29
Alò, I Sam 28:1Filisten yo te rasanble tout lame pa yo ansanm nan Aphek, pandan Izrayelit yo t ap fè kan akote sous ki nan Jizreel la. Konsa, mèt Filisten yo t ap avanse pa santèn e pa milye e I Sam 28:1-2David avèk mesye pa li yo t ap avanse pa dèyè avèk Akisch.
Alò, kòmandan a Filisten yo te di: “Se kisa Ebre sa yo ap fè isit la?”
Epi Akisch te di a kòmandan Filisten yo: “Èske sa se pa David, sèvitè a Saül la, wa Israël la, ki te avèk mwen nan jou sa yo, oswa pito di ane sa yo, e mwen pa t twouve okenn fot nan li soti nan jou ke li te sòti a, jis jodi a?”
Men kòmandan Filisten yo te fache avèk li. Yo te di li: “Fè nonm nan ale retounen, pou li kapab I Sam 27:6retounen nan plas li kote yo te ba li ransèyman an. Pa kite li desann nan batay la avèk nou, I Sam 14:21oswa nan batay la, li kapab devni yon lènmi nou. Paske se kilès ki ta k ap fè nonm sa a vin zanmi ak mèt li a? Èske sa pa tèt a mesye sila yo? Èske sa se pa David, I Sam 18:7a sila yo te chante nan dans pa yo e di:
‘Saül te touye dè milye
e David dè di-milye?’ ”
Alò, Akisch te rele David. Li te di l: “Jan SENYÈ a viv la, ladwati ou ak tout antre sòti ou avèk mwen nan lame a se yon plezi nan zye m; I Sam 27:8-12paske mwen pa t jwenn mal nan ou depi jou ke ou te antre kote mwen an, jis rive jodi a. Sepandan, ou pa yon plezi nan zye a lòt chèf yo. Alò, pou sa, retounen ale anpè, pou ou pa fè mèt Filisten yo pa kontan.”
David te di a Akisch: I Sam 27:10-12“Men kisa mwen te fè? Epi kisa ou te twouve nan sèvitè ou a depi nan jou ke m te vini devan ou an jis rive Jodi a, pou m pa kapab ale goumen kont lènmi a mèt mwen an, wa a?”
Men Akisch te reponn David: “Mwen konnen ke ou se yon plezi nan zye m, tankou yon zanj Bondye! Sepandan, I Sam 29:4kòmandan Filisten yo te di: ‘Fòk li pa monte avèk nou nan batay la.’ 10 Alò, pou sa, leve bonè nan maten I Kwo 12:19-22avèk sèvitè a mèt ou ki te vini avèk ou yo, e lamenm lè ou leve nan maten bonè, pati.”
11 Konsa, David te leve bonè, li avèk mesye pa li yo, pou pati nan maten pou retounen nan peyi a Filisten yo. Epi Filisten yo te monte Jizreel.

29:1 I Sam 28:1

29:2 I Sam 28:1-2

29:4 I Sam 27:6

29:4 I Sam 14:21

29:5 I Sam 18:7

29:6 I Sam 27:8-12

29:8 I Sam 27:10-12

29:9 I Sam 29:4

29:10 I Kwo 12:19-22