2
Pitit mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Si nenpòt peche Wo 8:34; Jn 14:16nou gen yon avoka avèk Papa la, Jésus Kri sila ki dwat. Se Li menm ki sakrifis ekspiyatwa la pou peche nou yo, non sèlman pou nou, men Jn 4:42pou tout lemonn lan.
Se konsa nou konnen ke nou gen tan konnen Li, si nou Jn 14:15kenbe kòmandman Li yo. Sila ki di “Mwen gen tan konnen Li,” men pa kenbe kòmandman Li yo, se yon I Jn 1:6mantè, epi I Jn 1:8laverite a pa nan li. Men nenpòt ki Jn 14:23kenbe pawòl Li, nan li I Jn 4:12lamou Bondye a vrèman gen tan vin konplete. Men ki jan nou konnen ke nou se nan li: Sila ki di ke l ap Jn 15:4reste nan Li ta dwe, li menm, mache menm jan ke Li te mache.
Byeneme yo, mwen p ap ekri yon kòmandman nèf a nou, men yon ansyen kòmandman ke nou te gen I Jn 2:24depi kòmansman a. Lansyen kòmandman a se pawòl a ke nou te tande depi kòmansman an. Sou lòt men, m ap ekri nou yon kòmandman nèf, ki se vrè nan Li, epi nan nou, paske Wo 13:12; Jn 1:9tenèb la ap pase, epi vrè limyè la ap briye deja. Sila ki di ke li nan limyè la, men I Jn 2:11rayi frè l se nan tenèb la jiska prezan. 10  Jn 11:9Sila ki renmen frè li se nan limyè la, epi pa gen kòz pou chite tonbe nan li. 11 Men sila ki rayi frè li se nan tenèb la, epi mache nan tenèb la. Li pa konnen kote l ap w ale, paske tenèb la II Kor 4:4fin fè l avèg.
12 M ap ekri nou, ti moun yo, paske Trav 13:38peche nou yo gen tan padonnen pou kòz a non Li. 13 M ap ekri nou, papa yo, paske nou konnen Li ki te la depi kòmansman an. M ap ekri nou jenn nonm yo, paske Jn 16:33nou te vin gen viktwa la sou sila ki mechan. Mwen te ekri nou ti moun yo, paske nou konnen Papa a. 14 Mwen te ekri nou, papa yo, paske nou konnen Li I Jn 1:1ki te la depi kòmansman a. Mwen te ekri nou jenn nonm yo paske nou Ef 6:10gen fòs, epi pawòl Bondye a reste nan nou, epi nou te vin gen viktwa sou sila ki mechan.
15 Pa renmen lemonn an, ni bagay yo ki nan lemonn an. Jc 4:4Si nenpòt renmen lemonn, lamou Papa a pa reste nan li. 16 Paske tout sa ki nan lemonn Wo 13:14lanvi lachè a, lanvi nan zye yo, ak lògey lavi la pa sòti nan Papa a, men nan lemonn sa. 17  I Kor 7:31Men lemonn an disparèt avèk tout lanvi li yo, men sila ki fè volonte a Bondye ap viv jis pou janmen.
18 Pitit yo, se dènye lè. Menm jan ke nou te tande ke Mat 24:5,24antikris la ap vini Mc 13:22menm koulye a anpil antikris yo gen tan leve. Pou sa, nou konnen ke se dènye lè. 19  Trav 20:30Yo te sòti pami nou, men yo pa t vrèman nan nou, paske si yo te nan nou, yo t ap rete avèk nou. Men yo te sòti jis pou li ta kapab vin klè ke yo pa nan nou.
20 Men nou menm gen lonksyon lan ki sòti nan Mc 1:24Sila ki Sen a, epi nou tout konnen sa. 21 Mwen pa t ekri nou akoz nou pa konnen verite a, men Jc 1:19paske nou konnen li, epi akoz ke okenn manti pa janm Jn 8:44sòti nan laverite a. 22 Kelès k ap manti, sòf ke I Jn 4:3li menm ki demanti ke Jésus se Kris la. Sila se antikris la, sila ki refize Papa a ansanm ak Fis la. 23  Jn 8:19Sila ki demanti Fis la pa gen Papa a. Sila ki konfese Fis la, anplis, gen Papa a.
24 Pou nou menm, kite sa demere nan nou ke nou te tande depi kòmansman a. Si sa nou te tande depi kòmansman a demere nan nou, nou Jn 14:23va osi reste nan Fis la, ak Papa la. 25 Epi Jn 3:15sa se pwomès la ke Li menm te fè nou, lavi etènèl.
26 Bagay sa yo mwen te ekri nou konsènan sa yo ki ta eseye I Jn 3:7pase nou nan desepsyon. 27 Epi pou nou menm, lonksyon ke nou te resevwa a Li demere nan nou, epi nou pa gen bezwen pou pèsòn enstwi nou; men lonksyon Li Jn 14:26enstwi nou nan tout bagay. Jn 14:17Li se verite, epi pa janm nan manti, menm jan ke li te enstwi nou, demere nan Li. 28 Epi koulye a, ti moun yo, reste nan Li, jis pou lè L I Jn 3:2; Mc 8:38vin parèt, nou kapab gen konfyans epi pa vin piti ak wont lè Li vini. 29 Si nou konnen ke Jn 7:18Li dwat nèt, nou konnen osi ke tout moun ki pratike ladwati a se ne a Li.

2:1 Wo 8:34; Jn 14:16

2:2 Jn 4:42

2:3 Jn 14:15

2:4 I Jn 1:6

2:4 I Jn 1:8

2:5 Jn 14:23

2:5 I Jn 4:12

2:6 Jn 15:4

2:7 I Jn 2:24

2:8 Wo 13:12; Jn 1:9

2:9 I Jn 2:11

2:10 Jn 11:9

2:11 II Kor 4:4

2:12 Trav 13:38

2:13 Jn 16:33

2:14 I Jn 1:1

2:14 Ef 6:10

2:15 Jc 4:4

2:16 Wo 13:14

2:17 I Kor 7:31

2:18 Mat 24:5,24

2:18 Mc 13:22

2:19 Trav 20:30

2:20 Mc 1:24

2:21 Jc 1:19

2:21 Jn 8:44

2:22 I Jn 4:3

2:23 Jn 8:19

2:24 Jn 14:23

2:25 Jn 3:15

2:26 I Jn 3:7

2:27 Jn 14:26

2:27 Jn 14:17

2:28 I Jn 3:2; Mc 8:38

2:29 Jn 7:18