84
Pou direktè koral la; sou gitia la. Yon Sòm a fis a Koré yo.
1 A la abitasyon Ou yo bèl, O SENYÈ
dèzame yo!
2 ✡ Sòm 42:1-2 Nanm mwen anvi e menm gen
anpil dezi pou lakou SENYÈ a.
Kè m ak chè m chante avèk jwa a
Bondye vivan an.
3 Zwazo a osi te twouve yon kay e
iwondèl la yon nich pou li menm,
kote li kapab swaye pitit li yo,
4 A la ✡ Sòm 65:4 beni sila ki demere
nan lakay Ou yo beni!
Y ap ba Ou lwanj jis pou tout tan.
5 A la beni nonm ki ✡ Sòm 81:1 gen fòs li nan Ou a beni!
Nan kè a sila gran chemen vè Sion an ye.
6 Lè yo pase nan vale Baca a,
yo fè l fè yon sous;
✡ Sòm 107:35 Premye lapli a kouvri li avèk benediksyon.
7 Yo sòti nan fòs pou antre nan fòs yo.
Yo chak parèt devan Bondye nan Sion.
8 O SENYÈ dèzame yo, tande lapriyè mwen.
Prete zorèy Ou, O ✡ Sòm 81:1 Bondye Jacob la!
Tan
9 Gade byen boukliye nou an,
e gade sou vizaj ✡ I Sam 16:6 onksyone Ou a.
10 Paske ✡ Sòm 27:4 yon sèl jou nan lakou Ou a
pi bon pase mil jou deyò.
Pito m te kanpe nan lakou kay Bondye
mwen an,
pase pou m ta abite nan tant a mechan yo.
11 Paske SENYÈ a, Bondye a, se ✡ És 60:19-20 yon solèy
ak yon boukliye.
SENYÈ a va bay gras avèk glwa.
Li pa refize anyen ki bon a sila ki
mache dwat yo.
12 O SENYÈ dèzame yo! A la nonm
ki mete konfyans li nan Ou a beni!