14
Alò jou a te rive ke Jonathan, fis a Saül la, te di a jennonm ki t ap pote zam li yo: “Vini, annou travèse vè anplasman post militè Filisten ki sou kote lòtbò a.” Men li pa t pale sa a papa l. Saül te rete nan zòn andeyò I Sam 13:15-16Guibea anba pye grenad la nan És 10:28 Migron. Epi moun ki te avèk li yo te anviwon sis-san mesye. Achija, fis a Achithub la, frè I-Kabod, fis a Phinées a, fis a Éli, sakrifikatè SENYÈ a nan I Sam 1:3Silo, te abiye avèk yon efòd. Epi pèp la pa t konnen ke Jonathan te ale.
I Sam 13:23Antre pasaj kote Jonathan te chache travèse pou rive nan anplasman post militè Filisten yo, te gen yon kote dan wòch byen file sou yon bò ak yon dan wòch byen file sou lòtbò a. Youn te rele Botsets e lòt la te rele Séné. Youn nan dan wòch yo te leve nan kote nò anfas Micmasch e lòt la nan sid anfas Guéba. Alò Jonathan te di a jennonm ki t ap pote zam li yo: “Vini pou nou travèse lòtbò vè anplasman militè a ensikonsi sila yo. Petèt, SENYÈ a va aji pou nou. Paske Za 4:6SENYÈ a pa anpeche delivre, menm si se anpil, menm si se kèk grenn.”
Sila ki pote zam li yo te di: “Fè tout sa ki nan kè ou; vire ou menm e mwen la avèk ou selon volonte ou.”
Jonathan te di: Jij 7:9-14“Gade byen, nou va travèse lòtbò vè mesye yo pou vin parèt a yo menm. Si yo di nou: ‘Tann jiskaske nou rive bò kote nou’, alò, nou va kanpe nan plas nou e pa monte kote yo. 10 Men si yo di: ‘Vin monte kote nou’, alò nou va monte. Paske SENYÈ a te mete yo nan men nou; epi Jen 24:14sa va sinyal pou nou.”
11 Lè yo toude te parèt nan anplasman militè Filisten yo, Filisten yo te di: “Gade byen, I Sam 13:6Ebre yo vin sòti nan tou a kote yo te kache kò yo.” 12 Epi mesye nan anplasman yo te rele Jonathan avèk gason ki pote zam li yo. Yo te di: “Monte kote nou pou nou di ou yon bagay.”
Epi Jonathan te di a gason zam li yo: “Vin monte dèyè m, paske II Sam 5:24SENYÈ a fin mete yo nan men Israël.” 13 Alò, Jonathan te rale monte ak men l ak pye li, avèk gason zam yo dèyè li. Konsa, yo te tonbe devan Jonathan e gason zam yo te touye kèk apre li. 14 Premye masak sa ke Jonathan avèk gason zam yo te fè te anviwon ven òm soti nan mwatye distans ke yon cha ta fè lè l ap raboure fè yon pase nan yon tyè kawo tè.
15 Epi nan kan an yo t ap tranble, anplis nan chan an, e pami tout pèp la. Menm gason anplasman militè yo te tranble. I Sam 13:17-18Ekip ravajè yo te tranble e latè te vin tranble jiskaske li te tranble anpil. 16 Gad Saül yo nan Guibea nan Benjamin te wè ke gran kantite fòs sòlda yo te kòmsi yo t ap fonn; epi yo te gaye pasi pala. 17 Saül te di a moun ki te avèk li yo: “Kontwole soti koulye a pou wè kilès ki kite nou.” Epi lè yo fin fè kontwòl, gade byen, Jonathan avèk gason potè zam li yo pa t la.
18 Alò, Saül te di a Achija: I Sam 23:9“Mennen lach Bondye a isit la.” Paske lach Bondye a te nan tan sa a avèk fis Israël yo. 19  Nonb 27:21Pandan Saül te pale avèk prèt la, zen nan kan Filisten yo te kontinye e te vin ogmante. Donk, Saül te di prèt la: “Retire men w!”
20 Epi Saül avèk tout pèp ki te avèk li a te rasanble pou te rive kote batay la. Epi vwala, Jij 7:22zam a chak moun te vire kont moun parèy pa yo. Te vin gen yon trè gran konfizyon. 21 Alò, Ebre ki te avèk Filisten avan yo, ki te monte avèk yo toupatou nan kan an, I Sam 29:4menm yo menm te vire pou alinye avèk Izrayelit ki te avèk Saül ak Jonathan yo. 22 Lè tout I Sam 13:6mesye Israël yo ki te kache kò yo nan peyi ti mòn Ephraïm yo te tande ke Filisten yo te sove ale, menm yo menm anplis, te kouri dèyè yo toupre nan batay la. 23 Konsa Egz 14:30SENYÈ a te delivre Israël nan jou sa a e batay la te gaye pi lwen Beth-Aven.
24 Alò mesye Israël yo te byen peze nan jou sa a, paske Saül te Jos 6:26mete pèp la anba yon sèman, e te di: “Modi se mesye ki manje manje avan nwit lan, jiskaske mwen fè vanjans sou lènmi mwen yo.” Konsa, pa t gen nan pèp la ki te goute manje.
25 Tout pèp peyi a te antre nan forè a e te gen siwo myèl atè a. 26 Lè pèp la te antre forè a, men vwala, Mat 3:4te gen yon flèv siwo myèl. Men pèsòn pa t rale men l rive nan bouch li, paske pèp la te pè sèman an. 27 Men Jonathan pa t ankò tande lè papa l te mete pèp la anba sèman an. Pou sa, li te lonje baton ki te nan men l lan, li te fonse li nan gato myèl la, li te mete men l nan bouch li e I Sam 30:12zye li te vin limen. 28 Epi youn nan moun yo te di: “Papa ou te mete pèp la anba sèman avèk severite e li te di: ‘Modi se mesye ki manje manje jodi a.’ ” Epi pèp la te bouke.
29 Alò, Jonathan te di: Jos 7:25“Papa m te twouble peyi a! Gade, koulye a kijan zye m vin limen akoz mwen te goute yon ti kras nan siwo sa a. 30 Konbyen anplis, si sèlman pèp la te manje avèk libète jodi a nan piyaj lènmi ke yo te twouve a! Paske koulye a masak pami Filisten yo pa gwo.” 31 Yo te frape pami Filisten yo nan jou sa a soti Micmasch pou jis rive Ajalon. Epi pèp la te vin byen bouke. 32  I Sam 15:19Pèp la te kouri avèk gwo anvi sou piyaj la. Yo te pran mouton yo avèk gwo bèf ak ti bèf yo, yo te touye yo atè a, e yo te manje yo Lev 17:10-14avèk san an. 33 Alò, yo te pale Saül e te di: “Gade byen, pèp la ap Lev 7:26peche kont SENYÈ a pandan yo manje avèk san an.”
Epi li te di: “Nou te aji kòm trèt; woule yon gwo wòch kote mwen jodi a.” 34 Saül te di: “Gaye nou menm pami pèp la e di yo: ‘Nou chak mennen bèf nou ban mwen, oswa mouton nou e touye li isit la pou manje. Pa fè peche kont SENYÈ a avèk afè manje san an.’ ” Konsa, tout pèp la nan nwit lan, yo chak te mennen bèf yo e te kòche li la.
35 Epi Saül te I Sam 7:12-17bati yon lotèl a SENYÈ a; se te premye lotèl ke li te bati a SENYÈ a. 36 Epi Saül te di: “Annou desann dèyè Filisten yo lannwit lan, pran piyaj pami yo jis li fè klè nan maten e annou pa kite youn nan mesye yo vivan.”
Epi yo te di: “Fè nenpòt sa ki sanble bon pou ou menm.”
Konsa, I Sam 14:3-19prèt la te di: “Annou apwoche de Bondye isit la.”
37 Saül te fè demand a Bondye: “Èske mwen dwe desann dèyè Filisten yo? Èske Ou va ba yo nan men Israël?” Men I Sam 28:6Li pa t reponn li nan jou sa a 38 Saül te di: Jos 7:11-12“Apwoche isit la, tout chèf a tout pèp la pou fè ankèt pou aprann kijan peche sa a te vin fèt jodi a. 39 Paske I Sam 14:24-44jan SENYÈ a ki delivre Israël la viv la, malgre ke si se fis mwen, Jonathan, li va anverite mouri.” Men yon moun nan tout pèp la pa t reponn li. 40 Alò, li te di a tout Israël: “Nou va sou yon kote e mwen menm avèk Jonathan va nan lòt kote a.”
Epi pèp la te di a Saül: “Fè sa ki sanble bon a ou menm.”
41 Pou sa, Saül te di a SENYÈ a, Bondye a Israël la: Trav 1:24“Fè yon tiraj osò konplè.”
Epi Jonathan avèk Saül te pran; men pèp la te delivre.
42 Saül te di: “Tiraj osò a antre mwen menm avèk Jonathan, fis mwen an.”
Epi se Jonathan ki pran.
43 Alò Saül te di a Jonathan: Jos 7:19“Di mwen kisa ou te fè a.”
Konsa, Jonathan te rakonte li e te di: “Mwen, anverite, te goute yon ti kras siwo myèl avèk pwent baton ki te nan men m nan. Men mwen, fòk mwen mouri!”
44 Saül te di: “Ke Bondye fè sa e menm plis; paske vrèman, I Sam 14:39Jonathan, ou oblije mouri.”
45 Men pèp la te di a Saül: “Èske fòk Jonathan ta mouri, ki te fè reyisi gran delivrans sa a an Israël? Lwen de sa! Kòm SENYÈ a viv la, Trav 27:34pa menm yon cheve nan tèt li p ap tonbe atè; paske li te fè travay Bondye nan jou sa a.” Konsa, pèp la te sove Jonathan pou li pa t mouri. 46 Alò, Saül te monte kite afè kouri dèyè Filisten yo, e Filisten yo te ale kote plas pa yo a.
47 Alò, lè Saül te pran plas chèf sou wayòm Israël la. Li te goumen kont tout lènmi li yo tout kote; kont Moab, I Sam 11:1-13fis a Ammon yo, Édom, wa a Zobah yo ak Filisten yo. Nenpòt kote li te vire li te pini yo. 48 Li te aji avèk kouraj; li te I Sam 15:3-7bat Amalekit yo, e li te delivre Israël soti nan men a sila ki te piyaje yo. 49 Alò, I Sam 31:2fis a Saül yo te Jonathan, Jischiv avèk Malkischua. Epi non a de fi yo se te konsa; non a premye ne a, Mérab e non a pi piti a, II Sam 6:20-23 Mical. 50 Non a madanm a Saül se te Achinoam fi a Achimaats la. Epi non a II Sam 2:8kapitèn lame a se te Abner, fis a Ner a, tonton a Saül. 51  I Sam 9:21Kish se te papa a Saül ak Ner. Papa a Abner te fis a Abiel.
52 Alò, lagè kont Filisten yo te di anpil pandan tout jou a Saül yo. Epi lè Saül te wè nenpòt gason pwisan oswa vanyan, li te I Sam 8:11fè l vin atache nan sèvis pa l la.

14:2 I Sam 13:15-16

14:2 És 10:28

14:3 I Sam 1:3

14:4 I Sam 13:23

14:6 Za 4:6

14:8 Jij 7:9-14

14:10 Jen 24:14

14:11 I Sam 13:6

14:12 II Sam 5:24

14:15 I Sam 13:17-18

14:18 I Sam 23:9

14:19 Nonb 27:21

14:20 Jij 7:22

14:21 I Sam 29:4

14:22 I Sam 13:6

14:23 Egz 14:30

14:24 Jos 6:26

14:26 Mat 3:4

14:27 I Sam 30:12

14:29 Jos 7:25

14:32 I Sam 15:19

14:32 Lev 17:10-14

14:33 Lev 7:26

14:35 I Sam 7:12-17

14:36 I Sam 14:3-19

14:37 I Sam 28:6

14:38 Jos 7:11-12

14:39 I Sam 14:24-44

14:41 Trav 1:24

14:43 Jos 7:19

14:44 I Sam 14:39

14:45 Trav 27:34

14:47 I Sam 11:1-13

14:48 I Sam 15:3-7

14:49 I Sam 31:2

14:49 II Sam 6:20-23

14:50 II Sam 2:8

14:51 I Sam 9:21

14:52 I Sam 8:11