104
Beni SENYÈ a, O nanm mwen!
O SENYÈ, Bondye mwen an, Ou tèlman gran.
Ou Sòm 93:1abiye avèk bèlte ak majeste.
Li kouvri Li menm ak limyè kon yon manto.
És 40:22Ki ouvri syèl la tankou yon rido tant.
Li poze gran travès wo chanm nan nan dlo.
Li fè És 19:1nwaj yo sèvi kon cha Li.
Li mache sou zèl van an.
Li fè van yo vin mesaje Li.
Flanm II Wa 2:11dife yo se minis Li.
Li te Job 38:4etabli tè a sou pwòp fondasyon li,
pou l pa varye pou tout tan ni pou tout tan.
Ou te Jen 1:2kouvri li avèk fon an tankou yon vètman.
Dlo yo te kanpe anwo mòn yo.
Ak repwòch Ou, yo te sove ale.
Lè vwa Ou te Sòm 29:3sone, yo te kouri ale.
Mòn yo te leve, vale yo te vin fon
nan Sòm 33:7plas ke Ou te kòmande pou yo a.
Ou te plase yon Job 38:10limit pou dlo yo pa ta depase,
pou yo pa retounen kouvri tè a.
10 Li fè Sòm 107:35sous yo vin koule nan vale yo.
Yo koule antre mòn yo.
11 Yo bay dlo pou bwè a tout bèt chan yo.
Job 39:5Bourik mawon yo bwè pou satisfè swaf yo.
12 Akote yo, zwazo syèl yo va Mat 8:20poze kay.
Yo va leve vwa yo pami branch bwa yo.
13 Li awoze mòn yo soti nan chanm anwo yo.
Jr 10:13Latè satisfè avèk fwi a zèv Li yo.
14 Li fè Job 38:27zèb grandi pou bèt yo e vèdi
pou zèv a lòm nan,
pou li kab fè manje sòti nan tè a,
15 e diven ki fè kè a lòm kontan an,
pou li kab fè figi li klere ak lwil,
ak manje ki Jen 18:5bay soutyen a kè lòm nan.
16 Pyebwa a SENYÈ yo bwè dlo jiskaske yo plen,
pye sèd Liban ke Li te plante yo,
17 kote zwazo yo fè nich yo.
Sigòy ki fè kay li nan pye sipre yo.
18 Mòn wo yo se pou kabrit mawon yo.
Gwo falèz yo se yon kote pou Lev 11:5 daman yo kache.
19 Li te fè lalin nan Jen 1:14pou sezon yo.
Solèy la konnen plas kote pou l vin kouche a.
20 Ou te chwazi tenèb la e li te devni lannwit,
pou tout Sòm 50:10bèt forè yo mache toupatou.
21 Jenn lyon yo rele fò dèyè viktim yo,
e Sòm 145:15chache manje yo nan men Bondye.
22 Solèy la vin leve.
Yo retire yo pou ale kouche nan Job 37:8tanyè yo.
23 Lòm ale fè Jen 3:19travay li.
Li fè fòs jis lannwit rive.
24 O SENYÈ, a la zèv Ou yo anpil!
Nan sajès, Ou te fè tout bagay.
Latè ranpli ak byen Ou yo.
25 Genyen Sòm 8:8lanmè, gran e vast.
Ladann, gen gwo ekip pwason ki pa kab menm konte
gwo bèt, kòn ti bèt.
26 Genyen gwo bato k ap pase ladann, ak
levyatan ke Ou te fòme pou fè spò ladann nan.
27 Yo tout ap tann Ou pou Job 36:31bay yo manje nan lè yo.
28 Ou bay yo, e yo ranmase li.
Ou Sòm 145:16ouvri men Ou, e yo satisfè ak bonte.
29 Ou kache figi Ou, e yo chagren nèt.
Ou retire Jen 3:19lespri yo; yo mouri e yo retounen nan pousyè yo.
30 Ou voye Job 33:4Lespri Ou deyò; yo vin kreye.
Konsa, Ou renouvle fas tè a.
31 Kite Sòm 86:12glwa SENYÈ a dire jis pou tout tan.
Kite SENYÈ a rejwi nan zèv Li yo.
32 Li gade tè a e tè a vin Hab 3:10tranble.
Li touche mòn yo e yo fè lafimen.
33 Mwen va chante a SENYÈ a Sòm 63:4toutotan ke m ap viv.
Mwen va chante lwanj a Bondye mwen an toutotan ke m la.
34 Kite Sòm 19:4refleksyon mwen yo fè L plezi.
Pou kont mwen, mwen va kontan nan SENYÈ a.
35 Kite pechè yo vin disparèt sou tè a,
E Sòm 37:10mechan yo vin pa la ankò.
Beni SENYÈ a, O nanm mwen.
Bay SENYÈ a lwanj!

104:1 Sòm 93:1

104:2 És 40:22

104:3 És 19:1

104:4 II Wa 2:11

104:5 Job 38:4

104:6 Jen 1:2

104:7 Sòm 29:3

104:8 Sòm 33:7

104:9 Job 38:10

104:10 Sòm 107:35

104:11 Job 39:5

104:12 Mat 8:20

104:13 Jr 10:13

104:14 Job 38:27

104:15 Jen 18:5

104:18 Lev 11:5

104:19 Jen 1:14

104:20 Sòm 50:10

104:21 Sòm 145:15

104:22 Job 37:8

104:23 Jen 3:19

104:25 Sòm 8:8

104:27 Job 36:31

104:28 Sòm 145:16

104:29 Jen 3:19

104:30 Job 33:4

104:31 Sòm 86:12

104:32 Hab 3:10

104:33 Sòm 63:4

104:34 Sòm 19:4

104:35 Sòm 37:10