papa a leve mò yo pou Wo 4:17bay yo lavi, menm jan an Jn 11:25Fis la osi bay lavi a sa ke Li vle.
22  “Paske menm Papa a pa jije pèsòn, men Jn 5:27Li te bay tout jijman a Fis la, 23  Pou tout moun kapab bay onè a Fis la, menm jan ke yo onore Papa a. Luc 10:16Moun ki pa onore Fis la, pa onore Papa a ki te voye Li a.
24  “Anverite, Anverite, Mwen di nou, moun ki tande pawòl Mwen, epi Jn 12:44kwè Li menm ki te voye Mwen an, genyen lavi etènèl, epi Jn 3:18pa p vini nan jijman, men li gen tan kite lanmò, pou antre nan lavi.
25  “Anverite, Anverite Mwen di nou ke lè ap vini e koulye a gen tan rive, lè Luc 15:24mò yo tande vwa a Fis Bondye a. Epi Jn 6:60sa yo ki tande ap viv.
26  “Paske menm jan ke Papa a gen lavi nan Li menm, menm jan an Jn 1:4Li te bay Fis la osi pou gen lavi nan Li menm. 27  Li te bay Li otorite pou Jn 9:39egzekite jijman, paske Li menm se Fis a Lòm nan.
28  “Pa fè sezisman pou sa, paske yon lè ap vini lè Jn 11:24tout moun sa yo ki nan tonbo yo ap tande vwa Li, 29  epi ap vin parèt. Dan 12:2Sa yo ki te fè sa ki bon ap resisite a lavi, e sa yo ki te fè sa ki mal ap resisite pou jijman.
30  “Mwen pa kapab fè anyen pou kont Mwen. Sa ke Mwen tande, Mwen jije; epi Jn 8:16jijman Mwen jis, paske Mwen pa chache volonte pa M, men Jn 4:34volonte a Li menm, ki te voye Mwen an.
31  Jn 8:14“Si Mwen sèl fè temwayaj a Mwen menm, temwayaj la p ap vrè. 32  Gen Jn 5:37yon lòt moun ki pote temwayaj Mwen, epi M konnen ke temwayaj ke Li pote sou Mwen menm nan vrè.
33  “Ou te voye kote Jean, epi Li Jn 1:7-32 te bay temwayaj a verite a. 34  Men Jn 5:32 temwayaj ke Mwen resevwa a pa sòti nan lòm, men Mwen di nou bagay sa yo pou nou kapab sove.
35  “Li menm li te lanp ki t a brile a, ki te limen pou klere, epi nou te Mc 1:5rejwi pou yon tan nan limyè pa l la.
36  “Men temwayaj ke Mwen genyen an pi gwo ke temwayaj Jean an. Paske Jn 10:25-38zèv ke Papa a te ban M pou Jn 4:34acheve yo, menm zèv ke Mwen fè yo, temwaye de Mwen menm, ke Papa a te voye M. 37  E Papa a ki te voye M nan, Mat 3:17Li pote temwayaj de Mwen. Nou menm pa janm tande vwa Li nan okenn tan, ni nou pa janm wè fòm Li.
38  “E nou pa gen I Jn 2:14pawòl Li nan nou, pwiske nou pa kwè Sila ke Li te voye a. 39  Jn 7:52Nou chache tout Ekriti Sen yo paske nou kwè ke nan yo menm nou gen lavi etènèl. E se yo menm ki temwaye de Mwen menm.
40  “Malgre, nou pa dakò pou vin kote M pou nou ta kapab gen lavi.
41  Jn 5:44“Mwen pa resevwa glwa ki sòti nan lòm. 42  Men Mwen konnen nou, ke nou pa genyen lamou Bondye nan nou menm.
43  “Mwen te vini nan non Papa M, e nou pa resevwa M.
“Men Mat 24:5si yon lòt vini nan pwòp non pa l, li menm nou va resevwa l. 44  Kijan nou kapab kwè lè nou resevwa glwa ki sòti nan youn anvè lòt, e nou pa chache Wo 2:29glwa a ki sòti sèlman nan Jn 17:3sèl Bondye ki genyen an.
45  “Pa panse ke Mwen va akize nou devan Papa a. Sila a k ap akize nou an se Jn 9:28Moïse, nan kilès nou gen tan mete espwa nou.
46  “Paske si nou te kwè Moïse, nou t ap kwè Mwen, paske Luc 24:27li te ekri selon Mwen menm. 47  Men Luc 16:29-31si nou pa kwè sa ke li te ekri, kijan nou va kwè pawòl pa Mwen yo.”

5:1 Det 16:1

5:2 Né 3:1-32

5:7 Jn 5:4

5:8 Mat 9:6

5:9 Jn 9:14

5:10 Né 13:19

5:14 Mc 2:5

5:15 Jn 1:19

5:16 Jn 1:19

5:18 Jn 10:33

5:19 Mat 26:39

5:20 Jn 3:35

5:20 Jn 14:12

5:21 Wo 4:17

5:21 Jn 11:25

5:22 Jn 5:27

5:23 Luc 10:16

5:24 Jn 12:44

5:24 Jn 3:18

5:25 Luc 15:24

5:25 Jn 6:60

5:26 Jn 1:4

5:27 Jn 9:39

5:28 Jn 11:24

5:29 Dan 12:2

5:30 Jn 8:16

5:30 Jn 4:34

5:31 Jn 8:14

5:32 Jn 5:37

5:33 Jn 1:7-32

5:34 Jn 5:32

5:35 Mc 1:5

5:36 Jn 10:25-38

5:36 Jn 4:34

5:37 Mat 3:17

5:38 I Jn 2:14

5:39 Jn 7:52

5:41 Jn 5:44

5:43 Mat 24:5

5:44 Wo 2:29

5:44 Jn 17:3

5:45 Jn 9:28

5:46 Luc 24:27

5:47 Luc 16:29-31