10
Poukisa Ou kanpe tèlman lwen, O Senyè?
Poukisa Sòm 22:1Ou kache Ou menm nan tan twoub yo?
Nan ògèy pa yo, mechan yo kouri cho dèyè aflije yo.
Kite yo Sòm 7:16kenbe nan menm pèlen ke yo te fè a.
Paske mechan a ap vin ògeye sou Sòm 94:3dezi kè li a;
li beni moun voras la,
e eksprime madichon pou l rejte SENYÈ a.
Mechan an nan wotè rega li, refize chache Bondye,
Tout panse li se ke: Sòm 14:1“Nanpwen Bondye.”
Chemen pa li yo reyisi tout tan;
Jijman Ou yo tèlman wo, li pa wè yo.
Selon lènmi li yo, li giyonnen yo.
Li di a pwòp tèt li: Rev 18:7“Mwen p ap ebranle menm;
Pandan tout jenerasyon yo,
mwen p ap gen pwoblèm ditou.”
Wo 3:14Bouch li plen ak malediksyon, avèk
twonpe moun avèk oprime moun.
Anba lang li, se twonpe moun avèk mechanste.
Li chita nan anbiskad pou veye vil yo;
nan anbiskad yo, li Sòm 94:6touye inosan yo.
Zye li yo veye san bat sila ki pa gen espwa yo.
Li kache yon kote an kachèt tankou lyon nan nan kav li.
Li kache pou kenbe aflije yo;
li kenbe aflije yo lè l rale mennen yo rive nan pèlen Sòm 140:5an.
10 Li akwoupi, li pare kò l;
konsa malere a vin tonbe
pa grif pwisan li yo.
11 Li pale a tèt li: Sòm 10:4“Bondye bliye.
Li kache figi Li; Li p ap janm wè sa.”
 
12 Leve O SENYÈ!
O Bondye, Sòm 17:7leve men Ou wo!
Pa bliye aflije yo!
13 Poukisa mechan an te meprize Bondye?
Li te di nan tèt li: “Ou p ap egzije m sa”.
14 Ou te wè sa, paske Ou te wè kont
mechanste ak agase moun pou pran sa an men.
Malere a ap depann de Ou menm;
Se Ou ki konn ede Sòm 68:5òfelen an.
15  Sòm 37:17Kase bra a mechan yo avèk malfektè a!
Dekouvri mechanste li yo jiskaske
Ou pa twouve l ankò.
16 SENYÈ a se Wa a pou tout tan!
Det 8:20Nasyon yo va peri disparèt de peyi Li a.
17 O SENYÈ, Ou te tande Sòm 9:18dezi a enb yo;
Ou va ranfòse kè yo, Ou va enkline zòrèy Ou,
18 pou bay jistis a òfelen an avèk Sòm 9:9oprime a,
pou lòm ki mache sou tè a, pa koze laperèz ankò.

10:1 Sòm 22:1

10:2 Sòm 7:16

10:3 Sòm 94:3

10:4 Sòm 14:1

10:6 Rev 18:7

10:7 Wo 3:14

10:8 Sòm 94:6

10:9 Sòm 140:5

10:11 Sòm 10:4

10:12 Sòm 17:7

10:14 Sòm 68:5

10:15 Sòm 37:17

10:16 Det 8:20

10:17 Sòm 9:18

10:18 Sòm 9:9