3
Nonb 21:33-35“Alò, nou te vire monte nan wout la vè Basan. Konsa, Og, wa a Basan an avèk tout pèp li a te sòti pou rankontre nou nan batay nan Édréï. Men SENYÈ a te di mwen: ‘Pa pè li, paske Mwen te livre li avèk tout pèp li a, ak peyi li a nan men ou; epi ou va fè li menm jan ke ou te fè Sihon, wa Amoreyen yo, ki te rete Hesbon an.’
“Konsa SENYÈ a, Bondye nou an, te livre osi Og, wa Basan an, avèk tout pèp li a nan men nou e nou te frape yo jis nanpwen ki te rete vivan. Nou te pran an kaptif tout vil li yo nan tan sa a; nanpwen vil ke nou pa t pran sou yo: swasant vil, tout rejyon Argob la, wayòm a Og la, nan Basan. Tout vil sa yo te fòtifye avèk miray ki wo, avèk pòtay byen bare; epi osi, anpil vil ki te san miray. Nou te konplètman detwi yo, jis jan ke nou te fè a Det 1:4Sihon, wa Hesbon an, e nou te Det 2:34konplètman detwi gason, fanm ak pitit a chak vil yo. Det 2:35Men nou te piyaje tout bèt ak byen a vil yo.
“Konsa, nou te pran peyi a nan tan sa a nan men Nonb 32:33wa Amoreyen yo ki te lòtbò Jourdain an, soti nan vale Arnon an jis rive nan Mòn Hermon an. (Sidonyen yo rele Hermon Sòm 29:6Sirion e Armoreyen yo rele li, I Kwo 5:23Senir.) 10 Nou te pran tout vil nan platon yo, tout Galaad ak Jos 13:11tout Basan jis rive nan Salca ak Édréï, vil a wayòm Og yo, nan Basan. 11 (Paske se sèl Og, wa Basan an ki te rete kòm retay a Jen 14:5Rephaïm yo. Gade byen, kabann li te fèt an fè. Èske li pa nan Rabbath, vil a fis Ammon yo? Longè li se te nèf koude e lajè li se te kat koude nan koude a yon moun.)”
12 “Konsa, nou te vin pran posesyon a peyi sila nan tan sa a. Soti nan Det 2:36Aroër, ki bò kote vale Arnon an, ak mwatye peyi ti mòn a Nonb 32:32-38Galaad yo, avèk vil pa li yo, mwen te bay yo a Ribenit yo e a Gadit yo. 13 Rès pati a Galaad la ak tout Basan an, wayòm Og la, mwen te bay a mwatye tribi Manassé a, tout rejyon a Argob la (pa tout Basan, se li yo rele peyi a Rephaïm yo. 14  Nonb 32:41Jaïr, fis a Manassé a te pran tout rejyon Argob la jis rive nan lizyè Gechiyen yo ak Maakatyen yo, e yo te rele li Basan, selon pwòp non pa li, Havvoth-Jaïr, e se konsa li rele jis jodi a.) 15  Nonb 32:39-40A Makir, mwen te bay Galaad. 16 A Ribenit yo avèk Gadit yo, mwen te bay soti Galaad pou rive jis nan vale Arnon, mitan vale a sèvi kòm yon lizyè e jis nan rivyè Nonb 21:24Jabbok la, ki se fwontyè a fis Ammon yo; 17 Araba a osi, avèk rivyè Jourdain an kòm yon lizyè soti Nonb 34:11Kinnéreth jis rive nan lanmè Araba a, Lamè Sale a, nan pye a mòn Pisga nan lès.
18 “Epi mwen te kòmande nou nan tan sa a e te di: Jos 1:13‘SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou peyi sa a pou posede li. Nou tout, mesye vanyan yo, nou va travèse avèk zam devan frè nou yo, fis Israël yo. 19  Jos 1:14Men madanm nou yo avèk pitit nou yo ak bèt nou yo (mwen konnen ke nou genyen Nonb 32:1anpil bèt) va rete nan vil ke mwen te bannou yo,’ 20  Jos 1:15 jis SENYÈ a bay repo a sitwayen parèy a nou an, jis tankou nou; epi yo, osi, vin posede peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, va bay yo lòtbò Jourdain an. Nan moman sa a, nou tout kapab retounen nan pwòp posesyon pa l ke mwen te bannou an’.
21 “Mwen te kòmande Josué e te di: ‘Zye ou gen tan fin wè tout sa ke SENYÈ a, Bondye nou an, te fè a dè wa sa yo. Konsa, SENYÈ a va fè nan tout wayòm kote ou prèt pou travèse yo. 22 Pa pè yo; paske SENYÈ a, Bondye nou an, Egz 14:14 se Li menm k ap goumen pou nou.’
23 “Nan tan sa a, osi, mwen te sipliye SENYÈ a, Bondye nou an. Mwen te di: 24 ‘O SENYÈ BONDYE, Ou te kòmanse montre sèvitè ou a jan Det 11:2Ou gran ak men pwisan Ou. Paske ki dye ki genyen nan syèl la oswa sou tè a, ki kapab fè kalite zèv sa yo, zèv pwisan tankou pa Ou yo? 25 Kite mwen pase, mwen priye Ou, travèse wè bèl peyi ki lòtbò Jourdain an, Det 4:22bèl peyi mòn sa a, avèk Liban.’
26 “Men Det 1:37SENYÈ a te fache avèk mwen akoz nou menm, e Li pa t koute mwen. SENYÈ a te di mwen: ‘Sa sifi! Pa pale M ankò de zafè sa a. 27 Monte sou tèt Nonb 23:14 Pisga, leve zye ou vè lwès, nan nò, sid avèk lès, e gade li avèk zye ou, paske ou p ap travèse Jourdain an. 28  Nonb 27:18Men pale Josué, ankouraje li e ba li fòs, paske li va ale lòtbò a nan tèt a pèp sa a, e li va bay yo li kòm eritaj pa yo peyi ke ou va wè a.’
29 “Konsa, nou te rete nan vale a anfas Nonb 25:1-3 Beth-Peor a.”

3:1 Nonb 21:33-35

3:6 Det 1:4

3:6 Det 2:34

3:7 Det 2:35

3:8 Nonb 32:33

3:9 Sòm 29:6

3:9 I Kwo 5:23

3:10 Jos 13:11

3:11 Jen 14:5

3:12 Det 2:36

3:12 Nonb 32:32-38

3:14 Nonb 32:41

3:15 Nonb 32:39-40

3:16 Nonb 21:24

3:17 Nonb 34:11

3:18 Jos 1:13

3:19 Jos 1:14

3:19 Nonb 32:1

3:20 Jos 1:15

3:22 Egz 14:14

3:24 Det 11:2

3:25 Det 4:22

3:26 Det 1:37

3:27 Nonb 23:14

3:28 Nonb 27:18

3:29 Nonb 25:1-3