36
Pou direktè koral la; Yon Sòm David, sèvitè SENYÈ a
Se Peche ki pale nan fon kè a lòm ki san Bondye.
Nanpwen Wo 3:18krent Bondye devan zye l.
Jan li kontan ak pwòp tèt li,
li pa janm wè pwop peche pa l la.
Sòm 10:7Pawòl a bouch li se mechanste avèk manti.
Li fè yon chemen ki pa bon.
Sou kabann li, li fè plan mechan;
Li antre nan yon wout ki p ap sòti byen;
Li Wo 12:9pa rayi mal.
 
Sòm 57:10Lanmou dous Ou, O SENYÈ, rive jis nan syèl yo,
fidelite Ou nan syèl la.
Ladwati Ou se tankou mòn Bondye yo,
e Wo 11:33jijman Ou yo tankou yon gran pwofondè.
O SENYÈ, Ou prezève ni lòm, ni bèt.
Lanmou dous Ou chè, O Bondye!
Pitit a lòm yo Rt 2:12pran azil anba lonbraj zèl Ou.
Yo És 25:6bwè jiskaske yo vin plen an abondans lakay Ou.
Konsa,Ou bay yo bwè nan rivyè plezi Ou yo.
Paske avèk Ou, se Jr 2:13fontèn dlo lavi a.
Nan limyè pa Ou a, nou wè limyè.
10 O bay toujou lanmou dous Ou a pou sila ki konnen Ou yo,
ak Sòm 24:5ladwati Ou pou sila ki dwat nan kè yo.
11 Pa kite pye ògèy vini sou mwen,
ni pa kite men a mechan yo chase mwen ale.
12 Se la Sòm 140:10sila k ap fè inikite yo gen tan fin tonbe.
Yo te peze desann ak fòs, e yo p ap kab leve ankò.

36:1 Wo 3:18

36:3 Sòm 10:7

36:4 Wo 12:9

36:5 Sòm 57:10

36:6 Wo 11:33

36:7 Rt 2:12

36:8 És 25:6

36:9 Jr 2:13

36:10 Sòm 24:5

36:12 Sòm 140:10