29
Malè a Ariel! Ariel, vil kote David yon fwa II Sam 5:9te fè kan an! Ogmante lane sou lane, obsève fèt ou yo nan lè yo. Mwen va mennen gwo pwoblèm sou Ariel e li va vin yon vil És 3:26gwo doulè ak lamantasyon. Pou Mwen, li va tankou yon lotèl k ap brile a. Mwen va Luc 19:43fè kan kont ou e antoure ou. Mwen va monte aparèy syèj kont ou e fè yo monte fò batay kont ou. Konsa ou va vin És 8:19bese. Se jis nan tè a, pale ou va bougonnen depi nan pousyè. Vwa ou va, anplis, tankou yon vwa a yon lespri, konsi ou konnen l deja, k ap soti nan tè a. Se konsa pawòl ou yo va chichote soti nan pousyè a.
Men fòs kantite a lènmi ou yo va devni tankou És 17:13pousyè fen e fòs kantite a mechan san prensip yo va tankou pay k ap vannen ale. Sa va fèt nan yon moman; sibitman. Li va vizite pa SENYÈ dèzame yo. Li va pini yo ak I Sam 2:10 tonnè, tranbleman detè, gwo bri, toubiyon ak tanpèt ak flanm dife a ki manje tout bagay. Konsa, Mi 4:11-12fòs kantite a tout nasyon ki va fè lagè kont Ariel yo, menm tout moun ki fè lagè kont li ak gwo fò li yo ak sila ki bay li gwo twoub, sa va devni tankou yon rèv, yon vizyon nan nwit. Sa va tankou lè yon nonm grangou fè rèv—e gade byen, l ap manje. Men lè l leve nan dòmi a, gade byen, li toujou fèb e grangou; li pa satisfè. Oswa lè yon nonm swaf fè rev—epi gade byen, l ap bwe, men lè l leve li toujou fèb, e swaf la pa t satisfè. Se És 8:19konsa kantite tout nasyon ki fè lagè kont Mòn Sion yo va ye.
És 29:1Pran reta epi tan! Avegle tèt nou pou nou avèg! Yo vin sou, men pa avèk diven; yo kilbite, men pa akoz bwason fò. 10 Paske SENYÈ a te vide sou nou, yon lespri Sòm 69:23pwofon somèy. Li te fèmen zye nou menm, pwofèt yo, e Li te kouvri tèt nou menm, konseye yo. 11 Tout vizyon va pou nou tankou pawòl a yon És 8:16liv ki fèmen ak so. Lè yo bay li a yon moun ki konn li, yo di l: “Souple, li sa a.” Men li va di: “Mwen pa kapab, paske li fèmen ak so.” 12 Konsa liv la va bay a sila ki pa ka li, e y ap di l: “Souple, li sa a.” Epi li va di: “Mwen pa kapab li.”
13 Senyè a te di: “Akoz Éz 33:31pèp sa a rapwoche ak pawòl pa yo, e onore Mwen ak lèv yo, men yo retire kè yo byen lwen Mwen, e akoz adorasyon yo pou Mwen fèt pa tradisyon ki aprann pa kè, 14 pou sa, gade byen, Mwen va yon fwa ankò aji ak mèvèy pami pèp sa; yon mèvèy ki etonan! Konsa, És 44:25sajès a moun saj pa yo va disparèt, e konesans a moun ki gen bon konprann yo va vin kache.”
15 Malè a sila ki kache plan yo byen fon pou SENYÈ a pa wè, e ki fè Job 22:13 zak yo nan fènwa a, e y ap di: “Se kilès ki wè nou?” Oswa “Se kilès ki rekonèt nou?” 16 Ou chavire bagay la nèt! Èske sila ki fè kanari a ta dwe konsidere egal ak ajil la, pou sa ki te fèt la, ta ka di a sila ki fè li a: “Li pa t fè mwen”; oswa És 45:9sa ki te fòme a ta ka di a sila ki te fòme li a: “Li pa konprann anyen?”
17 Èske se pa yon ti kras tan ki rete ankò avan Liban vin transfòme an yon Sòm 84:6chan fètil, e chan fètil la va konsidere kon yon forè? 18 Nan jou sa a, És 35:5moun soud yo va tande pawòl a liv la e zye avèg yo va wè sa ki te kon fènwa ak tenèb. 19 Anplis, Sòm 25:9moun enb yo va fè kè yo pi kontan ak SENYÈ a, e malere yo pami moun yo va rejwi nan Sila Ki Sen an Israël la. 20 Paske moun san pitye yo va rive nan fen yo, e mokè yo va disparèt. Anverite, És 59:4tout moun ak lentansyon fè mal, va vin koupe retire nèt— 21 sila ki pou valè a yon sèl pawòl, rele moun nan tribinal la, epi fè pyèj pou sila ki korije moun nan pòtay la, e ak fwod, rache dwa inosan an ak fo temwayaj.
22 Akoz sa a, SENYÈ a ki te rachte Abraham nan, di konsènan lakay Jacob: És 45:17“Jacob p ap ankò vin wont, ni figi li vin pal. 23 Men lè li wè És 49:20-26pitit li yo, zèv men Mwen yo nan mitan li, yo va sanktifye non Mwen. Anverite, yo va sanktifye non a Sila Ki Sen a Jacob la, e va kanpe byen etone devan Bondye Israël la. 24 Anplis, sila ki fè tò nan panse yo, va És 41:20konnen verite a, e sila ki kritike yo va resevwa enstriksyon.”

29:1 II Sam 5:9

29:2 És 3:26

29:3 Luc 19:43

29:4 És 8:19

29:5 És 17:13

29:6 I Sam 2:10

29:7 Mi 4:11-12

29:8 És 8:19

29:9 És 29:1

29:10 Sòm 69:23

29:11 És 8:16

29:13 Éz 33:31

29:14 És 44:25

29:15 Job 22:13

29:16 És 45:9

29:17 Sòm 84:6

29:18 És 35:5

29:19 Sòm 25:9

29:20 És 59:4

29:22 És 45:17

29:23 És 49:20-26

29:24 És 41:20