7
Epi mesye nan Kirjath-Jearim yo te vin pran lach SENYÈ a e te II Sam 6:3-4pote li antre lakay Abinadab sou ti mòn nan, epi yo te konsakre Éléazar, fis li a, pou okipe lach SENYÈ a. Soti nan jou ke lach la te rete Kirjath-Jearim nan, tan ekoule a te byen long—paske li te pran ventan avan tout lakay Israël te fè lamantasyon devan SENYÈ a. Konsa Samuel te pale a tout lakay Israël la, e te di: Jl 2:12-14“Si nou retounen vè SENYÈ a avèk tout kè nou, si nou retire dye etranje yo avèk Asheroth soti nan mitan nou, si nou dirije kè nou vè SENYÈ a, e Luc 4:8sèvi Li sèl, Li va delivre nou soti nan men a Filisten yo.” Konsa, fis Israël yo te retire Baal yo ak Astarté yo pou te sèvi sèl SENYÈ a. Alò, Samuel te di: Jij 10:17“Rasanble tout Israël nan Mitspa e mwen va priye a SENYÈ a pou nou.” Yo te rasanble nan Mitspa; yo te rale dlo pou te vide devan SENYÈ a, e yo te fè jèn nan jou sila a. Yo te di nan plas sa a: Jij 10:10“Nou te peche kont SENYÈ a.” Konsa, Samuel te jije fis Israël yo nan Mitspa.
Alò, lè Filisten yo te tande ke fis Israël yo te rasanble nan Mitspa, e prens a Filisten yo te vin monte kont Israël. Lè fis Israël I Sam 13:6yo te tande sa, yo te krent Filisten yo. Pou sa a, fis Israël yo te di a Samuel: I Sam 12:19-24“Pa sispann kriye a SENYÈ Bondye nou an pou nou, pou Li kapab sove nou soti nan men a Filisten yo.” Samuel te pran yon Lev 22:27ti mouton ki potko sevre e li te ofri tout li kòm yon ofrann brile bay SENYÈ a. Samuel te kriye a SENYÈ a pou Israël e SENYÈ a te reponn li. 10 Pandan Samuel t ap ofri ofrann brile a, Filisten yo te rapwoche pou fè batay kont Israël. Men II Sam 22:14-15SENYÈ a te gwonde nan jou sa a kont Filisten yo. Li te fè yon malkonprann antre yo, e Li te boulvèse yo devan Israël. 11 Mesye Israël yo te sòti nan Mitspa pou te kouri dèyè Filisten yo e yo te frape yo ba jis rive piba Beth-Car.
12 Alò, Samuel te pran yon Jen 35:14gwo wòch, e li te poze li antre Mitspa ak Schen e li te ba li non a Ében-Ézer. Li te di: “Jis rive la, SENYÈ a te ede nou.” 13 Konsa, Filisten yo te vin soumèt, e I Sam 13:5yo pa t vin ankò anndan fwontyè Israël la. Konsa, men SENYÈ a te kont Filisten yo pandan tout jou a Samuel yo.
14 Vil ke Filisten yo te sezi soti an Israël yo te restore a Israël, soti Ékron jis rive Gath. Epi Israël te rachte teritwa yo nan men a Filisten yo. Konsa, te gen lapè antre Israël ak Nonb 13:29Amoreyen yo.
15 Alò, Samuel te I Sam 7:6jije Israël pandan tout jou lavi li yo. 16 Li te konn ale chak ane fè yon tou Jen 28:19Béthel avèk Guilgal, ak Mitspa, e li te jije Israël tout kote sa yo. 17 Alò vwayaj retou li sete nan I Sam 1:1-19Rama; paske se la lakay li te ye. Se la li te jije Israël; epi li te bati la yon lotèl bay SENYÈ a.

7:1 II Sam 6:3-4

7:3 Jl 2:12-14

7:3 Luc 4:8

7:5 Jij 10:17

7:6 Jij 10:10

7:7 I Sam 13:6

7:8 I Sam 12:19-24

7:9 Lev 22:27

7:10 II Sam 22:14-15

7:12 Jen 35:14

7:13 I Sam 13:5

7:14 Nonb 13:29

7:15 I Sam 7:6

7:16 Jen 28:19

7:17 I Sam 1:1-19