40
És 12:1“Konsole, O konsole pèp Mwen an,”
pale Bondye ou an.
“Pale ak dousè ak Jérusalem.
Rele a li menm, ke És 41:11-13konfli li fini an,
ke inikite li retire a,
ke li te resevwa nan men SENYÈ a
doub pou tout peche li yo.”
 
Yon vwa k ap rele fò,
“Debleye chemen an pou SENYÈ a nan dezè a!
Fè vin swa nan dezè a yon gran chemen pou Bondye nou an.
Kite tout vale yo vin leve wo,
e tout mòn ak kolin yo vin ba.
Kite move teren an vin pla,
e teren difisil yo vin yon vale ki swa.
És 6:3Glwa a SENYÈ a va vin parèt,
e tout chè va wè sa ansanm;
paske bouch a SENYÈ a fin pale.”
 
Yon vwa pale: “Rele fò.”
Yon lòt reponn: “Kisa pou m rele?”
Job 14:2 “Tout chè se zèb,
e tout bèlte li se tankou flè nan chan.
Sòm 90:5-6Zèb la fennen,
flè a pèdi koulè l,
depi souf SENYÈ a soufle sou li.
Anverite, pèp la se zèb.
Zèb la fennen,
flè a pèdi koulè l,
men És 55:11pawòl Bondye nou an kanpe jis pou tout tan.”
 
Mete ou menm sou yon mòn ki wo,
O Sion, ki pote bòn nouvèl.
Leve vwa ou wo ak gwo pouvwa,
O Jérusalem, ki pote bòn nouvèl la!
Leve wo! Pa pè anyen!
Di a És 44:26vil Juda yo: Men Bondye nou an!
10 Gade byen, Senyè BONDYE a, va vini És 9:6-7ak pwisans.
Se bra L k ap kòmande pou Li.
Gade byen salè Li avè L,
e rekonpans li devan L.
11 Tankou yon bèje, Li va Jr 31:10pran swen bann mouton Li.
Nan bra Li, Li va ranmase jenn mouton yo,
e pote yo sou lestonmak Li.
Ak dousè, Li va mennen manma a
ak ti mouton piti yo.
 
12 Se kilès ki te Job 38:8-11mezire dlo nan pla men L?
Kilès ki te etabli mezi syèl yo ak yon men louvri;
ki te fè kalkil pousyè latè pa mezi,
ki te peze mòn yo nan gwo balans,
e ki te peze kolin yo ak ti balans piti a?
13 Se Wo 11:34kilès ki te dirije Lespri SENYÈ a,
oswa kòn enstwi Li pou l konseye L?
14 Ak kilès Li te konsilte,
e se kilès ki te Job 21:22bay Li bon konprann?
Epi kilès ki te montre Li chemen lajistis la,
ki te enstwi Li nan konesans,
e ki te fè L konnen chemen an pou L byen konprann?
15 Gade byen, Jr 10:10nasyon yo se tankou yon gout dlo nan yon bokit;
yo parèt tankou yon grenn pousyè sou balans la.
Gade byen, li leve fè monte lil yo konsi se yon ti kras pousyè.
16 Menm Liban pa kont pou brile, ni Sòm 50:9-11bèt li yo
pa kont pou fè ofrann brile.
17  És 29:7Tout nasyon yo se konsi yo pa anyen devan L,
Li gade yo tankou mwens ke anyen, kon vanite.
 
18  Egz 8:10 A kilès, alò, nou ta konpare Bondye?
Oswa avèk ki imaj nou ta fè L sanble?
19 Pou Zidòl la, se yon ouvriye ki fòme l,
ak òfèv ki És 2:20kouvri l ak lò
e fè chenn li an ajan,
20 Sila ki twò pòv pou fè ofrann sa a,
pran yon pyebwa ki pa konn pouri;
li chache jwenn yon mèt atizan pou prepare
yon zidòl ki I Sam 5:3-4p ap deplase.
 
21  Sòm 19:1 Èske nou pa konnen? Èske nou pa konn tande?
Èske sa pa t deklare a nou menm depi nan kòmansman?
Èske nou pa t konprann sa depi nan fondasyon latè yo?
22 Se Li menm ki chita anwo Job 22:14wonn tè a
ki veye nou ki rete ladann tankou krikèt volan;
ki lonje ouvri syèl yo tankou yon rido
e fè yo deplwaye tankou yon tant pou moun viv ladann.
23 Se Li menm ki redwi gwo chèf yo pou yo pa anyen,
ki És 5:21fè jij latè yo vin san sans.
24 Apèn yo fin plante, apèn yo fin simen,
apèn stòk yo fin pran rasin nan tè a,
Li sèlman soufle sou yo,
e yo fennen pou És 17:13tanpèt la pote yo ale tankou pay.
 
25 “Alò, És 40:18ak kilès ou va konpare Mwen,
pou M ta kapab vin egal avè l?”
pale Sila Ki Sen an.
26  És 51:6Leve zye nou anlè,
e gade kilès ki te kreye zetwal sila yo;
Sila ki mennen lame selès yo sòti pa chif yo.
Li rele yo tout pa non yo.
Akoz grandè a pwisans Li
ak fòs pouvwa Li,
nanpwen youn nan yo ki manke.
 
27 Poukisa ou di, O Jacob, e pale O Israël:
“Chemen Mwen an kache de SENYÈ a
e Job 27:2jistis ke m merite a chape de atansyon Bondye M”?
28 Èske nou pa konnen?
Èske nou pa tande?
Ke Jen 21:33Bondye Etènèl la, SENYÈ a,
Kreyatè a dènye pwent latè a,
pa konn fatige, ni bouke.
Konprann pa Li depase tout bon konprann.
29 Li bay fòs a sila ki És 50:4fatige yo,
e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.
30 Malgre moun Jr 6:11jenn yo febli e vin bouke,
e jenn nom plen kouraj yo vin glise tonbe;
31 sila ki tann SENYÈ yo va Job 17:9renouvle ak kouraj nèf;
yo va monte anwo ak zèl kon èg.
Yo va kouri, e yo p ap bouke;
yo va mache, e yo p ap fatige.

40:1 És 12:1

40:2 És 41:11-13

40:5 És 6:3

40:6 Job 14:2

40:7 Sòm 90:5-6

40:8 És 55:11

40:9 És 44:26

40:10 És 9:6-7

40:11 Jr 31:10

40:12 Job 38:8-11

40:13 Wo 11:34

40:14 Job 21:22

40:15 Jr 10:10

40:16 Sòm 50:9-11

40:17 És 29:7

40:18 Egz 8:10

40:19 És 2:20

40:20 I Sam 5:3-4

40:21 Sòm 19:1

40:22 Job 22:14

40:23 És 5:21

40:24 És 17:13

40:25 És 40:18

40:26 És 51:6

40:27 Job 27:2

40:28 Jen 21:33

40:29 És 50:4

40:30 Jr 6:11

40:31 Job 17:9