22
Pou direktè koral la, avèk mizik bich granmaten an;
Yon sòm David.
1 ✡ Mat 27:46Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa Ou
te abandone m?
Kri a doulè sa a lwen delivrans mwen.
2 O Bondye mwen, mwen ✡ Sòm 42:3kriye pandan lajounen;
men Ou pa reponn.
E nan lannwit men m pa jwenn repo.
3 Sepandan, Ou sen; Ou menm ki ✡ Det 10:21sou twòn
lwanj pèp Israël la.
4 Nan Ou menm, zansèt nou yo te mete konfyans yo.
Yo te mete konfyans yo nan Ou,
E Ou te ✡ Sòm 107:6delivre yo.
5 A Ou menm, yo te kriye e yo te delivre.
✡ És 49:23Nan Ou, yo te mete konfyans yo,
epi pa t desi.
6 Men mwen se yon ✡ Job 25:6vè, mwen pa menm yon moun;
Parèt abominab devan lèzòm,
E meprize pa tout moun.
7 Tout moun ki wè m vin moke mwen;
Yo ✡ Mat 27:39separe avèk lèv yo e yo
souke tèt yo pou di:
8 Mete konfyans ou nan SENYÈ a.
Kite Li menm delivre li;
Kite Li sove li, paske Li pran plezi nan li.
9 Sepandan, Ou menm se Sila ki te
fè m sòti nan vant manman m nan;
Ou te fè m gen konfyans depi m
t ap souse tete manman m.
10 Sou Ou, mwen te depann ✡ És 46:3depi nesans mwen;
Ou te Bondye mwen depi nan vant manman m.
11 ✡ Sòm 71:12Pa rete lwen mwen, paske gwo twoub la toupre;
Paske nanpwen moun ki pou ede m.
12 Anpil towo vin antoure m;
Towo fò a ✡ Det 32:14Basan yo te ansèkle m.
13 Yo ouvri bouch yo byen laj sou mwen,
Tankou yon ✡ Sòm 10:9lyon voras k ap rele fò
14 Mwen vin vide tankou dlo,
Epi tout zo m fin dejwente;
15 Fòs mwen vin sèch tankou cha kanari,
Epi lang mwen kole akote nan bouch mwen,
Epi ✡ Jn 19:28Ou fè m kouche nan pousyè lanmò a.
16 Konsa, chen yo vin antoure mwen;
Yon bann malfektè vin ansèkle m;
Yo te ✡ Mat 27:35pèse dwat mwen avèk pye m
17 Mwen kab kontwole tout zo m yo.
Yo ✡ Luc 23:27-35gade mwen, yo fikse zye yo sou mwen;
18 Yo ✡ Mat 27:35divize rad mwen pami yo,
epi pou vètman m, yo tire osò.
19 Men Ou menm, O SENYÈ, pa rete lwen;
Ou menm, sekou mwen, ✡ Sòm 70:5fè vit, vin rive ede m.
20 Delivre nanm mwen devan ✡ Sòm 37:14nepe a,
lavi mwen devan pouvwa a chen an.
21 Fè m sekou soti nan bouch a ✡ Sòm 22:13lyon an;
soti sou kòn a bèf mawon, Ou menm
reponn mwen.
22 Mwen va ✡ Sòm 40:10pale non Ou a frè m yo;
Nan mitan asanble a, mwen va louwe Ou.
23 ✡ Sòm 135:19-20Ou menm ki krent SENYÈ a, louwe Li;
Nou tout, desandan Jacob yo, bay Li glwa,
Epi kanpe byen sezi devan L,
Nou tout, desandan Israël yo.
24 Paske Li pa t meprize ni
rayi afliksyon a aflije yo;
Ni Li pa t kache figi Li a li menm;
Men ✡ Sòm 31:22lè li te kriye a Li pou sekou,
Li te tande.
25 Se depi a Ou menm ke lwanj mwen sòti
nan gran asanble a;
Mwen va ✡ Sòm 61:8akonpli ve mwen yo
devan sila ki krent Li yo.
26 Aflije yo va manje e ✡ Sòm 107:9va satisfè;
Sila ki chache Li yo, va louwe SENYÈ a.
Ke kè Ou kapab viv jis pou tout tan!
27 Tout ✡ Sòm 2:8ekstremite tè a nèt va sonje
e va vire bò kote SENYÈ a,
Epi tout fanmi nan nasyon yo va
adore devan Ou.
28 Paske ✡ Za 14:9wayòm nan se pou SENYÈ a,
Epi pouvwa Li se sou tout nasyon yo.
29 Tout moun ✡ Hab 1:16ki byen reyisi sou latè va manje
e adore;
Tout sila ki desann nan pousyè a
va bese devan Li,
Menm sila ki pa kab fè nanm li viv la.
30 Yon desandan va sèvi Li;
yo va pale de SENYÈ a
a ✡ Sòm 102:18jenerasyon k ap vini an.
31 Yo va vini e va deklare ladwati Li
a yon pèp ki ✡ Sòm 78:6va vin fèt, ke
Li te reyisi fè tout bagay sa a.