18
Alò, li te vin rive ke lè li te fin pale avèk Saül, ke nanm Jonathan te vin atache a nanm David, e Jonathan te renmen li tankou pwòp tèt li. Saül te pran li nèt nan jou sa a e I Sam 17:15pa t kite li retounen lakay papa l. Epi I Sam 20:8-17Jonathan te fè yon akò avèk David akoz li te renmen li tankou pwòp tèt li. I Sam 17:38Jonathan te retire manto ki te sou li a e te bay David li, ansanm avèk pwotèj li, menm ak nepe li, banza li, avèk sentiwon li.
Konsa, David te ale nan nenpòt kote Saül te voye li a, e te byen reyisi. Epi Saül te mete li chèf sou tout mesye lagè yo. Li te fè kè kontan nan zye a tout pèp la, e anplis, nan zye a sèvitè Saül yo.
Li te vin rive ke pandan yo t ap vini, lè David te retounen soti touye Filisten an, ke Sòm 68:25fanm yo te sòti nan tout vil an Israël yo. Yo t ap chante ak danse pou rankontre Wa Saül, avèk tanbouren, kè kontan ak enstriman mizik. Fanm yo te Egz 15:21chante pandan yo t ap jwe. Yo t ap di:
“Saül te touye dè milye pa li menm
e II Sam 18:3 David dè di-milye pa li menm.”
Alò, Saül te vin byen fache, paske pawòl sa a te fè l pa kontan. Li te di: “Yo te bay David dè di-milye; men a mwen menm, yo te bay dè milye. Alò I Sam 15:28kisa anplis li kapab genyen, sof ke wayòm nan?” Depi nan jou sa a, Saül te veye David de prè. 10 Nan jou aprè a, I Sam 16:14yon move lespri ki sòti nan Bondye te vini sou Saül avèk pwisans. Li te fè pwofesi nan mitan kay la. David, kòm abitid li jou an jou, t ap jwe ap la avèk men li. Saul te gen yon lans nan men l. 11  I Sam 19:10Li te voye lans lan, paske li t ap di: “Mwen va kloure David sou mi an.” David te chape nan prezans li menm de fwa. 12 Alò Saül te pè David, paske SENYÈ a te avèk li; men Li I Sam 16:14te fin kite Saül. 13 Pou sa Saül te retire David devan prezans li. Li te apwente li kòm kòmandan a yon mil lòm. Konsa I Sam 18:16li te sòti e antre devan pèp la.
14 David t ap reyisi nan tout chemen li yo, Jen 39:2-23paske SENYÈ a te avèk li. 15 Lè Saül te wè ke li te byen reyisi konsa, li te vin gen gwo perèz li. 16 Men I Sam 18:5tout Israël avèk Juda te renmen li nèt e li te sòti e antre devan yo. 17 Alò, Saül te di a David: I Sam 17:25“Men pi gran fi mwen an, Mérab. Mwen va ba ou li kòm madanm. Sèlman, rete vanyan pou mwen e mennen batay pou SENYÈ a.” Paske Saül t ap di a tèt li: “Mwen p ap kapab leve men kont li, men kite men Filisten yo vin kont li.”
18 Men David te di a Saül: I Sam 9:21“Kilès mwen ye e kisa lavi mwen ye, oswa fanmi a papa m an Israël ye, pou mwen ta devni bofis a wa a?”
19 Konsa, li te vin rive ke nan moman a Mérab, fi a Saül la te dwe bay a David la, li te vin bay a II Sam 21:8Adriel, Meolayit la, kòm madanm.
20 Alò, I Sam 18:28Mical, pitit a Saül la, te renmen David. Lè yo te pale sa a Saül, bagay la te agreyab a li menm. 21 Saül te di a li menm: “Mwen va ba li fi a pou li kab devni yon pyèj pou li e pou men Filisten yo kapab vin kont li.” Pou sa, Saül te pale David, I Sam 18:26“Pou yon dezyèm fwa, ou gen dwa devni bofis mwen jodi a.”
22 Alò, Saül te kòmande sèvitè li yo: “Pale avèk David an sekrè e di: ‘Gade byen, wa a trè kontan avèk ou e tout sèvitè li yo renmen ou anpil. Alò, pou sa a, vin bofis a wa a.’ ”
23 Konsa, sèvitè a Saül yo te pale pawòl sa yo a David. Men David te di: “Èske sa se yon ti bagay pou vin bofis a wa a, Jen 29:20akoz mwen menm se yon nonm pòv e san pwa?”
24 Sèvitè a Saül yo te bay rapò a a li menm selon pawòl ke David te pale yo.
25 Alò, Saül te di: “Konsa ou va pale David: ‘Wa a pa bezwen okenn kòb kòm dwa maryaj, sof ke yon santèn prepuce yo ki sòti nan Filisten yo, I Sam 14:24pou egzekite vanjans sou lènmi a wa yo.’ ” Alò, I Sam 18:17Saül te fè plan pou fè David tonbe pa men a Filisten yo. 26 Lè sèvitè li yo te pale David pawòl sa yo, sa te fè David kontan pou vini bofis a wa a. I Sam 18:21Avan jou yo te fini, 27 David ak mesye pa li yo te ale. Yo te frape fè desann de-san lòm pami Filisten yo. Alò, II Sam 3:14David te mennen prepuce pa yo e yo te bay yo an tout a wa a, pou li ta kapab vin bofis a wa a. Konsa Saül te ba li Mical kòm madanm li. 28 Lè Saül te wè e te konnen ke SENYÈ a te avèk David, e ke Mical, fi a Saül la, te renmen li, 29 li te pè David menm plis. Konsa Saül te lènmi a David ale nèt.
30 Epi kòmandan Filisten yo te sòti pou fè batay. Konsa, li vin rive chak fwa yo sòti, ke David I Sam 18:5te aji avèk plis sajès ke tout sèvitè a Saül yo. Akoz sa, non li te vin respekte anpil.

18:2 I Sam 17:15

18:3 I Sam 20:8-17

18:4 I Sam 17:38

18:6 Sòm 68:25

18:7 Egz 15:21

18:7 II Sam 18:3

18:8 I Sam 15:28

18:10 I Sam 16:14

18:11 I Sam 19:10

18:12 I Sam 16:14

18:13 I Sam 18:16

18:14 Jen 39:2-23

18:16 I Sam 18:5

18:17 I Sam 17:25

18:18 I Sam 9:21

18:19 II Sam 21:8

18:20 I Sam 18:28

18:21 I Sam 18:26

18:23 Jen 29:20

18:25 I Sam 14:24

18:25 I Sam 18:17

18:26 I Sam 18:21

18:27 II Sam 3:14

18:30 I Sam 18:5