16
Alò, SENYÈ a te di a Samuel: “Pandan konbyen de tan ou va lamante pou Saül, paske Mwen te rejte li kòm wa sou Israël? Ranpli poban ou avèk lwil e ale. Mwen va voye ou vè Rt 4:17-22Jesse, mesye Bethléhem nan, paske mwen te Sòm 78:70-71chwazi yon wa pou kont Mwen pami fis li yo.”
Men Samuel te di: “Kijan mwen kapab ale? Lè Saül tande koze sa a, li va touye mwen.”
Epi SENYÈ a te di: I Sam 20:29“Pran yon gazèl avèk ou e di: ‘Mwen vin fè sakrifis bay SENYÈ a.’ Ou va envite Jesse pou vini nan sakrifis la. Trav 9:6Mwen va montre ou kisa pou ou fè, e Det 17:14-15ou va onksyone pou Mwen, sila ke M montre ou a.”
Konsa, Samuel te fè sa ke SENYÈ a te di a, e li te vini Jen 48:7Bethléhem. Epi ansyen lavil yo te vin rankontre li tou. Ak tranbleman yo pwoche l e te di: “Èske nou vini nan lapè?”
Li te di: “Nan lapè; mwen te vin fè sakrifis bay SENYÈ a. Pou sa, Jen 35:2konsakre nou e vin avè m nan sakrifis la.” Anplis, li te konsakre Jesse avèk fis li yo, e li te envite yo nan sakrifis la. Lè yo te antre, li te gade I Sam 17:13Eliab e li te panse: “Vrèman onksyone SENYÈ a devan m nan.”
Men SENYÈ a te di Samuel: “Pa gade aparans li, ni wotè li, paske Mwen te rejte li. Paske Bondye pa gade tankou yon nonm gade. Paske lòm wè selon aparans deyò, I Sam 2:3men SENYÈ a wè kè a.”
Epi Jesse te rele I Sam 17:13Abinadab pou te fè l pase devan Samuel. Epi li te di: “SENYÈ a pa t chwazi sila a nonpli.” Pwochènman, Jesse te fè I Sam 17:13Schamma vin pase. Epi li te di: “SENYÈ a pa t chwazi sila a nonpli.” 10 Konsa Jesse te fè kat nan fis li yo pase devan Samuel. Men Samuel te di a Jesse: “SENYÈ a pa t chwazi sila yo.” 11 Epi Samuel te di a Jesse: “Èske sa yo se tout pitit ou yo?”
Epi li te di: I Sam 17:12“Rete toujou pi piti a. Gade, li ap okipe mouton yo.”
Alò Samuel te di a Jesse: “Voye chache li, paske nou p ap chita jiskaske li vin isit la.”
12 Konsa, li te voye chache li antre. Alò li te wouj avèk zye byen bèl ak aparans ki bèl. Epi SENYÈ a te di: I Sam 9:17“Leve, onksyone li, paske sa se li menm.”
13 Konsa, Samuel te pran poban lwil la pou te onksyone li nan mitan frè li yo. Epi Nonb 27:18Lespri SENYÈ a te vini byen fò sou David depi jou sa a, ale nèt.
Epi Samuel te leve pou te ale Rama. 14 Alò, Lespri SENYÈ a te vin kite Saül e yon I Sam 16:15-16move lespri ki sòti nan SENYÈ a te teworize li. 15 Sèvitè a Saül yo te di li: “Gade byen, koulye a, yon move lespri ki sòti nan Bondye ap teworize ou. 16 Kite mèt nou an kòmande sèvitè li yo pou chache yon nonm ki fò nan jwe ap. Konsa li va rive lè move lespri ki sòti nan Bondye a vini sou ou, ke I Sam 18:10li va jwe ap la avèk men l e ou va vin geri.”
17 Pou sa, Saül te di a sèvitè li yo: “Founi pou mwen koulye a yon nonm ki kapab jwe ap e mennen li ban mwen.”
18 Alò, youn nan jennonm sa yo te di: “Gade byen, mwen konn wè yon fis a Jesse, Betleyemit lan, ki se yon mizisyen byen fò, I Sam 17:32-36yon mesye pwisan avèk anpil kouraj, yon gèrye, yon moun ki saj nan pawòl, yon bo gason; epi I Sam 3:19SENYÈ a avè l.”
19 Konsa, Saül te voye mesaje yo vè Jesse e te di: “Voye pou mwen David, fis ou a, ki avèk bann mouton an.”
20 Jesse te I Sam 10:4-27pran yon bourik chaje avèk pen ak yon boutèy diven avèk yon jenn kabrit e li te voye yo kote Saül avèk David, fis li a. 21 Epi David te vin kote Saül e li te Jen 41:46okipe li. Saül te renmen li anpil, e David te devni pòtè a zam pou li. 22 Saül te voye a Jesse, e te di: “Kite David kanpe koulye a devan mwen, paske li gen tan twouve favè nan zye m.” 23 Epi li te rive ke nenpòt lè I Sam 16:14-16move lespri ki sòti nan Bondye a te vin kote Saül, David te pran ap la, e li te jwe avèk men li. Konsa, Saül te renouvle, li te vin sen e move lespri a te vin kite li.

16:1 Rt 4:17-22

16:1 Sòm 78:70-71

16:2 I Sam 20:29

16:3 Trav 9:6

16:3 Det 17:14-15

16:4 Jen 48:7

16:5 Jen 35:2

16:6 I Sam 17:13

16:7 I Sam 2:3

16:8 I Sam 17:13

16:9 I Sam 17:13

16:11 I Sam 17:12

16:12 I Sam 9:17

16:13 Nonb 27:18

16:14 I Sam 16:15-16

16:16 I Sam 18:10

16:18 I Sam 17:32-36

16:18 I Sam 3:19

16:20 I Sam 10:4-27

16:21 Jen 41:46

16:23 I Sam 16:14-16