37
Yon Sòm David 
  1 Pa twouble tèt ou akoz mechan yo. Pa vin ✡Sòm 73:3pote lanvi pou malfektè yo.   
 2 Paske yo va ✡Job 14:2fennen vit tankou zèb chan,  
e disparèt tankou zèb ki vèt.   
 3 Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon.  
✡Éz 34:13-14Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.   
 4 Pran plezi ou nan SENYÈ a.  
Konsa, Li va ✡Sòm 145:19bay ou tout dezi a kè ou.   
 5 ✡Pwov 16:3Dedye chemen ou a SENYÈ a.  
Mete konfyans nan Li, e sa L ap fè:   
 6 Li va mennen fè parèt ladwati ou kon limyè,  
Ak jijman ou klere ✡Job 11:17 kon midi.   
 7 Pran repo nan SENYÈ a, e ✡Sòm 40:1tann Li ak pasyans;  
Pa twouble ou akoz sila ki reyisi nan chemen li an,  
Akoz nonm nan ki reyisi fè manèv mechan li yo.   
 8 Sispann fache pou l pa mennen ou nan fè mal.  
Pa kite kè ou twouble; l ap mennen ou nan mechanste   
 9 Konsa, ✡Sòm 37:2-22malfektè yo va koupe retire nèt,  
men sila k ap tann SENYÈ yo,  
va vin genyen peyi a kon eritaj yo.   
 10 Men yon ✡Job 24:24ti tan ankò, mechan an va disparèt.  
Ou va chache avèk atansyon plas li,  
men li p ap egziste.   
 11 Konsa, ✡Mat 5:5enb yo va fè eritaj peyi a.  
Yo va pran plezi yo nan reyisi anpil.   
 12 Mechan an ✡Sòm 31:13-20fè konplo kont sila ki dwat yo.  
Li manje dan l sou li.   
 13 SENYÈ a ri sou li, paske Li wè ke ✡I Sam 26:10 jou li a ap rive.   
 14 Mechan yo rale nepe e ✡Lam 2:4koube banza yo,  
pou jete aflije yo avèk malere a,  
pou touye sila ki dwat nan kondwit yo.   
 15 Nepe yo va antre nan pwòp kè yo.  
✡I Sam 2:4Banza yo ap kase.   
 16 ✡Pwov 15:16Pi bon se ti kras a moun dwat yo,  
pase abondans anpil a mechan yo.   
 17 Paske bra a mechan yo va kase,  
men SENYÈ a va ranfòse moun dwat yo.   
 18 SENYÈ a ✡Sòm 1:6konnen jou a sila ki dwat yo.  
Eritaj yo va dire jis pou tout tan.   
 19 Yo p ap wont nan move tan.  
Nan ✡Job 5:20jou gwo grangou yo, y ap jwenn kont.   
 20 Men mechan yo va peri.  
Lènmi a SENYÈ a, tankou laglwa a bèl chan yo.  
Yo va vin disparèt.  
Tankou ✡Sòm 68:2 lafimen,  
yo ale nèt.   
 21 Mechan an prete, men li pa remèt,  
men moun dwat la ✡Sòm 112:5-9ranpli ak gras pou l ka bay an abondans.   
 22 Paske sila ke Bondye beni yo, va ✡Pwov 3:33eritye peyi a,  
men sila ke Li modi yo, va vin koupe retire nèt.   
 23 ✡I Sam 2:9Pa a yon nonm etabli pa SENYÈ a.  
Konsa, Li pran plezi nan chemen li.   
 24 Lè ✡Pwov 24:15li tonbe, li p ap voye tèt anba nèt,  
paske SENYÈ a se Sila ki kenbe men li an.   
 25 Mwen te jèn e koulye a, mwen fin granmoun,  
men ✡Eb 13:5mwen poko wè moun dwat ki abandone,  
ni desandan li yo k ap mande pen.   
 26 Tout lajounen, ✡Det 15:8 moun dwat la  
plen ak gras pou prete moun.  
Desandan li yo se yon benediksyon.   
 27 Kite mal e fè sa ki bon,  
pou ou kab viv ✡Sòm 102:28 jis pou tout tan.   
 28 Paske SENYÈ a renmen jistis,  
e li pa abandone fidèl li yo.  
Yo prezève pou tout tan,  
men mechan yo va vin koupe retire nèt.   
 29 Moun ladwati yo va ✡Sòm 37:9eritye peyi a,  
pou viv ladann pou tout tan.   
 30 Bouch a moun dwat yo va eksprime sajès,  
epi lang li va ✡Sòm 119:13 pale jistis.   
 31 ✡Det 6:6Lalwa Bondye nan kè li.  
Pa li yo pa janm glise.   
 32 Mechan an ap veye dwat la  
pou ✡Sòm 37:14chache touye li.   
 33 SENYÈ a p ap kite l lantre nan men li,  
ni ✡Sòm 34:22kite li kondane lè li jije.   
 34 Tann SENYÈ a e kenbe chemen Li an.  
Konsa, Li va leve ou wo pou eritye peyi a.  
Lè ✡Sòm 52:5-6mechan yo koupe retire, ou va gen tan wè l.   
 35 Mwen konn ✡Job 5:3wè yon nonm mechan e vyolan  
Ki gaye kò l tankou yon gwo pyebwa nan tè peyi natal li.   
 36 Konsa, li mouri nèt, e vwala, li ✡Job 20:5pa t la ankò.  
Mwen te chache li, men li pa t kab twouve.   
 37 Byen remake nonm san tò a,  
epi gade byen nonm ladwati a,  
paske nonm lapè a va gen ✡És 57:1-2posterite.   
 38 Men pechè a va detwi nèt.  
Posterite a mechan an va ✡Sòm 37:9koupe retire nèt.   
 39 Men ✡Sòm 3:8delivrans a moun dwat yo soti nan SENYÈ a.  
Se Li menm ki fòs yo nan tan twoub la.   
 40 SENYÈ a ede yo e delivre yo.  
Li delivre yo soti nan men mechan yo e sove yo.  
Li sove yo, akoz se nan Li ke yo ✡I Kwo 5:20 kache.