29
Yon sòm David
I Kwo 16:28-29Bay a SENYÈ a, O Fis a moun pwisan yo,
bay a SENYÈ a, glwa avèk gwo fòs.
Bay a SENYÈ a, glwa ke non Li merite a.
Adore SENYÈ a II Kwo 20:21avèk tout sa ki sen.
 
Vwa SENYÈ a sou dlo yo.
Bondye glwa la Job 37:4,5 fè tonnè gwonde, eklate.
SENYÈ a sou anpil dlo.
Vwa SENYÈ a gen Sòm 68:33gwo fòs.
Vwa SENYÈ a ranpli ak majeste.
Vwa SENYÈ a fann bwa sèd yo.
Wi, SENYÈ a fann an mòso Sòm 104:16 bwa sèd Liban yo.
Li fè Liban sote. Li ponpe tankou yon ti bèf, e
Det 3:9Sirion tankou yon jèn bèf mawon.
Vwa SENYÈ a koupe fè flanm dife.
Vwa SENYÈ a souke savann nan.
Vwa SENYÈ a souke savann Kadès la.
Vwa SENYÈ a fè Job 39:1bich la fè pitit.
Li fè forè a vin toutouni.
Nan tanp Li a, tout moun ki la yo rele: “Glwa”!
 
10 SENYÈ a te chita kon Wa nan gran inondasyon an.
Wi, SENYÈ a chita kon Sòm 10:16 Wa jis pou tout tan.
11 SENYÈ a va bay fòs a pèp Li a.
SENYÈ a va beni pèp li a avèk Sòm 72:3 lapè.

29:1 I Kwo 16:28-29

29:2 II Kwo 20:21

29:3 Job 37:4,5

29:4 Sòm 68:33

29:5 Sòm 104:16

29:6 Det 3:9

29:9 Job 39:1

29:10 Sòm 10:16

29:11 Sòm 72:3