61
Pou direktè koral la; sou yon enstriman a kòd; Yon Sòm David
Koute kri mwen, O Bondye.
Prete atansyon a lapriyè mwen.
Soti nan dènye pwent latè,
mwen rele Ou lè kè m fèb;
Mennen mwen sou wòch
ki pi wo pase m nan.
Paske Ou te yon refij pou mwen,
yon fò ki wo,
yon gran fòs kont lènmi yo.
Kite mwen Sòm 23:6 rete nan tant Ou an jis pou tout tan.
Kite mwen pran refij anba zèl Ou.
Tan
Paske Ou te koute ve mwen yo, O Bondye.
Ou te ban mwen eritaj a sila ki Det 28:58 gen krent non Ou yo.
Ou va fè lavi a wa a byen long.
Ane li yo va tankou anpil jenerasyon.
Li va abite devan SENYÈ a jis pou tout tan.
Senyè, bay li Sòm 40:11lanmou dous avèk verite pou li kapab andire.
Konsa, mwen va chante lwanj Ou jis pou tout tan.
Konsa, m kapab peye ve mwen yo jou apre jou.

61:4 Sòm 23:6

61:5 Det 28:58

61:7 Sòm 40:11