JACQUES
1
Trav 12:17Jacques, yon sèvitè-atache nèt a Bondye, ak Senyè a, Jésus Kris, a douz tribi ki gaye a letranje yo, salitasyon.
Mat 5:12; I Pi 1:6Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo nan konnen ke eprèv lafwa nou pwodwi Luc 21:19andirans. Konsa, kite andirans lan fè rezilta pafè li, pou nou kab vin Mat 5:48pafè e konplè, san manke anyen.
Men si nenpòt nan nou manke sajès, I Wa 3:9; Mat 7:7 kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li. Men li dwe Mat 21:21mande nan lafwa, san doute, paske sila ki doute a tankou vag lanmè, ki pouse e voye pa van an. Paske moun sa a pa dwe sipoze ke li va resevwa anyen nan men Senyè a, tankou yon moun ak Jc 4:8doub panse, ki enstab nan tout chemen li yo.
Luc 14:11 Kite frè ki nan sikonstans ki ba, bay glwa nan wo pozisyon li; 10 e kite moun rich la, bay glwa nan imilyasyon li, paske I Kor 7:31tankou zèb k ap fleri, li osi va disparèt. 11 Paske solèy la leve avèk yon Mat 20:12gwo chalè, epi És 40:7zèb la seche; flè li tonbe, e bote aparans li an vin disparèt. Konsa tou, moun rich la nan mitan tout sa l ap chèche yo, li va vin disparèt.
12  Luc 6:22 Beni se yon moun ki pèsevere anba eprèv. Paske, yon fwa li fin apwouve, li va resevwa kouwòn lavi a ke Senyè a pwomèt a sila ki renmen Li yo. 13 Pa kite pèsòn di lè l tante: Jen 22:1“Se Bondye k ap tante m,” paske Bondye pa kapab tante pa mal, e Li menm, Li pa tante pèsòn. 14 Men chak moun tante lè li pote ale pa pwòp move dezi li yo. 15 Alò, lè move dezi a fin jèmen, li bay nesans a peche. Epi lè Wo 5:12peche a fin akonpli, li pote lanmò.
16  I Kor 6:9Pinga nou vin twonpe, frè byeneme mwen yo.
17 Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon. 18 Nan egzèsis volonte Li, Li te I Pi 1:3,23fè nou vin parèt pa pawòl verite a pou nou ta kapab vin tankou Rev 14:4premye fwi pami kreyati Li yo.
19 Nou konnen sa, frè byeneme m yo. Men tout moun dwe gen vitès nan tande, Pwov 10:19lan nan pale, e lan nan fè kòlè. 20 Paske Mat 5:22kòlè a lòm pa pwodwi ladwati Bondye.
21 Konsa, annou Ef 4:22mete sou kote tout sa ki sal, ak tout sa ki rete de mechanste, e ak imilite, resevwa pawòl ki enplante nan nou an, ki kapab sove nanm nou.
22  Mat 7:24-27Men, fè prèv tèt nou ke nou aji selon pawòl la, e se pa senpleman tande li. Moun konsa yo twonpe pwòp tèt yo. 23 Paske si yon moun ap tande pawòl la, e li pa aji selon li, li tankou yon moun ki gade figi natirèl li I Kor 13:12nan yon miwa. 24 Yon fwa, li fin gade tèt li e li ale, li gen tan bliye ki kalite moun li te ye a.
25 Men yon moun ki gade avèk atansyon lalwa pafè a, lalwa libète a, e aji selon li, li pa vin yon moun ki tande pou bliye, men yon moun ki fè l tout bon, moun sa a va Jn 13:17beni nan sa li fè.
26 Si yon moun panse nan tèt li ke li swiv Bondye tout tan, e malgre sa, li pa Sòm 39:1mete yon brid sou lang li, li pase pwòp tèt li nan betiz, e lafwa moun sa a vin san valè.
27 Relijyon ki pafè e san tach devan zye a Bondye, Papa nou a se sa a: vizite òfelen e vèv ki nan nesesite yo, e kenbe tèt nou san tach II Pi 1:4de mond lan.

1:1 Trav 12:17

1:2 Mat 5:12; I Pi 1:6

1:3 Luc 21:19

1:4 Mat 5:48

1:5 I Wa 3:9; Mat 7:7

1:6 Mat 21:21

1:8 Jc 4:8

1:9 Luc 14:11

1:10 I Kor 7:31

1:11 Mat 20:12

1:11 És 40:7

1:12 Luc 6:22

1:13 Jen 22:1

1:15 Wo 5:12

1:16 I Kor 6:9

1:18 I Pi 1:3,23

1:18 Rev 14:4

1:19 Pwov 10:19

1:20 Mat 5:22

1:21 Ef 4:22

1:22 Mat 7:24-27

1:23 I Kor 13:12

1:25 Jn 13:17

1:26 Sòm 39:1

1:27 II Pi 1:4