6
Alò, lach SENYÈ a te nan peyi Filisten yo pandan sèt mwa. Konsa, Egz 7:11Filisten yo te rele prèt yo avèk divinò yo, e te di yo: “Kisa pou nou fè avèk lach SENYÈ a? Di nou kijan nou dwe voye li nan plas li.”
Yo te di: “Si ou voye lach Bondye Israël la ale, pa voye li vid, men ou va anverite, remèt Li yon ofrann koupab. Konsa nou va geri e li va vin konprann poukisa men L poko retire sou nou.”
Det 16:16; Lev 5:15,16 Yo te reponn: “Kisa nou dwe voye kòm ofrann koupab pou remèt Li a?”
Epi yo te di: “Senk imaj boul bouton fèt an lò avèk senk imaj sourit fèt an lò nan non prens Filisten yo. Paske se te yon sèl fleyo ki te vini sou nou tout ak sou prens nou yo. Konsa nou va fè yo sanblab a boul bouton nou yo, e sanblab a sourit ki anvayi peyi nou an, epi Jos 7:19nou va bay glwa a Bondye Israël la. Petèt I Sam 5:6-11Li kab lache men l sou nou. Poukisa nou fè kè di Egz 7:13tankou Ejipsyen yo avèk Farawon te fè kè yo di a? Lè li te fin aji sevèman avèk yo, Egz 12:31èske li pa t kite pèp la ale e yo te ale?
“Pou sa, ale fè yon kabwèt nèf avèk de vach nouris Nonb 19:2ki pa t janm rale chaj. Fè vach yo rale chaj sou kabwèt la e retire ti bèf yo mennen yo lakay, lwen yo. Pran lach SENYÈ a e mete li sou kabwèt la, epi mete I Sam 6:4-5bagay an lò ke nou ap retounen bay kòm ofrann koupab la nan yon bwat akote li. Alò, voye li ale pou li kapab ale. Veye, si li monte pa chemen Béth-Schémesch. Konsa n a konnen se Li menm ki fè nou gwo malè sila a. Men si se pa konsa; alò, nou va konnen ke se pa men Li menm ki te frape nou an, men sa te vin rive pa aza.”
10 Se konsa mesye yo te fè. Yo te pran de vach nouris, yo te fè yo rale chaj nan kabwèt la e te fèmen ti bèf yo lakay. 11 Yo te mete lach SENYÈ a sou kabwèt la e bwat la avèk sourit an lò ak imaj gwo boul bouton yo. 12 Epi vach yo te pran wout dwat nan direksyon Beth-Schémesch. Yo te fè wout nan Nonb 20:19gran chemen an. Yo te rele fò pandan yo nan wout la, e yo pa t vire akote ni adwat, ni agoch. Prens Filisten yo te swiv yo jis rive nan lizyè Beth-Schémesch la. 13 Alò, Beth-Schémesch t ap fè rekòlt ble pa yo nan vale a. Yo te leve zye yo, yo te wè lach la, e yo te kontan wè li. 14 Kabwèt la te vini nan chan Josué a, moun Beth-Schémech, e li te kanpe la kote ki te gen yon gwo wòch. Konsa, yo te fann bwa kabwèt la e yo te II Sam 24:22ofri vach yo kòm ofrann brile a SENYÈ a. 15  Jos 3:3Levit yo te desann lach SENYÈ a ak bwat ki te avèk li a. Andedan te gen tout bagay an lò yo e yo te mete yo sou gwo wòch la. Epi mesye Beth-Schémech yo te ofri ofrann brile e yo te fè sakrifis nan jou sa a bay SENYÈ a. 16  Jos 13:3senk prens Filisten yo te fin wè li, yo te retounen Ékron menm jou a. 17  I Sam 6:4Sa yo se imaj gwo boul bouton an lò ke Filisten yo te remèt kòm yon ofrann koupab bay SENYÈ a: youn pou Asdod, youn pou Gaza, youn pou Askalon, youn pou Gath e youn pou Ékron; 18 anplis ak sourit an lò yo, selon kantite a tout vil Filisten ki te pou senk prens yo, Det 3:5 vil fòtifye yo ak bouk andeyò yo. I Sam 6:14-15Gwo wòch kote yo te mete lach SENYÈ a se yon temwen jis rive jodi a nan chan Josué a, moun Beth-Schémech la. 19  Egz 19:21Li te frape e fè mouri kèk mesye Beth-Schémech akoz yo te gade anndan lach SENYÈ a. Li te frape pami tout pèp la, senkant-mil-swasann-dis òm e pèp la te vin dezole akoz SENYÈ a te frape yo avèk yon gwo masak. 20 Mesye Beth-Schémech yo te di: Mal 3:2“Se kilès ki kab kanpe devan SENYÈ Bondye sen sila a? Epi a kilès pou Li ta monte kite nou?”
21 Konsa, yo te voye mesaje yo vè Jos 15:9-60moun Kirjath-Jearim yo e te di: “Filisten yo te pote lach SENYÈ a retounen. Vin desann pran li monte kote nou an.”

6:2 Egz 7:11

6:3 Det 16:16; Lev 5:15,16

6:5 Jos 7:19

6:5 I Sam 5:6-11

6:6 Egz 7:13

6:6 Egz 12:31

6:7 Nonb 19:2

6:8 I Sam 6:4-5

6:12 Nonb 20:19

6:14 II Sam 24:22

6:15 Jos 3:3

6:16 Jos 13:3

6:17 I Sam 6:4

6:18 Det 3:5

6:18 I Sam 6:14-15

6:19 Egz 19:21

6:20 Mal 3:2

6:21 Jos 15:9-60